Etranje

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 141
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

Etranje

Message par kelita »

tè a byen fò te tranble
jou sa ki te douz janvye
anpil kay te kraze
anpil legliz te efondre
tout kwa kalvè te toujou rete kanpe
tout pyebwa ak rasin te rete
nan tè byen plante
tout bèt t ap mache
tout zwazo te kontinye ap vole.

tout moun te pran tranble
tout moun pa t ka kanpe
men pi gwo pèt nou te anrejistre
se kantite moun pa bann, pa pakèt, nou pa ka konte, ki te ale
se kantite moun, fanm ak gason, jèn, timoun, granmoun
tankou grenn lapli ki te tonbe.

gade jan nou fragil!
gade jan nou pa itil!
gade jan nou pa anyen!
gade jan nou pa vo anyen!
gade jan nou degrennen!
gade jan nou kimen!

gade jan nou anpile,
gade jan nou mele,
gade jan nou antere,
gade jan nou pase,
nan yon kondisyon nou pat janm imajine.
gade! gade! gade! jan tout bon vre nou ye!.

nou se alimèt,
nou se bwapin,
nou se zèklè,
nou se lafimen.

se vre, wi se vre
sou ti bout tè sa nou pa vin pou n rete
se vre, wi se vre
sou ti bout tè sa ke Bondye pandan 6 jou
san dòmi nan je kreye
se pase n ap pase
paske nou tout se etranje.
Répondre