soup lendepandans

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 141
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

soup lendepandans

Message par kelita »

Yon tradisyon tankou tout lòt ki p ap janm efase
Yon rit ki anrasinen nan kilti lakay
Nan mòn, nan vil tankou nan plenn
Chodyè soup lendepandans monte sour echo
Chabon bwa ,sou twa wòch dife
Samba ap woule tanbou
Nèg ak nègès ak kiyè bwa
Kwi nan men ap tann
Yon reset ki gen bon lodè, bon gou
Ou pa jwenn okenn lòt kote sou late

Madan Desalin, sèl chef kizin te envante
Fanm vanyan kit e fèt sou bon lalin
Yon soup koupe dwèt chaje ak vitamin
Ki bay fòs, separe bay tout sòlda vanyan

Yon melanj byen fèt
Yon reset lakay
Yon manje kreyòl
Bon jan pwodiksyon nasyonal
Joumou, chou, nave, macaroni, pèsi
Pòm de tè,vyann bèf, vyann kabrit
Se dyòl loulou

Toupatou, nan tout rakwen nan peyi a
Kay grannèg kou malere
Ak bòl epi kiyè nan men
Jou premye janvye
Douvan pòt vwazinaj
Soup lendepandans fè kenken
Répondre