kreyol pa avadra!

Partage entre internautes
Répondre
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 141
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

kreyol pa avadra!

Message par kelita »

Nan yon ti konvèzasyon
Lòt jou-m te genyen
Ak nèg lespri
Li fè-m konnen
Kreyol se pa lang
Se moun sòt
Se moun san sèvèl
Se moun gwo zòtèy
Se yo ki pale kreyòl
Franse se lang pwenti
Lang limena
Lang moun lespri
Lang moun kap soutni pwotokòl
Lang moun ki ka pran lapawòl
Lang moun ki gen relasyon
Lang moun kap taye banda
Lang moun kap mache sou pwent pye
Talon pa touche tè

Li se ayisyen
Mwen se ayisyen
Lap pale an franse
Map pale an kreyòl
Men li pa konprann
Li pa konprann
Ke-m konprann
Li pranm pou egare
Li pranm pou yon krebete
Yon moun lap chache kabre
Retire nanm li sou li ak gwo kout fraz an franse

Se tande-m tande
Se wè m wè
Se gadem gade
Ak de je-m byen kale
Ti nèg nwè gwo soley cho
Ap jete sou pil fatra
Ap pase pye sou tout twotwa
Lang majorite pèp la pale
M pa konprann

Kreyol, yon lang ki pa pè chay
Yon lang ki pa nan ipokrit
Yon lang ki pa nan kache lonbrik
Yoin lang ki pa nan voye wòch kache men
Yon lang ki kare pase ba savon
Yon lang ki pa nan magouy
Alò m pa konprann !

Ou pran franse fèl sèvi dra
Pou kouvri tout magouy wap fè anba anba
Ou pran franse fèl sèvi kouvèti
pou bay pèp la manti
ba-l manje, manje rechofe, vye pwa si
ki pou gonfle-l fèl pèdi nanm li
Pale, fè bèl diskou an franse
Majorite pèp la pa konprann ni

Se kreyòl ki lang lakay
Se kreyòl ki lang batay
Se kreyòl ki lang konbit
Se kreyòl ki lang tout pitit
Kap lite lejounen kou lannwuit
Pou soley lavi klere
Nan mitan kalfou kote fè nwa blayi
Kreyòl lang manman-m , lang papa-m, lang pa-m
Yon lang ki gen bwa dèyè bannann ni
Yon lang ki gen nen nan figi-l
Yon lang ki pa pote jipon-l pou bèl brete-l
Yon lang ki pa pitimi san gadò
Ki gen je toupatou nan lemonn antye kap veye sou li
Yon lang ki gen manman ak papa
Aprann sa jodia ti papa
Kreyòl pa avadra !
kenn
100 Posts
100 Posts
Messages : 155
Inscription : mardi 10 avril 2007 17:01
Localisation : CANADA

Re: kreyol pa avadra!

Message par kenn »

Se yon kestion m'ka poze tet a mwen depui m'te tou piti : konnen si yon jour haitien ava suspann maltrete kreol. konm m'gen chans vweyaje nan kek lot peyi m' sav di kounie si kreolofôn ava suspann maltrete kreol pou gremersi? Maltrete kreol vle di maltrete moun ki gen espri a yo strukture ak leng lasa. Yon moun temet fin poliglot, ou tini yon leng ki douvan tout lot layo , i temet pa te leng skolarizasion a w ni leng a travay ki permet ou mete manje sou tab ba pitit a w. Na pwen bagay pi led pase 2 moun ki ka kreol k'ap utilize yon lot leng apar kreol pou yo ka komunike.Ampil lan nou tou gen move abitud ap evalue kapasite yon lot pou kapab chare aksantuasion a li obien move kognas i kapab fe. M'rankontre pluzier moun ki sorti saint-marc, gonaive, port-au-prince ki fe mwen konnen keu yo pa gen abilite kembe gro diskusion siantifik or filozofik an kreol me keu yo se entelektuel. sa t'a red pou yon neg ki ne New-York t'a di mwen i pa kapab kembe yon diskusion in english kantmenmsi i gandwa pa gen yon english high for that. Probableman, moun kon sa leur yo retournen nan kay yo, yo pa pwal nan parle ba grann or gran grann a yo ki se seul kreol yo konnen e yo se gro entelektuel!?
KENN
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 141
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

Re: kreyol pa avadra!

Message par kelita »

ou gen rezon kenn. gen anpil moun ki panse ke entèlektyèl se pale gwo franse, se pale plizyè lang pou moun pa konprann alos si se konsa li ta ye tout bon vre nou ta met di nou nan erè paske le ou pale fok kominikasyon an ka pase pou moun kap tande a tire yon bagay ki pozotif nan sa ke wap di ya.
fleurius marcnelson
New entry
New entry
Messages : 2
Inscription : mercredi 31 mai 2017 04:12

Re: kreyol pa avadra!

Message par fleurius marcnelson »

Bel pawòl kreyòl se lang pam mwen menm,m tèlman remen lang kreyòl anfen we mwen ki konnen.
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 141
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

Re: kreyol pa avadra!

Message par kelita »

se yon bagay mwen pa rive konprann pouki sa ayisyen natif natal tè d'Ayiti kontinye ap meprize yon lang ki rele yo chèmèt chèmètrès. Yo pè di si se ayisyen yo ye alòske fransè a, kanadyen an, ameriken an kote l pase li idantifye tèt li ak lang li, ak peyi l. Mwen wè pou anpil moun pale anpil lang vle di gen gwo konesans pou sa, sa vle di yo save, yo se filozòf men pou mwen pi gwo filozofi a se lè ou chèche konprann ki moun ou ye, nan chache pale kominike sa w santi ak lòt la ki sanble w ki soti nan menm peyi ak ou ki pale men m lang ak ou, ki pataje menm kilti ak ou ladann nou idantifye n kòm ayisyen k ap batay pou peyi nou chanje, pou n anbrase tout sa ki ini nou pou ansanm nou kontinye mache.
Répondre