Ki manman sa?

Partage entre internautes
Répondre
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 141
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

Ki manman sa?

Message par kelita »

Pitit se nèf mwa
Nan vant tout manman pote sa,
Pou akouche se anba rèl,
Pouse, fok gen kouray, fok gen fyèl.

Lè l soti nan de pla men toutouni
Yon ti rèl, yon ti kriye, epi apre yon ti souri.
Se yon kado , yon bijou, yon espwa ki parèt,
Yon kretyen vivan tou nèf ki fèt,
Yon mistè, yon chè ki soti nan chè,
Yon zetwal ki fenk klere,
Yon pwodwi linivè
Ki komanse jème nan zantray late,
Li pote lajwa, li pote kè kontan nan kay la.

Men gen manman
Ki depi nan vant,
San l poko pouse men nip ye,
Mache derasinen l tankou yon kout pikwa,
Efase l, elimine l tankou yon kout zèklè,
Pitit yo tap pote
Paske yo derefize l , paske yo pa vle pran responsabilite.
Yo te kontan jwe, griyen dan
Lè sa te bon,
Men yo pran tranble, yo voye pye
Lè ti jèm sa tonbe.

Gen manman ki konsanti fè l
Finn pase mizè, pran doulè,
Epi nan lopital yo veye, mare pakèt yo ale,
Yon ti bebe, yon inosan, yo abandone.

Gen manman, sou pil fatra,
Bo lari a, yo depose l.
Gen manman ki lage l bay yon atranje
Osinon yon fanmi kap maltrete l.
Gen manman manfouben,
Ki pa pran swen ni okippe pitit,
Ki pa janm la lè li bezwen,
Se abiye, soti, makiye al pran plezi.

Yon pitit kap soufri,
Ak men l l ap siye dlo ki nan je li,
Li ta renmen afeksyon manman, men elas!
Li pa ka jwenn ni.

Gen manman ki lakoz pitit pèdi nan bay madichon
Gwo solèy midi.
Gen manman kay ougan ki al vann yo pou ranmase lajan.
Gen manman ki nan tout kafou ap likide yo,
Fè moun pou yo olye yo pale ak yo,
Yon mannyè pou konpprann yo.
Sa ki pa abiye yo, nip eye lekol pou yo,
Yo sal nan tout fatra ap cheche manje yo.

Konbyen ti bebe
Yo ansasine
Yo pa mmenm gen tan wè soley leve?
Konbyen sa ki fèt yo abandone?
Konbyen nan y oak moun yo rete?
Konbyen ki llage nan lari tou piti ap mande?
Konbyen yo vann pou lajan, yo likide?
Konbyen k ap soufri, yo pa voye je gade?

Yon bann manman manfouben
Yon bann manman ki ppa gen kè nan men,
Yon bann manman san konssyans,
Yon bann manman ki bay degoutans.

Men erezman
Nan pye lakwa
Jezi pa t kite nou ofelen,
Li te ba nou yon manman,
Yon manman ki menm ja nak tout manman.
Yon manman ki konn renmen,
Yon manmaan ki gen kè nan men,
Yon manman lè n ap soufri, pou nou zantray li ap senyen.
Yon manman ki gen konsyans,
Yon manman ki gen pasyans.
Yon manman ki pote n nèf mwa nan vant,
Ki pran swenn, ki pran ka n, karese n, dolote n,
Edike n, ofri n tout sa n vle
Pou sou tè sa anyen nou ppa manke
Yon manman ki pa manfouben,
Ki pa lage n lè n ap plenyen.
Kisa n tap fè nan lavi sa
Si Jezi pa t ba nou manman sa?
Kisa n tap fè nan lavi sa
Si BONDYE pa t Fè chwa sa?
Yon chwa ki gen tout enpotans li,
Yon potomitan ki kanpe la
Nan mitan pot kay lavi nou sou tè sa.

Yon manman ki pa vle n pran chemen plezi
Yon manman ki pa vle n pèdi,
Yon manman ki gen mayi l nan soley, k ap veye lapli,
Yon manman k ap defann ni,
Lè pou l ki ta soti kote yo soti,
Ta konprann pou l vinn ak bèk li, beke pitit li,
Yon mmanman ki pa vle n tonbe nan erè
E k ap ede pitit li grandi nan lafwa
Jouk li va pare pou l kite tè sa.
Répondre