BON MANNYÈ
Se pa yon resèt, ni yon etikèt,
Ni yon mwayen pou fè w parèt
Kankou gwo LELE kònn fè
Oubyen kònn panse,
Lè y’ap etidye
Nan liv inivèsitè :
Savwaviv avèk savwafè.
Bon manyè, se senseritè kè,
Mawonnen ak bon dezi
Pou fè pwochen w plezi.
Bon mannyè
Se sispann gen min si.
Se pa fè patipri.
Se trete toutmoun ak respè
Kèlkeswa koulè l
Ak wotè li rive nan lechèl.
Se lè w pa ba moun do,
Lè w konsyan ,
Ke tout moun vivan
Yo egalego
Bon mannyè
Se aprann di ak tout kè :
Yon silvouplè.
Ou montre w poli.
Ou di yon gwo mèsi,
Yon jevouzanpri,
Yon ti ri janti,
Yon boujou, yon bonswa
Ak yon orevwa.
Bon manyè la pou toutan
Li pa dwe kite nou yon timoman
Bon mannyè
Se yon vè dlo frèch
Sou yon tè sèch.
Se yon ti limyè
Tou dou
Nan twou
Chaje ak pwofondè.
Bon mannyè,
Se randevou
Pafen lanmou
Ki la pou chofe tout kè
Alawonnbadè.
BON MANNYÈ
-
- 100 Posts
- Messages : 148
- Inscription : mardi 08 mars 2011 00:08
- Localisation : Florida, USA
- Contact :
BON MANNYÈ
Je ne vise personne en particulier
Mes écrits sont un champ de loisirs.
Chaque lecteur trouvera son coin de plaisir.
Ma plume est à la fois Douce et Amère ;
Elle rend la pensée légère
A tous ceux dont le cœur
Trime à exposer sa splendeur.
Mes écrits sont un champ de loisirs.
Chaque lecteur trouvera son coin de plaisir.
Ma plume est à la fois Douce et Amère ;
Elle rend la pensée légère
A tous ceux dont le cœur
Trime à exposer sa splendeur.