Re: Требуется тренер

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
gootohell
New entry
New entry
Messages : 1
Inscription : mardi 21 avril 2015 18:05

Re: Требуется тренер

Message par gootohell »

Si m ta pran chante bèl ti chante
si m ta pran konpoze bèl ti pwezi
Si m ta pran jwe bèl ti mizik, byen eranje, byen akòde
Si m ta pran poum dekore ak bèl flè
Abiye byen banda ak bèl wòb tout koulè
Makiye, woule tapi wouj pou akeyi
Si m ta pran pou m pale, fè bèl diskou
pou moun aplodi
Mwen pa tap fèl pou lòt
Ke pou ou menm
Fanm dayiti

Ou pa manke gen kouray
Ou pa manke gen kran
Ou pa manke gen anndan pou sipòte
traka ak dlo nan je lavi pote
ou te deja ap pran baf
latè tranble jete w atè plat
fanm ki te nan travay sou biwo
Fanm ki te sou ban lekol
fanm ki te anba lavil ap penpennen
pou jwenn yon adoken
pou nouri vant gaz ap bougonnen
fanm ki te sou chimen pou antre lakay
Elas! yo pa rive tounen
Fè nwa bare yo nan wout

sa k pa gen pitit
sa k pa gen mari
sa k pa gen kay
sa k pa gen pèsonn
men sa pa anpeche
ke nan lizyè fè nwa tonèl
malè yo kenbe kè
yo kontinye souri

souri pou demen kap vini
pa pran yo nan tristès
Pa lege yo nan plis detrès
Ki kote w jwenn ak kalite kouray sa?
Ki kote w kontre ak kalite andirans sa?
ki kote w bare ak kalite lafwa sa ki sou latè
nou chèche nou pa janm wè sa?

Malè fè w danse sou yon sèl pye
Ou rale mouchoua w, mare ren-w disèt ne
richès ou se kou yon bouke flè
santi bon ou pote-l
Mizè w ak bèl koulè lakansyèl ou makiye-l
Ki moun menm ou ye!?
Yon mèvèy Bondye!

Si m ta pran pou m chante bèl ti chante
jwe bèl ti mizik
mete kouche sou fèy papye bèl ti pwezi
Se pa tap pou lòt
Ke pou ou sèl
Fanm dayiti



Bòn fèt epi bon kouraj ak tout fanm sitou sa yo boule ti machandiz yo sou wout frè Petyon Vil ak anba lavil nan kwabosal
Répondre