Pral gen LAPÈ sou latè

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
PEPSI
100 Posts
100 Posts
Messages : 148
Inscription : mardi 08 mars 2011 00:08
Localisation : Florida, USA
Contact :

Pral gen LAPÈ sou latè

Message par PEPSI »

Pral gen lapè sou latè

Pral gen lapè sou latè!
Lè sa a se pap zèv ankenn Lidè.
L ap Blayi nan tout kwen latè,
Piske Wayòm Bondye a ap rive toutalè.

Pap gen ni rèl ni doulè.
Menm Ianmò ap vole gagè.
Mechan ap disparèt tankou kout zèklè.
Lajistis ak larichès ap simaye sou tout latè.

Gen espwa pou Latè.
L ap sispann vin yon dezè.
Tout kote ap fleuri tankou yon forè
Ak moun, bèl flè e pwodui alimantè.

Se pral bèl fèt.
Moun pa nou yo ki disparèt
Pral leve an frechè san maltèt.
Ap gen lapè menm pami bèt.

Latè pral tou nèf.
Lyon, tig ap manje zéb tankou bèf
Pap gen ni dèy, ni vèf
Piske Jezi, Leseyè, ap sèl Chèf.

Chak moun ap gen pwòp Kay pa l.
N ap viv nan inite san divizyon sosyal.
Piske maladi kaba, pap gen plas pou lopital.
Lavi nou ap long e klere pase yon bouke zetwal.

Tout latè pral kriye nan lajwa.
Satan ak Demon l yo pap la.
Jewova repare tout Dega.
Li ban nou yon lòt depa.

Ann louwe li e ba li glwa.
Li ta renmen nou tout la.
Ann fè efò pou sa
Paske li se yon bon Papa.

Eske w ap la ?
Ann travay pou sa !
Je ne vise personne en particulier

Mes écrits sont un champ de loisirs.
Chaque lecteur trouvera son coin de plaisir.
Ma plume est à la fois Douce et Amère ;
Elle rend la pensée légère
A tous ceux dont le cœur
Trime à exposer sa splendeur.
ptitemariam
20 Posts
20 Posts
Messages : 29
Inscription : samedi 27 mars 2010 19:35

Re: Pral gen LAPÈ sou latè

Message par ptitemariam »

joli
Image
Répondre