LANBI
Lanbi se yon bon nouriti
Se manje mounn ki travay di.
Li pa vann bon pri.
Reskiyè mache nan tout seremoni,
Yo fè rale vini, fè moun ri
Nan ti blag ak pwezi
Pou yo manje plis pase tout lòt zanmi.
Lanbi gen zen :
Pwodi ki pap fè’w fennen.
Li bon pou maladi ren
Ansanm ak zwazo ki deplimen
Mhh ! Pawòl tou limen-an , m’pa konnen.
Antouka, li ta fè di byen
Pou tout gadyen kap pran gòl amen.
Famasi kap simiyen ti grenn, ta resi fèmen.
Boss Sipriyen
Ta va woule paten l tout la jounen.
Soley ta enfen limen
Pou tout toutrèl ki nan plenyen.
Mhh !!! Sispan fè zen !!!
Lanbi santi bon lè lap bouyi
Pi rèd ankò lèl anba gri.
Ou kap manje’l ak diri,
San bliye yon ti bannan’n fri.
An ayiti, mounn ki sou plezi,
Sèvi lanbi nan yon ti kwi.
Lanbi bay gwo enèji ;li pa bay alèji .
Devan lanbi tout maladi ale dòmi.
Lanbi pa nan plezantri.
Pou fèt kenbe bon souvni,
Moun lespri
Mete yon ti lanbi nan meni,
Tout envite ap vayi souli.
Yo pap menm santi sil te tou piti.
Lanbi, se nouriti sitwayen dayiti
LANBI
-
- 100 Posts
- Messages : 148
- Inscription : mardi 08 mars 2011 00:08
- Localisation : Florida, USA
- Contact :
Re: LANBI
LANBI
Lanbi se yon bon nouriti
Se manje mounn ki travay di.
Li pa vann bon pri.
Reskiyè mache nan tout seremoni,
Yo fè ralevini, fè moun ri
Nan ti blag ak pwezi
Pou yo manje plis pase tout lòt zanmi.
Lanbi gen zen : Pwodi ki pap fè’w fenyen.
Li bon pou maladi ren
Ansanm ak zwazo ki deplimen.
Mhh ! Pawòl tou limen-an, m’pa konnen.
Antouka, li ta fè dibyen
Pou tout gadyen kap pran gòl amen.
Famasi kap simayen ti grenn, ta resi fèmen.
Boss Sipriyen ta va woule paten l tout la jounen.
Solèy ta anfen limen pou tout toutrèl ki nan plenyen.
Mhh !!! Sispan fè zen !!!
Lanbi santi bon lè l ap bouyi
Pi rèd ankò lè l anba gri.
Ou kap manje l ak diri,
San bliye yon ti bannann fri.
Annayiti, mounn ki sou plezi,
Sèvi lanbi nan yon ti kwi.
Lanbi bay gwo enèji ; li pa bay alèji .
Devan lanbi, tout maladi ale dòmi.
Lanbi pa nan plezantri.
Pou yon fèt kenbe bon ti souvni,
Moun lespri mete yon ti lanbi nan meni.
Tout envite ap vayi sou li.
Yo pap menm santi si l te tou piti.
Lanbi, se nouriti sitwayen Dayiti
Lanbi se yon bon nouriti
Se manje mounn ki travay di.
Li pa vann bon pri.
Reskiyè mache nan tout seremoni,
Yo fè ralevini, fè moun ri
Nan ti blag ak pwezi
Pou yo manje plis pase tout lòt zanmi.
Lanbi gen zen : Pwodi ki pap fè’w fenyen.
Li bon pou maladi ren
Ansanm ak zwazo ki deplimen.
Mhh ! Pawòl tou limen-an, m’pa konnen.
Antouka, li ta fè dibyen
Pou tout gadyen kap pran gòl amen.
Famasi kap simayen ti grenn, ta resi fèmen.
Boss Sipriyen ta va woule paten l tout la jounen.
Solèy ta anfen limen pou tout toutrèl ki nan plenyen.
Mhh !!! Sispan fè zen !!!
Lanbi santi bon lè l ap bouyi
Pi rèd ankò lè l anba gri.
Ou kap manje l ak diri,
San bliye yon ti bannann fri.
Annayiti, mounn ki sou plezi,
Sèvi lanbi nan yon ti kwi.
Lanbi bay gwo enèji ; li pa bay alèji .
Devan lanbi, tout maladi ale dòmi.
Lanbi pa nan plezantri.
Pou yon fèt kenbe bon ti souvni,
Moun lespri mete yon ti lanbi nan meni.
Tout envite ap vayi sou li.
Yo pap menm santi si l te tou piti.
Lanbi, se nouriti sitwayen Dayiti
Je ne vise personne en particulier
Mes écrits sont un champ de loisirs.
Chaque lecteur trouvera son coin de plaisir.
Ma plume est à la fois Douce et Amère ;
Elle rend la pensée légère
A tous ceux dont le cœur
Trime à exposer sa splendeur.
Mes écrits sont un champ de loisirs.
Chaque lecteur trouvera son coin de plaisir.
Ma plume est à la fois Douce et Amère ;
Elle rend la pensée légère
A tous ceux dont le cœur
Trime à exposer sa splendeur.