Grenn bal , po bal

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 143
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

Grenn bal , po bal

Message par kelita »

Grenn bal
Se pa grenn pitimi, grenn mayi, grenn pwa
Nou fouye tou mete nan tè
Pou lè lapli tonbe, solèy leve sou li
Li pran jème
Pouse pye, pouse rasin,
Fè flè, pou bèl fwi sòti
Pou kretyen vivan manje kòm nouriti.

Grenn bal
Se pa grenn medikaman
Nou jwenn achte nan famasi oubyen nan tout lari
Kage l , bwè l ak dlo
Pou chase vye maladi
Tout kalite kap fè nou soufri.

Se pa grenn chaplè
Nou woule nan lapriyè
Fè litani, fè wozè
Pou chase move zè.

Se pwojektil yo tire
K ap pèse chè, kraze zo,
Voye kretyen vivan al kouche lopital.
Se gwo bri lòsin k ap file
Nan syèl Bondye,
Bagay ki rive etenn souf yon bann ti malere.

Po bal
Se pa po flè
Nou mete devan pa pòt kay nou,
Sou biwo
Ranje sou lotèl pou fè bèl dekorasyon flè
Tout kalite, tout koulè
Nou jwenn ki anbeli la nati.
Se pa gwo po ji nou jwenn pou n bwè,
Mete glas pou chase chalè,
Chalè beton k ap monte,
Toufe n fè n bay tout ti dlo nan kò nou.

Po bal
Se sa lè yo fin tire
Ki fè gwoo bri, lafimen monte,
Ki tonbe atè a,
Grenn katouch ki file al fè dega lòt kote.

A kisa sa va sèvi?
Ki nesesite ki ta va genyen
Pou moun ta ranmase li?
Li pa ka sèvi pou manje, li pa ka bouyi.

Grenn bal, po bal
Se bagay ki fòse n kriye
Chak jou san zatann,
Se bagay ki rale plis malè, atire plis dèy,
Lage ti pèp la nan plis kouri.
Répondre