Pè Simoli, yon pitit manman Mari

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 141
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

Pè Simoli, yon pitit manman Mari

Message par kelita »

Se te jedi apre midi
Nan yon kwen nan vil la,
Sou wout frè,
Asasen san ginè monte sou moto vini
Devan pòt kay li,
Rale zam tire Pè Simoli.
Nan lopital yo te kouri ak li
Sa pa t pran tan poui l te mouri…

Pè Simoili, yon pitit manman Mari,
Ki gen yon renmen nan kè l ki fò pou li, ki fou pou li.
Li t ap viv, mache toupatou preche, chante,
Danse tankou manman Mari,
Respire, sote, ponpe pou Bondye ki se mèt li,
Ki te sou bwa lakwa vin bay lavi l pou li.

Pè Simoli Mouri
Li kite nou, li pati,
Kilès ki ka bliye yon animatè tankou li?
Yon prêt ki te pase tout vi li
Ap fè lwanj ak konpliman
Pou Bondye ki fè mèvèy pou manman Mari
Ki se yon modèl adorasyon pou li.

Kilès ki ka bliye yon Pè Simoli
Ki te toujou konn ap souri
Ak bèl dan avèk lavi,
Yon moun tout moun se moun pou li ?

Asasen san manman frape se te yon jou jedi,
Avèk vyolans yo detwi lavi Pè Simoli,
Yo etenn souf li
Pou janmen ankò sou fas tè a nou pa wè li.

Se vre kou a fè mal, sa di
Pou n wè kijan Pè Simoli kite nou san zavèti,
Nou p at atann si sa t ap vini,
Ni nonplis nou pa konprann
Poukisa se konsa pou nou sa vini :
Nan lè sa, nan jan sa, nan moman sa, pouki ?

Ayè ankò mwen t ap gade li,
Nan okazyon nevèn Imakile, mwen te wè li,
Se te Pè mwen te apresye anpil la, Pè Simoli.
Apre levanjil li te fin li,
Anvan li te kòmanse omeli li,
Li te kòmanse chante, danse, louwe
Mete tout moun sou de pye
Fè menm jan ak li
Li te pran pale, preche,
Monte, desann, vire adwat agòch ak estati
Manman Mari li te pote sou zepòl li.

Wi se Pè Simoli, kanta sa, se li,
Se touch li, se mak fabrik li,
Se istwa li, se lavi li, se espwa li,
Se pòt vwa li, se devwa li, se dwa li, se lwa li,
Se souf li, se enspirasyon ni, se respirasyon ni,
Se tout yon souf lagras ki anvayi legliz la ke l se pitit li ;
Men tou, se kwa li,
Jis nan bout tankou Jezi kri, li te pote li,
Li pote l rive gòlgota.
Gòlgota, yon sakrifis vivan,
Yon san ki pa koule pou granmesi.

San Pè Simoli, yon san ki awoze tè d’Ayiti,
Pou fè flè jistis, laverite kontinye fleri
Nan jaden tout sa yo malin an itilize, ki se patizan li,
Pou simaye dèy, zizani,
Nan pami pèp Granmèt la mete apa pou li.

Pè Simoli pati, misyon ni pami nou fini,
Pa gen mo pou n eksprime sa nou santi,
Men, pou nou, li toujou anvi,
Tankou zanj yo anwo nan syèl
Devan twòn Bondye
Li kontinye ap danse, chante, fè lwanj pou li, adore li,
Li kontinye ap souri pou lavi
Boujonnen nan kè tout fidèl
Nan legliz d’Ayiti ki kote l ye a
Ap kontinye priye pou nanm ni.
granpapoo
100 Posts
100 Posts
Messages : 147
Inscription : mercredi 06 juillet 2005 18:34
Localisation : france métropolitaine

Re: Pè Simoli, yon pitit manman Mari

Message par granpapoo »

Fineray Reveran Pè Jozèf Simoli nan Katedral tanporè atè Potoprens
Fineray Reveran Pè Jozèf Simoli, touye o 22 desanm 2017, nan devan lakay li, lè i te gen 54 ane sou tèt li, te chante sanmdi 30 desanm nan Katedral tanporè Pòtoprens. Kadinal Chibli Langlwa selebre yo devan evèk yo (manm Konferans Episkopal la ), devan palmantè yo, devan òganozasyon defansè dwa moun yo a, ak devan lidè yo nan pati politik yo. Kò Jozèf Simoli te ekspoze nan chapèl pale monsenyè, vikariate dominikal pawas Sakre Kè Tirgo a. Yon vèy lapriyè te òganize o vandredi 29 desanm 2017 pou fè onè ba Pè Jozèf Simoli.
Li Toujou > lenouvelliste.com/article/181222/funerailles-du-reverend-pere-joseph
Répondre