Ki lè n ap gen lapè ak sekirite toutbon an ?

Partage entre internautes
Répondre
PEPSI
100 Posts
100 Posts
Messages : 148
Inscription : mardi 08 mars 2011 00:08
Localisation : Florida, USA
Contact :

Ki lè n ap gen lapè ak sekirite toutbon an ?

Message par PEPSI »

Ki lè n ap gen lapè ak sekirite toutbon an ?


Pandan plizyè milye ane, linivè te nan latrankilite e nan lapè.
Te gen ekilib nan tout kreyasyon vizib ak envizib.
Lè Bondye kreye Adan e Èv, Lèzanj panse yo te nan rèv
Telman latè tounen yon jwayo. Disyèl, yo tout bat bravo

Lanati t’ap bay bonfwi e lèzòm te rejwi nan joli paradi.
Kò selès yo an mouvman, pajanm gen deranjman , ni aksidan
Yo tout obeyi. Yo mache selon lwa Jewova te mete
Bondye gen fidelite, li vle Lapè ak sekirite pou tout limanite

Malerezman, engratitid mete pye. Kesyon souverènte soulve
Youn nan zanj yo vin jalou, li vle adorasyon tou.
Li mete lèzòm nan traka nan dezobeyi lwa Jewova.
Satan avegle yo, yo vin wòklò. Fòmil lapè a, pa pou yo ankò.

Lè se pa kriye adwat agòch, se koripsyon ak banbòch.
Latè tounen yon chanbatay, moun mouri kou yon pay.
Malgre tout efò Bon sèvitè, se lavemen siye atè.
Jodi a se griyen dan ak zanmitay, demen se kout dan ak mitray

’’Lapè ap blayi jiskaske lalin la pa la ankò ‘’ se sa Labib di
Lapè te blayi nan tan lontan, lapè ap refleri ankò pou toutan
Kri lapè a ap vini talè konsa. Se pral Jou Jewova
Babilòn ap detwi. Pou zanmi l yo, se yon kou kidi.

P’ap genyen ni Ala, ni Santa, ni Danmbala, ni Bouda
Ni Pèpap k’ap chape nan destriksyon ki gen pou rive.
Pèp Bondye a ap nan sekirite, Satan ap fache.
Li konprann l’ap vin pran piyay, pou l vin fè maspinay ?

Li pran nan CHO, Jewova pral batay pou Pèp li yo
L’ap deklanche Lagè Amagedon pou touye tout Pogongon.
Satan pral pran nan Kòd, ansanm ak Demon l yo ki nan dezòd
Pral gen Lapè, libèLibè, nan yon Bonè pafè.

Depi peche Adan, jiskaprezan, lapè disparèt tikraspatikras soulatè.
Li pral retounen sanpèditan, non pa, avèk dirijan pisan enpafè,
Men grasa Jezi, Prens lapè, ki nan syèl. Alò, atoujamè,
Nou pral nan lindemyèl avèk lapè menm jan ak lòt kreyati nan linivè.
Dernière modification par PEPSI le vendredi 02 septembre 2016 18:15, modifié 3 fois.
Je ne vise personne en particulier

Mes écrits sont un champ de loisirs.
Chaque lecteur trouvera son coin de plaisir.
Ma plume est à la fois Douce et Amère ;
Elle rend la pensée légère
A tous ceux dont le cœur
Trime à exposer sa splendeur.
Jephthe
New entry
New entry
Messages : 1
Inscription : mercredi 15 juin 2016 07:22
Localisation : santiago de los caballeros
Contact :

Re: Ki lè n ap gen lapè ak sekirite toutbon an ?

Message par Jephthe »

le nou chwazi met tet nou ansanm poun viv tankou frere ak soeur... youn respekte lot, patage nan saw gnyen ak sa yo kipa genyen..
Répondre