Vil toutouni

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 141
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

Vil toutouni

Message par kelita »

De twa ti gout dlo
Ki sòti nan syèl
Tonbe sou tè d’ Ayiti
Marye ak yon gwo sekous van
Se gade n gade n wè
Tout pyebwa bat ba
Zannimo fè bèk atè
Kretyen vivan grennen tankou fèy bwa
Yo tonbe tankou grenn lapli
Lapli ki tonbe
Dlo desann
Anvayi plèn
Kouvri tout vil

Tout bagay yon sèl kou disparèt
Nou inonde
Nou neye
Nou antere
Nou pran tranble
Nou tranpe jouk nan zo
Vye derechany nou anba dlo
Dlo kontaminen
Ak pwazon kolera
Nan yon vil san vil
Yon vil san fil
Fil lavi anba gwo van tanpèt dezagreman
Ki kase bout pa bout
Soufrans nou san bout
Ti souf nou kout

Vil inonde
Vil dezole
Vil kokobe
Vil dezabiye
Vil depwograme
Vil paralize
Vil dechire
Vil devaste
Vil paralize
Vil ravaje
Vil bloke
Vil defigire
Vil dekonstonbre
Vil chifonnen
Vil maspinen
Vil kay koule
Vil kay kraze
Fèy tòl wouye
Van bwote pote ale
Tankou fèy papye
Zo kay griyen tankou dan zonbi
K ap griyen dan sou nou
Fè n filalang
Fè n grimas
Sèvo n pa an plas
Sezisman sezi n sanzatann
Lespri n pati kite nou an plas
Bò lari n ap dòmi
Se la vye rad sou po kò n blayi
Nan yon vil ki depafini
Nan yon vil toutouni
Vil san zavni
Vil konble ak debri
Vil òfelen
Vil san tèt
Vil san kò
Vil san pye ni tèt
Vil fè nwè
Vil pèdi fèy
Vil an dèy
Vil je kreve
Vil do kale
Vil moun mouri
Vil zonbi

Se pa jodi n ap pran baf nan men siklòn
Anwo tèt nou
Tan toujou pare
Anonse n lapli pral tonbe
Men elas ! Nou pa janm pare
Pou n pare kou
Se lè kabrit fin pase
Mete pye sou zantray nou
Lè sa atò nou pran rele
Fèmen baryè pou nou

Katastwòf natirèl
Nou pa ka anpeche sa rive
Se nou k pou konnen
Ki jan n ap ranje kabann nou
Anvan dòmi pete je nou
Gade ankò sa k rive
Yon lòt dat tankou douz janvye
Ki vin ajoute nan kalandriye chagren lavi nou
Ki pa janm bout

Matchou pase men pran nou
Li foure pye l byen fon nan tchou nou
Li fouke n
Li kalote n
Li sabote n
Li sele n
Li bride n
Li leve n fese n atè
Tout zo n kraze
Tout andedan n krake
Tout kò n desounen
Kote chodyè, recho pou met manje sou dife
Pou plen vant grangou ap kòde ?
Kote asyèt, kiyè pou separe manje ?
Tout ale, tout antere
Pito n ri pase n kriye
Pito n kriye pase n ri
Men, nou pa ka ni ri ni kriye
De je n ase ki kale ap founi je gade
San pòpyè n pa bat
Nou pèdi sansibilite
Nou pèdi sans
Nou pèdi sansasyon
Nou pèdi espwa

Moun Okay
pa gen kay
kay yo sibi gwo fay
Moun Grandans
Sou yon sèl pye y ap danse yon dans
Moun Jeremi lage nan lari san fanmi
Moun nan Nip, se vre, yo pran nan zip

Nan divès depatman nan peyi a
Se traka, pa gen bouch
Nou pran nan twa wa
Alèkile se tout bon vre
Matchou vin met plis apse sou klou.
Répondre