kijan sa ta ye?

Partage entre internautes
Répondre
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 143
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

kijan sa ta ye?

Message par kelita »

Anba tout sa kap imilye n,
Anba tout sa kap prije n,
Anba tout sa kap piye n,
Anba tout sa kap fè dlo koule nan je n,
Anba tout sa ak kout frèt k ap kale n,
Kijan sa ta ye
Si n pat gen Bondye k ap veye n ?

Anba asasen,
Anba kamoken,
Anba dan reken,
Anba sendenden,
Anba chwal malen,
Kijan sa ta ye
Si n pat gen Bondye kap ede n?

Anba vòlè,
Anba piyajè,
Anba vyolè,
Anba raketè,
Anba eskanmòtè,
Anba dyòlè,
Anba chimè
Anba kidnapè
Kijan sa ta ye si pat gen Bondye
pou nou kap plede?

Anba san manman,
Anba agranman,
Anba medizan,
Anba malpalan,
Anba chalatan,
Anba jouman,
Anba kout dan,
Kijan sa ta ye
si Bondye pa tap voye je gade n ?


anba chen anraje,
anba rat mòde souffle,
anba move je,
anba rat do kale,
anba chen bout ke,
anba zago loray,
anba tout kalite tray,
anba mechan pa bò lakay,
kijan sa ta ye?

si Bondye pa t kanpe la bò kote n
pou n pa febli sou wout la ?
pou n kontinye batay la
kijan sa ta ye ?
ptitemariam
20 Posts
20 Posts
Messages : 29
Inscription : samedi 27 mars 2010 19:35

Re: kijan sa ta ye?

Message par ptitemariam »

j'adore
Image
Répondre