M vle kwè toujou

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 143
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

M vle kwè toujou

Message par kelita »

Menm si pa bò isi
Se mizè, koripsyon, imiliyasyon,,
Desepsyon, grangou, kout baton,
Ki pote premye pri.

Menm si n ap viv nan yon peyi
Kote dezespwa, touman, fè nwa,
Fè pèp la mache tèt anba.

Menm si timoun yo pye atè, toutouni,
Yo pa ka al lekòl,yo pa jwenn bon jan nouriti
Ki pou nouri kò yo, lespri yo.
Granmoun yo se dlo nan jje,
Pa gen lespwa pou yon demen miyò.

Menm si se labou,
Dlo sal, mouch ak fatra
Ki sèvi n konpay nan batay n ap mennen
Chak jou nan tout peyi a pou chache lavi
Pou soulaje fanmi lakay…
Yon sèl bagay,
Mwen vle kwè toujou.

Mwen vle kwè ke lespwa pou sa chanje
Ekziste toujou,
Si jouk jounen jodi solèy la klere, li kouche
Ayiti ak lafwa va leve kanpe yon jou.

Pou sa k ap koute m, pa panse ke m fou
Se paske m an fas yon reyalite ki pi enpòtan
Ke sa nou ta panse,
Yon verite anpil moun sanble inyore,
Ke se sèl Bondye ki ka retire n nan sa n ye.

Menm si se baf n ap pran
Anba men piyajè, vòlè, eskanmòtè,
Malfektè, gran manjè ak sitirè
Ki anpeche motè lavi mache
Pou ti malere rale yon souf.

Menm si nan mitan kalvè soufrans nou
Lanati pa ban ou chans :
Nou pran kou ! nou pran kou !
Po nou chire,
Zo nan kò nou kase,
Kakòn jenou n pete,
Zantray nou ap dechire,
Chak jou Bondye mete se plis tray n ap pase,
Se plis pèt n ap anrejistre,
Se yon chay ki twò lou n ap pote,
Anba l nou pa ka pran souf, nou pa ka poze,
Nou fin kokobe.

Menm jenès la debousole,
Rèv li ak lespwa l fann an de,
Al aprann, se pa sa l ap kalkile,
Pou li se pèdi tan, anyen serye k pap regle.

Li se lavni,
E poutan mechanste ak move lavi
Anpeche l fè prèv li.
Mizè fòse l pran lari ;
Yon ti pay, yon ti krak,
Lekòl lage, jan l pase l pase,
Pa gen pèsonn vre k ap panse,
Tout sèvo krake,
Tout sèvèl gaye,
Se inosan k ap peye po kase.
Jenès la lage,
Li fè sa l vle ;
Peyi a menm bloke,
Pow ! yon grenn bal tire,
Touswit, se lavi ki kanpe.

Menm si anverite
Se konsa sa ye,
Ke mechan ap travay
Pou se konsa li toujou rete ;
Men m vle kwè toujou,
M vle kwè li pa twò ta pou sa chanje.
Se vre tout mou n ap mande kote sa prale,
Men lè l t ap kòmanse pèsonn pa t janm
Leve kanpe pou di se twòp, ase !

Mwen vle kwè nan bon jan ayisyen
Ki renmen peyi,
M vle kwè nan yon jenès ki djanm
Ke nenpòt ti bagay p ap fè l pèdi nanm.
Mwen vle kwè nan yon sosyete
Kote se pa divizyon ki se sèl kòk chante.
Mwen vle kwè
Nan moun ke lajan ni pouvwa
Pa kab achte pou fè lòlòj yo chavire.
M vle kwè nan moun k ap panse patri
K ap panse peyi,
Moun deviz yo se chanjman, tèt ansanm
Men nan men pou peyi a chanje figi.
Répondre