Mwen pap pale

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 143
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

Mwen pap pale

Message par kelita »

Mmmmmm m pa p di yon mo,
Mmmmmmmm kite m fè silans pito,
Mmmmmmm kite m plenn,
Mmmmmmm mwen we nou an devenn,

Mwen pa p pale
M ap rete gade
Se pa bèbè m bèbè
Ni se pa avèg mwen avèg mwen pa wè

Se mwen ki chwazi gade san pale,
Se mwen ki chwazi plenn,
Se mwen ki chwazi rete bèbè pou m pa pale,
Pou menm yon mo pa sòti nan bouch mwen.

Mwen fè silans pito
Pou m pa di yon mo,
Ni pou pesonn pa rache yon mo nan bouch mwen.

Pa pale se chwa pa m,
Plenn nan kè se rezon pa m,
Pesonn pa ka fòse m di yon mo,
Ni fòse m di sa m pa dwe di,
Ni di nan plas mwen
Sam pa t di yo di,
Ni sa ak bouch mwen mwen konnen mwen pa t di.

Nan sans sa pesonn pa ka pote m ale
Paske nan bouch mwen mwen pa t pale,
Mwen te pito rete san di yon mo,
Mwen te pito plenn nan kè m,
Mwen te pito kale je m ap gade pou m wè
Jan nou menm ti nèg nwè
Nou an devenn.

Si gen pou kwaze vye nèg o! Na wè anwo
Si chemen m ak chemen pa w
se menm kote ya l bout
pa bò isit mizè, grangou fè nou about
ak vye kò nou ki bouke pase mati
nou chèche lavi a menm kote l pa ye

ki kote lavi a ye
pou malere k ap bourike
anba gwo chay ki peze lou?

adye frè! Mache chèche
pa jenm dòmi san soupe
rete trankil se remèd kò
pa chèche konnen kijan ti jan
fè posede sa l genyen

Al chita sou ti chèz ba kay divinò
Se pase kontra pou yon ti bout tan ak lanmò
Lavi a bël se vre li kout
Konsa tou li ka long
Si w pa fè doubout ak kòw

Vye nèg pa vye chen
Se moun nou ye nou pa gen bout ke
Si w pa manje pwa
Poukisa menm pou w ap bay lapire

Mete men nan bouch sa difisil
Tout sa ki bon pa janm fasil
Tout bagay chanje
Aye pa jodi
Jodi pa ayè
Chak jou ki pase lavi a vinn pi anme
Solèy la leve pi ta
Lannwit vinn pi fè nwa

Nèg pè nèg
Jalouzi ak anbisyon
fè ti nèg vinn pi avèg
yo pa wè sa kap vini
yon kabrouèt kap degringole
soti anwo desann nan plenn.

yon deblozay pete,
batay mare,
kout woch voye,
tèt kase,
apre chay la pou nou tout pote.

wi vye frè nou kondane
menm si nou divize
pou nou chèche kolabore
pou bagay yo chanje
pou ti nèg jwenn manje
yon chenn solidarite
pou voye jete mechanste
an reyalite se sa n ap pote ale
sou tè sa nou pa vinn rete

si gen pou wè vye nèg o!
na kwaze anwo
lè chemen pa w ak chemen pa m
sou yon sèl wout
yo toulède yo va rive bout.
Répondre