Kòman nou ka sove lavi ke nou resevwa kòm kado ?

Partage entre internautes
Répondre
PEPSI
100 Posts
100 Posts
Messages : 148
Inscription : mardi 08 mars 2011 00:08
Localisation : Florida, USA
Contact :

Kòman nou ka sove lavi ke nou resevwa kòm kado ?

Message par PEPSI »

Piske lavi se yon kado Bondye bay, poukisa nou dwe travay pèsonèlman pou nou ka sove
(Wom. 6:23 ; Fil. 2:12)

Yon otè Ayisyen te ekri :
<< Lavi se yon kado, ou byen yon eritaj , ki lòske li pran laj, li tounen frè jimo ak bonè e malè pou l mete w nan chalè. Li vini yon byenèt lèl twouve yon bon mèt karese l, pwoteje l menmjan ak yon bout lò pou vòlò pa chipe l e mete l san trezò. Li ka yon dezonè lè w pran l san enpòtans. Li vin pa genyen sans. Li pèdi tout frechè. Li sanble ak yon fwi yo bliye kap pouri. >>
Ide sa a sanble ak sa Pòl te di nan Wom. 6:23 ; Fil. 2:12. Ann li 2 pasaj sa yo :
Wom 6 :23 : <<Paske, sa yon moun jwenn pou peche l fè se lanmò, men kado Bondye bay se lavi ki pap janm fini an grasa Kris Jezi, Seyè nou an >>
Fil2 :12 : << Se poutèt sa, byenneme m yo, jan nou toujou obeyi, nonsèlman lè m la, men kounye a plis toujou pandan m pa la, kontinye travay pou pwòp delivrans nou, avèk krent ak anpil respè. >>

San plent, avek kè kontan e nan lapè, nou jwenn lavi pou granmèsi. Demèm, ak krent e anpil respè, nou dwe travay di pounn kenbe l anvi. l
Ojis, chak imen, chak moun sou latè dwe pran anmen antretyen vi l ak zanmi l pou demen vin pibyen. Travay sila , sepa nenpòt kèk chay. Byen ke se yon kesyon de raparasyon, e pwoteksyon, li mande anpil tan, konesans , devouman ak pasyans. Annenmo, se pa yon similak, se yon constriksyon dyak sou dyak.
Konstriksyon sa a ligenyen alatèt, Jewova, Achitek et gran Mèt la . Noumenm se ouvriye kap bati e ede lòt moun avèk pasyans pou vin yon apranti e fòmen yon kokennchenn kòve pou monte ak enèji kay sila a ki pral sèvi pou delivrans chak travayè ki pa montre yo demeplè.

Alòs, nou dwe mande nou ak ki kalite materyo konstriksyon nap bati ? Ann li 1Kor 3 :12 :
<< Kounye a , si yon moun bati sou fondasyon an ak lò, ak ajan, ak pyè presye, epi yon lòt bati ak bwa , ak zèb sèch oswa ak pay, >>

Bon konstriksyon dwe fèt ak materyo rezistan ki pap bakfaya. Jodi a nap itilize bon konesans nan la bib, pawòl Bondye ki gen plis enpòtans pase lò e tout lòt metal presye. Tout lòt zèv, tout lòt materyo lèzòm pran pou konstri, sanble ak sila ke dife, siklòn ak < tònedo > apfè aktyèlman o zetazini ki pa kenbe anba zeprèv sa yo.
Frèm ak Sèm,
Kòm nou tout konnen , pagen travay ki pa gen pwoblèm. Gwo chantye sa a, mache sou sipèvisyon Jewova. Pwovèb 15 :3 di : » Je Jewova tout kote. « Nou bezwen proteksyon l, fòs e kouraj . Mechan an ansanb ak pil vagabon l yo, ki rele Satan e demon, vle bouche je nou pou l vòlè zouti nou poun sispann konstri. Erezman , Jewova founi nou mwayen pounn jwenn bon jan zam pounn pwoteje nou e delivre nou . Se ide sa ki nan Ef 6 : 10-19 ki montre ke nou dwe pote kèlke zam ki pa chanèl, men yo spirityèl, pounn defann nou kont Mesye sa yo ki dan lèzè. -- Na li pasaj sa yo lakay nou. – Ef 6 :10-19 –

Yon konstriksyon, menm si l te gwo, li te rampli tout yon zòn, li pa reprezante anyen si li pa Bèl. Gade zèv Jewova, gade kòman yo bèl ! Èske se pa elèv li nou ye ? Solèy la se yon mèvey ! Gade byen nan maten, Voye je w nan fenèt ! Wap wè piwèt, ak zye dou soley la sou do mòn nan ki pare pou l di bonjou ak lanmè e tout branch fèy ! Kontanple lè solèy ap di orevwa pou bay plas a lalin kap voye yon ti bonswa ! Zetwal, lamè, montay ak tout flè ! Byen ke yo pa pale, yo louwe Kreyatè Jewova. Zèv li montre kisòt de Dye ke li ye. Èske nan travay konstriksyon, predikasyon Bònn nouvèl la nap Fè a nou mete tout kò nou ladann , nou remèt yon bon kalite travay , yon bon bagay ? Ann li pasaj sa :
Pwovèb22 : 29 << Moutre m' yon nonm ki gen ladrès nan sa l'ap fè. Se moun konsa k'ap rive travay ak chèf. Li pa pral travay ak moun ki pa anyen >>
Èske zèv nou yo bèl , èske yo bay Jewova louanj menm jan ak lèzanj e tout lòt bagay yo ki nan syèl la ? Éske nou pran swen kò nou ? Éske nou se yon sous jwa , rekonfò pou frè nou ak vwazinaj yo ? Èske nou mete cham nan pawòl nou ? Èske nou kontan lè nap delivre mesaj wayòm nan . Ezayi 65 :18 di ke pou nou dwe gen kè kontan. Ansòm, Gran Mèt la, Bondye ki ére a, vle ke nou imite l nan konstri bèl bagay. Matye 5 :48 di : « kidonk, nou dwe pafè menm jan Papa nou ki nan syèl la pafè « .

Anfen, zanmi m yo ! Lavi se yon kado. Nou dwe travay di poun kenbe l dyanm selon tras Seyè a :Kris Jezi . Mete bon chalè ladann. Mete chalè non pa pou n chifonnen l , maspinen l , pou l deperi menm jan ak yon fwi yo bliye kap pouri. Nou dwe kontinye konstri, anbeli, netwaye e wouze nan confyans ak andirans .
Menm si tan an di, pa lage ! Bondye ki plen lanmou an, pap kite nou soufri pou toujou. Louye l !Adore l ! Alò nou sèten ke nap rete kin sou tè a paseke Dye pa konn fè lasisin.
Dernière modification par PEPSI le mercredi 23 avril 2014 20:18, modifié 1 fois.
Je ne vise personne en particulier

Mes écrits sont un champ de loisirs.
Chaque lecteur trouvera son coin de plaisir.
Ma plume est à la fois Douce et Amère ;
Elle rend la pensée légère
A tous ceux dont le cœur
Trime à exposer sa splendeur.
kenn
100 Posts
100 Posts
Messages : 155
Inscription : mardi 10 avril 2007 17:01
Localisation : CANADA

Re: Kòman nou ka sove lavi ke nou resevwa kòm kado ?

Message par kenn »

Bon bagay.
KENN
woreirsis
New entry
New entry
Messages : 1
Inscription : mardi 03 février 2015 07:33

Re: Kòman nou ka sove lavi ke nou resevwa kòm kado ?

Message par woreirsis »

Un foetus existe comme un coeur ou un poumon. Il ne vit pas. Il existe. Vivre, c'est après la naissance. Extraies un poumon d'un corps humain, c'est une masse de chair inerte sans vie. Il existe tant qu'il est dans le corps. Sortit du corps, c'est une masse de chair sans vie. C'est la même chose pour un foétus libéré trop tôt du corps de la mère.
We are the pioneers in providing learnalanguage.com dumps and learn swedish tutorials with exam pass guarantee. Download our latest testkingccie mines.edu questions to pass real exam
Alain13
New entry
New entry
Messages : 2
Inscription : mercredi 11 février 2015 11:48

Re: Kòman nou ka sove lavi ke nou resevwa kòm kado ?

Message par Alain13 »

Répondre