chèz boure a

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 143
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

chèz boure a

Message par kelita »

Sa gen pase de syèk
Devan pa pòt lakou lakay
Yon bann nèg ak nègès ap defile
Abiye ak tout kalite koulè
Yo sòti toupatou,
Yo sòti nan tout kouch,
Yo gen divès opinyon,
Yo gen tout tandans,
Yo sòti nan plizyè pati’
Yo gen tout kalite amblèm,
Yap kalkile tout plan
Yo gen militan kap fè lòbi pou yo,
Yap defile sou la sèn,
Yo se aktè, yo se politisyen,
yo se mizisyen, yo se kandida
sou mach palè a yo vle grinpe monte
yon palè ki anba dekonm
ki paka konstwi depi apre douz janvye.
Yon teyat yo vinn jwe.
Chak lè eleksyon pral rive
Sou chèz boure a yo vle chita, vinn repoze

Yon chèz boure yap chèche
Yon chèz boure yap file
Pou sou li yo vinn chita
Kòm prezidan chèf leta
Yon chèz boure ki chita byen banda
Andedan yon palè
Pa fòs tranbleman de tè
Ki fè bèk atè
Ki pa ekziste ankò.

Yon chèz ak yon palè tout politisyen reve
Menm je klè
Divès kandida, plizyè pati, anpil tandans
Palè pa ekziste
Chèz boure a anba dekonm y al chèche l,
Paske fòk chèf leta chita,
Chita pou l pran fonksyon pou l dirije
Chita pou l pran pouvwa,
Chita pou l fè lalwa,
Chita pou l resevwa
Chita pou l deside pou peyi a,
Chita pou l reflechi ki jan l pral refonde, rekonstwi
Yon peyi ti Ayiti
Ki finn tounen zonbi
Nan gwo souflèt ak kalòt l ap resevwa
Anba gwo kòlè lanati.

Wi, fò l chita sou chèz boure a,
Ki la, ki pa kraze, Alelouya!
De men n, kat pye l dore, byen plante nan tè.
Kou katrann finn pase, kou zòt bouke chita,
Li leve fè pakèt li lale,
Sa pèmèt li rale yon gwo souf,
Bwè yon vè dlo sous.

Chèz la la, lap rete tann
Sa k ap vinn dèyè,
Kijan l ap ye,
Ki sa de bon l ap pote,
Paske l abitye wè
Tout kandida ki deja defile
Vinn chita sou li,
Ki byen bonbe,
Ki byen banda.
Kandida tout koulè
Tout fòm dèyè
Dèyè mens
Dèyè laj
Dèyè mèg
Dèyè gra
Dèyè kare
Dèyè won kon boul,
Paske se yon match k ap jwe,
pou chèz boure a pou yo vinn kalkile
ki pas ki pou bay
Pou boul la se nan filè pa yo li antre.

Yon chèz ki bouke,
Men sa w vle!
Li pa gen bouch pou l pale,
Ni li pa pwograme pou l refize
Ni pou l ta sonde kè
Ti nèg ak nègès kap vinn chita
Sou zantray li,
Li ta boude,
Li ta rele anmwe!
Li ta kòmanse sakaje,
Li ta manifeste
Ak tout lòt chèz li ta revandike
Pou l di sa sifi atò nou bouke!!
Se twòp atò nou p ap aksepte
Se li sèl ki ta gen lalwa chwazi
kiyès fanm oubyen gason li sonde kè,
sa li wè tout bon vre
kap vinn rebati, devlope,refonde, rekonstwi
men se pa ak zòt ki abiye ak vès mètdam, gwo kòl
fè bèl diskou, PEYI M SE PA M.
fè reklam di yo se pitit zantray la patri
epi anba anba kap vann ni,
ti kras pa ti kras prije l;
solisyon an pèp la t ap resi jwenn ni.

Men se yon chèz li ye,
Li pa ka pale,
Ni li pa pwograme pou l detekte
Ni sak bon , ni sak mechan,
Poul refize dèyè tout fòm, tout kalite,
Ki finn prete sèman pou sou li yo vinn chita,
Deside pou pi plis anfonse peyi a.

Li ta pran rele anmwe!,
Sote, ponpe, boude, manifeste,
Li ta fè bèk atè pliye kat pye l anba vant li
Konsa anpil kandida,
Ki vle dirije tounen chèf leta
Ta konnen
Sou ki pye pou yo danse
kijan pou yo chita,
kijan yo dwe chita
Anba chèz sa.
Répondre