Nwèl kretyen nwèl lafwa

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 141
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

Nwèl kretyen nwèl lafwa

Message par kelita »

Solèy leve
Gran bonè nan maten
L al chavire dèyè mòn
Anvan lannwit mete pye
Jou ale jou vini
Konsa sèk lavi a ap woule
Mizè jete n, ranmase n
Tankou wozo nou pliye
Van pouse n voye n jete
Tankou fèy papye
Men sou baton lafwa n
Nou apiye, n ap espere

NWEL KRETYEN NWEL LAFWA
Ak sa ki nan men n
N ap fete Kris la
Ki te vinn fè l tou piti
Desann sou tè a
nan vant yon fanm
Vinn pote limyè klere n
sou wout fènwa


Anvan kòk chante
Nou gen tan sou de pye n
Ap likide anba solèy cho
Bouch fann fòk nou manje
Gaz nan vant ap fè laviwonndede
Nou monte, nou desann
Nou swe, nou bouke
Sou ki moun pou n apiye ?
Baton lafwa n ki sèvi n
ranpa pou nou repoze


NWEL KRETYEN NWEL LAFWA
Kote n koupi sou de pye
Kote n ajenou dlo nan je
De bra n louvri
n ap sipliye Bondye
Nou louvri je n
Devan n nou wè zetwal la klere
Ti Jezi fèt
Jozèf ak Mari
Wa maj yo ak bèje yo la
Aswè a se van lespwa
k ap soufle nan tout peyi a

Kote n rete
Zèb pa pouse
Do mòn nou yo kale
Sitiyasyon lavi n pa janm dous
Chak jou lespwa chankre wout
Pou l pa kontre ak nou
Tout sa n manje
anmè kou fyèl nan bouch nou
Zo nou krake nou chifonnen
Kilès Bondye k ap ede !?
Kilès k ap vinn trase chimen
Bò wout la depi douvan jou
Nou kanpe n ap tann
Pèsonn pa mande n
Sa n pot pou vann

NWEL KRETYEN NWEL LAFWA
Nwèl tout peyi a, Nwèl lespwa
Yon chan nouvo n ap chante
Yon melodi nou fenk
konpoze n ap fredone
Sou wout lavi a youn
dèyè lòt nap mache
Ak baton lafwa n nan men n
Se asirans nou pou demen
Ti jezi fèt se siy lespwa
Pou tout kretyen vivan
Ki gen lafwa
Répondre