Ayiti bezwen yon sovè

Partage entre internautes
Répondre
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 143
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

Ayiti bezwen yon sovè

Message par kelita »

Tankou Jezi Kri te fè,
Nan tan Kayife, Pilat ak yon pakèt bouwo ki te gen pouvwa sou latè,
Li te aksepte koube l byen ba jiska tè,
Lage lavi l anba men yon kolòn sòlda sanginè,
Atoufè, san pitye, san kè.

Yo bat li, maltrete l ,imilye l, se pa t sa l te wè,
Li te kenbe kè.
Dechire rad li, souflete l, depoze yon gwo kwa lou
Sou zèpòl li, jis y al krisifye l sou mòn kalvè.
Tout sa se te yon mannyè
Pou l sove limanite antyè,
Tout sa se te yon mannyè
Pou l ede nou wè klè,
Leve n byen wo sòti anba mizè
Nou menm pechè.

Jodiya plis ke jamè
Menm jan Jezi Kri te fè,
Ayiti bezwen yon sovè,
Pou vin delivre l anba move kalvè,
Anba rengn chimè ak malfektè
Ki anpeche l jwenn ak chans li,
Ki anpeche rèv li jwenn bout li ;
Se pa ni jodiya, ni plis ke yè,
Nou pa konnen depi ki lè,
Ayiti sou chimen, l’ap chèche yon sovè,
Pou ede l woule al lage nan fon lanmè,
Gwo wòch ki bare kavo kote lespwa l repoze,
Paske li bouke, li vle resisite menm jan ak Kris la
Pou l sòti nan tonbo a,
Menm si se pa apre twa jou,
Menm si sa ta reyalize desanzan apre l fin wè jou,
Ayiti ak lespwa, mèt espere toujou.
Répondre