Page 1 sur 1

ANN SOVE AYITI

Publié : dimanche 20 avril 2008 14:30
par granpapoo
ANN SOVE AYITI

lanmizè pa dous
ann sove Ayiti
ann sove lasous
dlo moun pèp ak kilti
lanmizè pa dous
ann sove Ayiti
ann kouri nan kous
pral sou chwal libèti

lanmizè vin' fòl
ann sove Ayiti
de mo kat pawòl
ba Tousen Louvèti
lanmizè vin' fòl
ann sove Ayiti
nan mitan kreyòl
tanlontan tanjòdi

lanmizè doulè
ann sove Ayiti
rive lè pranfè
jouk labe ap manti
lanmizè doulè
ann sove Ayiti
rive lè pranfè
jou san pen sapristi !

lanmizè vin' lèd
ann sove Ayiti
men nou kenbe rèd
pou l pa jenmen moli
lanmizè vin' lèd
ann sove Ayiti
pyès lèspwè pa pèd'
lè kreyòl yo yonni

lanmizè pa dous
ann sove Ayiti
ann sove lasous
dlo moun pèp ak kilti
lanmizè pa dous
ann sove Ayiti
ann kouri nan kous
pou kreyòl yo yonni !

Re: ANN SOVE AYITI

Publié : mercredi 21 octobre 2009 04:47
par jorby
e moin ta renmain conin ou ecri pa jam bliye ki cote moin soti et pou ki sa moin la san faute meci ampli

Re: ANN SOVE AYITI

Publié : lundi 22 février 2010 17:12
par kenn
8) Sovtaj Haiti apou depann ova ti efor tou piti, tou zing ke chak grenn moun ava fè, bienveyantman, chak grenn jour bondieu mete e ke yon moun gen privilèj ka viv li. :idea:

Re: ANN SOVE AYITI

Publié : samedi 27 mars 2010 23:34
par ptitemariam
Mèsi poutèt ou. bèl powèm. :cry: