si m ap ekri

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 143
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

si m ap ekri

Message par kelita »

Si m ap ekri,
Se pa pou fè yon ti gwoup moun plezi,
Si m pran plim mwen m ap ekri zanmi,
Se pa pou montre ke m konn ekri,
Ke m gen bèl ekriti,
M p ap ekri pou m fè filozofi,
Ni pou m fè bèl demonstrasyon kaligrafi.

M ap ekri nan lespri
Pou m eksprime tout desepsyon m,
fristrasyon m fas ak yon peyi
Ki fin deperi, ki fin depafini.

Yon peyi ki ladann pa gen vi,
Yon pèp ki san zavni,
Yon jenès ki pa kwè gen espwa ankò pou li.

Yè swa ankò, li te minwi,
Ak yon plim nan men, nan mitan flanm yon bouji,
Mwen chita la m ap reflechi,
M ap reflechi pou m wè sa m ta di,
Kisa m ta ekri,
Epi, britsoukou, yon bagay vini.

Mwen kòmanse ekri,
Sa te fè m plezi,
Mwen te pran souri.
Sou fèy la m te ekri
Yon bann ak yon pakèt mo lespwa;
Se vre lè sa li te gen tan fè nwa,
Men flanm bouji a te klere tout kay la.
Li te jou deja,
Mwen pa t menm te remake sa,
Ak yon satisfaksyon, yon jwa
Mwen depoze plim nan la,
Mwen gade fèy la, m li, m ekzamine sa m ekri a,
Apre sa m depoze l ak lespwa,
Ke lè ma va li l pou tout sila yo ki dekouraje nan peyi a,
Tout sa k ap pote lavi a tankou yon kwa,
Ke menm jan ak Kris la,
Ya va pote laviktwa anba chay lou sa.
Répondre