Akademi Kreyòl ayisyen, yon zouti enpòtan pou lit la avanse

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 141
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

Akademi Kreyòl ayisyen, yon zouti enpòtan pou lit la avanse

Message par kelita »

Tankou sa fèt , chak 28 oktòb nan ane a yo konsakre l jounen entènasyonal lang kreyòl, kote anpil aktivite òganize nan tout peyi kote yo pale kreyòl espesyalman nan peyi d’Ayiti. Tankou nou konnen l ta sanble li ekziste 127 kreyòl nan lemonn, ta gen plis pase 10.000.000 moun ki pale kreyòl nan lemond e se Ayiti ki gen plis moun ki pale l, anviwon 8 a 9. 000.000.

Bay Kreyol la chans li, ki pawòl sa ?

Nou sot wè ki kantite kreyòl ki ekziste e ki kantite moun ki pale l nan lemonn ak nan peyi pa nou Ayiti, sa vle di anpil anpil bagay sitou pou moun ki pale kreyòl pou yo wè enpòtans sa genyen pou batay pou lang nan avanse. Nan sans sa, moun k ap goumen depi ayèjouk jounen jodi a pou lang nan avanse, pou ankouraje sa rive fèt toujou gen yon seri de pawòl y ap pwononse, tankou : kite kreyòl la avanse, bay kreyòl la plas li, bay kreyòl la chans li elatriye. Pou avanse, nou kwè sa dwe fèt e se pou l fèt, men nan sa ki gen arevwa ak ba l plas li oubyen ba l chans li, nou kwè kreyòl la gen tan gen plas li déjà nan lemonn e sitou nan peyi nou kote majorite ayisyen k ap viv sou teritwa nan tout aktivite yo, nan tout vire won yo, se kreyòl yo pale.

Menm si konstitisyon an pale de 2 lang, men an reyalite se kreyòl la ki pote lamayòl. Swivan chif yo, franse a se sèlman 4 ak 5 % moun ki pale l alòske kreyòl la se plis pase 90% ayisyen ki pale l . Kesyon nap poze, nan sans sa, eske kreyòl la ki se lang natif natal tout pèp ayisyen an, pou l rive pran plas li, li déjà genyen, li merite, ki pou li, e yo konnen sa byen, se chans pou l ap mande ? Eske kreyòl la oblije ap mache ak yon kwi nan men n pou l ap mande tanpri souple fè pa m ? Nou panse li pa lojik pou yo refize bay yon moun yon bagay ki rele l chèmèt chèmètrès, sa se gwo enjistis li ye.Li pa lojik pou yo kontinye ap voye jete lang majorite a pale, meprize kreyòl la, se meprize majorite pèp ayisyen an, ki gen dwa tankou tout moun, tankou tout pèp.

Lè nou kanpe nou di lang franse ki se lang kolonizatè a, se li k ilang, lang kreyòl la se lang esklavaj, lang bosal, nou pa manke manke lespri nan chita pwononse vye pawòl lanvè sa yo. Nou dwe pito reflechi pou nou wè ke lang franse a, n ap ramase pou voye kreyòl la jete a, se lang ki te mare nou nan chèn lesklavaj, trete nou pi mal pase bèt, lang kreyòl la okontrè se lang ki te ba nou libète, ki te reveye konsyans nou ki t ap dòmi lontan sou vye nat diskriminasyon ak prejije.
Nou panse kreyòl la pa gen okenn favè pou l mande pèsonn, plas li dwe okipe nan sosyete a malgre anpil jefò ki fèt ki kontinye ap fèt pou yo ba li l ke yon ti gwoup rekalsitran k ap fè tèt rèd pa vle ba li l , yo mèt fè sa yo vle, se yon dwa ke li genyen, yon dwa ki ekziste menm anvan lalwa te rekonèt sa.


Akademi Kreyòl la, yon zouti enpòtan pou lit la avanse


Nan tout peyi gen yon akademi, ki se yon enstitisyon ki gen ladann yon gwoup sitwayen ki kapab, ki gen konpetans nan koze lang, ki kapab korije sa ki dwe korije, nan fason sitwayen yo dwe pale , ekri lang nan, defini règ gramè, òtograf elatrye. Nou gen Akademi fransèz ki te fonde pa Kadinal Richlye ( Richelieu) nan lane 1634, se travay sa l ap fè pou lang franse a ka vin chak jou pi pèfòman. Konsa nou menm tou nan peyi d’Ayiti nou gen Akademi pa nou ki se AKA, Akademi Kreyòl Ayisyen ki fonde nan lane 2013, ki gen pou misyon fè menm travay sa pou lang kreyòl la.

Pou ane 2017 la, nan okazyon selebrasyon 34 triyèm jounen entènasyonal lang kreyòl la, Akademi Kreyòl Ayisyen an AKA, deklare mwa oktòb la mwa kreyòl epi prevwa divès aktivite tankou : rankont, deba, aktivite kiltirèl elatriye pou komemore jou sa epi tou chwazi yon tèm pou make mwa kreyòl la ki se : « Jèn yo, an nou sèvi ak lang nou, tout kote, san baboukèt ». Se vre li enpòtan pou nou pale lang nou, pou nou entegre jèn yo ki se avni peyi a nan batay pou pèmèt lang kreyòl la layite kò l tout kote nan peyi a, nan lekòl, inivèsite kote timoun ak jèn yo ap pran fòmasyon pou yo vin tounen sitwayen ki renmen peyi yo, k ap travay pou kilti yo ak lang yo. Nan tout enstitisyonj prive kou piblik san diskriminasyon ni prejije.

An reyalite, Konstitisyon 29 mas 87 amande a, nan atik 213 li te prevwa pou kreye yon akademi k ap gen pou misyon travay pou devlopman, pwomosyon ak entegrasyon lang kreyòl la. Sa te pran tan pou l te fèt, men ak devouman yon seri de moun nan sosyete a Akademi sa te fin pa rive fòme kote nan dat 23 avril nan lane 2013 palman ayisyen an te fini pa vote lwa sou Akademi an ki te, apre, nan dat 7 avril 2014, pibliye nan jounal Le Moniteur numewo 65. E li gen 33 manm ladann, nan yon seremoni ki te rive enstale nan fonksyon yo nan dat 4 desanm 2014 la, kidonk Akademi kreyol la gen 3 lane depi l ap fonksyone sou teritwa a nan mete an aplikasyon sa li gen pou l fè e se sa li kòmanse ap fè ki se ede lang kreyòl la avanse, pran plas li kòmsadwa jan manman lwa peyi a nan atik 5 prevwa sa.


An n kontinye travay pou leve flanbo kreyòl la pi wo


Pandan n ap ankouraje travay akademisyen yo, se yon okazyon tou pou nou panse ak tout moun ki te mennen gwo batay pou kreyòl la vin ye sa l ye jounen Jodi a, yon seri sitwayen ki konsyan de reyalite lang kreyòl la nan peyi a, yon seri pansè entèlektyèl ayisyen kou etranje ki fòme nan zafè lang. N ap sonje sa yo ki la toujou ak sa yo ki pa la ankò, tankou: PyèVènè, Pè Jòris Kepens ki se yon misyonè Esket ki soti nan peyi Bèljik ki te wè nesesite pou pèp la aprann konn li ak ekri nan lang li e se sa ki te pouse l mete soup ye jounal BON NOUVEL, yon jounal kreyòl, ki gen senkant lane depi li ekziste ki pèmèt anpil ayisyen fè konesans ak lang yo, reflechi nan lang yo, poze pwoblèm sosyal, politik, ekonomik yo nan lang yo e pouki pa renmen lang yo. Nou gen pou devwa kontinye batay sa nan memwa tout moun sa yo e tankou Akademi an di li nan tèm li chwazi a, ankouraje jèn yo ki gen pou asire avni peyi a demen pale lang yo tout kote toupatou san baboukèt.
granpapoo
100 Posts
100 Posts
Messages : 147
Inscription : mercredi 06 juillet 2005 18:34
Localisation : france métropolitaine

Re: Akademi Kreyòl ayisyen, yon zouti enpòtan pou lit la avanse

Message par granpapoo »

Proposition de traduction française du document rédigé en créole haïtien, émanant de l'Académie Créole Haïtienne (AKA) et intitulé
"Première résolution sur l'orthographe en langue créole haïtienne"(Premye rezolisyon sou òtograf lang kreyòl ayisyen)
akademikreyol.net
I. Contexte
Au mois de juin 2015, l'Académie Créole Haïtienne a entamé une démarche en partenariat avec le Ministère de l'Education Nationale et de la Formation Professionnelle (MENFP) de manière à répondre à la mission de ces institutions mobilisées par la problématique linguistique, tout particulièrement au sein du système éducatif haïtien. De sorte que le 7 juillet 2015 le MENFP et l'AKA (Akademi Kreyòl Ayisyen) ont pu formaliser cette démarche grâce à la signature d'un Protocole d'Accord stipulant les conditions de leur collaboration.
Depuis la réforme du ministre Joseph C. Bernard (dite Réforme Bernard), l'importance de la langue créole a toujours été soulignée, notamment à chaque fois qu'il s'est agi de réfléchir sur les fondements de l'éducation en Haïti. C'est forts de l'esprit de cette Réforme Bernard que le MENFP et l'AKA ont pris l'engagement de travailler de concert avec pour objectif l'amélioration de la qualité de l'enseignement en Haïti.
Suite à la signature du Protocole d'Accord entre les deux institutions, la première action entreprise par l'Académie (créole) fut
le lancement de la standardisation orthographique du créole (haïtien)
.
Il y a , en effet, plus de trente-cinq ans que le système orthographique de 1979 dont on disait qu'il devait être expérimenté sur quatre ans attend d'être définitivement validé.
L'Académie Créole Haïtienne, agissant en symbiose avec le MENFP et en collaboration avec la FLA (Faculté de Linguistique Appliquée) a organisé sept journées d'atelier avec les représentants des divers secteurs de la population qui travaillent sur la langue créole tels que : les rédacteurs du MENFP, les rédacteurs du Secrétariat d'Etat pour l'Alphabétisation, les professeurs du FLA, les rédacteurs du journal Bon Nouvèl (Bonne Nouvelle), les écrivains, les professeurs et directeurs d'école, les professeurs des universités, les professeurs de créole, les concepteurs de livres en créole, les linguistes, traducteurs, éditeurs, etc. Cet atelier avait pour objectif d'inventorier l'ensemble des difficultés résultant de l'usage de ce système orthographique, de collecter ces informations dans le cadre d'une réflexion fondée sur une analyse scientifique rigoureuse. Entre décembre 2015 et mai 2016 la commission scientifique de l'Académie a évalué les propositions émanant de cet atelier. Et lors de l'Assemblée Générale de l'Académie Créole Haïtienne, en date du 3 au 5 juin 2016, les Académiciens ont adopté les dispositions suivantes :
(à suivre donc ! )
granpapoo
100 Posts
100 Posts
Messages : 147
Inscription : mercredi 06 juillet 2005 18:34
Localisation : france métropolitaine

Re: Akademi Kreyòl ayisyen, yon zouti enpòtan pou lit la avanse

Message par granpapoo »

II. Considérations légales (Non traduites)
III. Dispositions
Disposition # 1 : L'alphabet créole
L'Académie a reconduit l'alphabet de 1979 qui affirme que la langue créole haïtienne possède 32 phonèmes (sons de la langue).
L'alphabet créole associe à chacun de ces phonèmes un graphème sous la forme d'une, de deux, voire de trois lettres. (Les linguistes parlent de monographes, de digraphes et de trigraphes.)
Voici la liste des graphèmes retenus :
a, an, b, ch, d, e, è, en,
f, g, h, i, j, k, l, m,
n, ng, o, ò, on, ou, oun, p,
r, s, t, ui, v, w, y, z.

Constatons qu'il s'agit de 32 graphèmes divisés en 3 catégories : voyelles, consonnes et semi-voyelles.
1.1 Catégorie "voyelles"
1.1.1 Voyelles orales(le son est uniquement voisé)
a : ale, naje, matla
e : elèv, plezi, melanje
è : èd, malèt, oslè
i : imite, limit, peyi
o : ochan, solèy, rido
ou : ouvriye, goud, kakalou
ui : (voyelle spéciale) uit, kuit, pwodui
1.1.2 Voyelles nasales (le son est à la fois voisé et nasalisé)
an : anvayi, manje, ban
en : enfimyè, pentad, lapen
on : onz, ponp, pantalon
oun : oungan, mazounbèl, kanndjanhoun
1.2 Catégorie "consonnes"
1.2.1 consonnes orales
b : bak, anbake, kapab
ch : chat, rache, wòch
d : dodin, radote, pèd
f : fèmen, lafanmi, chèf
g : gato, ragou, bag
h : hap, hihan, enhen
j : jako, aji, garaj
k : kaye, rekòlte, kòk
l : limyè, aliyen, pil
p : pale, rapòte, tap
r : rakonte, arete, sèr (nan Nò)
s : sak, resi, rès
t : tas, retay, dèt
v : valiz, revòlte, rèv
z : zanmi, razwa, wòz
(à suivre pour les consonnes nasales et les semi-voyelles)
granpapoo
100 Posts
100 Posts
Messages : 147
Inscription : mercredi 06 juillet 2005 18:34
Localisation : france métropolitaine

Re: Akademi Kreyòl ayisyen, yon zouti enpòtan pou lit la avanse

Message par granpapoo »

1.2.2 consonnes nasales
m : matla, remèd, lam
n : nap, analiz, pàn
ng : ling, touhing, hinghang
1.3 Catégorie semi-voyelles / semi-consonnes
w : wa, wowoli, kaw
y : yanm, ayewopò, kay
(à suivre avec les dispositions #2 concernant les formes pleines et contractées qui participent de l'évolution de la langue haïtienne contemporaine)
granpapoo
100 Posts
100 Posts
Messages : 147
Inscription : mercredi 06 juillet 2005 18:34
Localisation : france métropolitaine

Re: Akademi Kreyòl ayisyen, yon zouti enpòtan pou lit la avanse

Message par granpapoo »

Disposition #2 : Formes pleines et formes contractées
i) Il y a des mots qui possèdent deux formes (une forme pleine et une forme contractée)
Exemples :
_ En ce qui concerne les pronoms et les déterminants
(1) (mwen et m) : mwen vini / m vini
(2) ( ou et w) : ou annik monte eskalye a / w annnik monte eskalye a
(3) (li et l) : li antre / l antre
(4) (nou et n) : nou ap travay / n ap travay
(5) (yo et y) : yo ap travay di / y ap travay di
(6) (ki et k) : moun ki ap pale a / moun k ap pale a
_ En ce qui concerne les verbes
(7) (konnen et konn) : Li konnen leson an. / Li konn leson an.
(8) (vini et vin) : Li vini ak founiti. / Li vin ak founiti.
(9) (ale et al) : Li ale Jakmèl. / Li al Jakmèl.
(10) Il y a encore d'autres verbes obéissant à la même logique comme par exemple : genyen, gade, sòti, etc.
ii) La présence de la forme "w" (forme contractée) s'explique par la présence d'une voyelle dans son environnement (soit avant le "w", soit après le "w"), que ce soit au début d'un syntagme (groupe de mots) ou entre deux mots. Par contre, si ces conditions ne sont pas réunies alors c'est la forme "ou" (forme pleine) qui est mobilisée.
Exemples :
(11) Chemiz ou pran an.
(12) Ou manje manje a.
(13) Pitit ou fè dèt sou tèt ou.
iii) Parfois "w" et "ou" ne sont pas interchangeables pour des raisons sémantiques.
Exemples :
(14) Se pa w. (autrement dit : Se pou ou.)
(15) Se pa ou. (autrement dit : Se pa ou menm.)
(A suivre pour pouvoir dorénavant se passer de tirets et d'apostrophes)
granpapoo
100 Posts
100 Posts
Messages : 147
Inscription : mercredi 06 juillet 2005 18:34
Localisation : france métropolitaine

Re: Akademi Kreyòl ayisyen, yon zouti enpòtan pou lit la avanse

Message par granpapoo »

Disposition # 3 : Apostrophes- tirets
3.1 Apostrophes
Il n'est pas nécessaire de faire usage ni d'apostrophes ni de tirets pour associer des mots.
Lorsque des mots comme "mwen, ou, li, nou, yo" sont activés sous leurs formes contractées (m, w, l, n, y) nous ne devons les accoler ni au mot qui les précède ni à celui qui les suit.
Exemples :
(16) M ap vini.
(17) N ap dòmi.
(18) Y ap pran l.
(19)Se rad pa m.
(20) Al pran liv pa m.
(21) Anita frape pye l.
N.B : La même disposition vaut pour toute forme contractée dans ce genre de contexte linguistique.
3.2 Tiret( Non traduit)
Disposition #4 : Orthographe des noms propres
Les noms propres sont à écrire en créole tels qu'on les trouve dans les documents officiels et/ou administratifs. Cependant, pour en faciliter la prononciation, on peut les écrire entre parenthèses grâce à l'orthographe créole.
(27) Paul Magloire (Pòl Maglwa) se yon ayisyen prezidan Ayiti.
Disposition #5 : Noms de villes et noms de rues (Non traduit)
Disposition # 6 : Comment utiliser le graphème "r" ou le graphème "w".
6.1 Devant les voyelles "rondes" (o, ò, on, ou) dans un mot, il convient d'utiliser le "w" et non le "r".
Exemples
(27) Wobè, wobo, wòch, wòwòt, pewon, wont, wout.
6.2 "r" et "w"
La suite de lettres r+w n'existe pas en créole haïtien.
(A suivre pour découvrir l'accent "force" ! )
granpapoo
100 Posts
100 Posts
Messages : 147
Inscription : mercredi 06 juillet 2005 18:34
Localisation : france métropolitaine

Re: Akademi Kreyòl ayisyen, yon zouti enpòtan pou lit la avanse

Message par granpapoo »

Disposition #7 : Accents
7.1 Accents graves
Le système orthographique créole (haïtien) possède un seul accent, l'accent grave. On l'appelle aussi "l'accent force". L'accent grave répond à deux fonctions :
i) Il est utile pour différencier deux graphèmes : e et è ; o et ò .
Exemples :
(30) "e" et "è" : Ou pe bouch ou ; ou pè pale.
(31) "o" et "ò" : Wozita achte yon lo mango, Ànya achte yon chenn lò.
ii) Il permet de ne pas confondre le graphème "a" devant "n" et le graphème "an". Autrement dit, il nous permet de ne pas prononcer "an" quand nous devons prononcer "a+n", c'est à dire deux phonèmes.
Exemples :
(32) "an" et "àn" : Pan mi an tonbe.
Oto a an pàn.
7.2 Accent sur lettre majuscule (Non traduit)
Disposition #9 (Pas traduit)
Fin de la proposition de traduction
(Mèsi anchay s ou pran tan li y ! )
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 141
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

Re: Akademi Kreyòl ayisyen, yon zouti enpòtan pou lit la avanse

Message par kelita »

Mwen salye ou e m ap pwofite di w mesi pou teks sa ou voye ban mwen sou sit Potomitan an an repons ak teks mwen te ekri pou mwa oktob la ki se mwa kreyol. Sa gen kek mwa mwen te rann mwen nan Akademi an pou m te ka rankontre ak Paste Pauris, li menm ki se youn nan reskonsab enstitisyon an, nan ti pale mwen te genyen ak li, li te pwomet mwen l ap voye enfomasyon sa yo pou mwen, men sa p at rive fet, mwen byen kontan ou voye l pou mwen kom komante sou teks sa. Mesi anpil.

N- B: eskize m pou aksan yo, se machin m ap sevi a ki pa banm okazyon pou m mete yo.
granpapoo
100 Posts
100 Posts
Messages : 147
Inscription : mercredi 06 juillet 2005 18:34
Localisation : france métropolitaine

Re: Akademi Kreyòl ayisyen, yon zouti enpòtan pou lit la avanse

Message par granpapoo »

:D :D :D M ap salye w tou.
Ak m ap di w mèsi anchay.
M ap swete yon bèl Fèt Lendepandans kè kontan ba w ak ba Pèp Ayisyen an.
Bon ane 2018 ba Kreyòl toupatou, ba Toutmoun sou Latè.
Lanmou, Lape, Lèspwa... :lol: :lol: :lol:
Répondre