Page 1 sur 1

YON VI MASPINAY

Publié : samedi 27 août 2011 09:20
par PEPSI
YON VI MASPINAY

Depi’m te ti katkat
Jiskaske mwen vin rat
Se nan twou mwen kache m
Pou gwo chat pa manje m.

Laperèz se souf mwen.
Matinèt se Kò mwen.
Toulèjou m anba lòd
E poutan m pa dezòd.

Vi m kankou yon machin
K ap woule tout boulin
Nan wout wòch, plen ak twou,
San konte vye grenn klou.

Mwen ta yon nèg itil
Si vi mwen te trankil
M’oblije mwen malen
Pou m pa pran nan pèlen

Lajan koupe m zanmi.
Pou van ak granmèsi,
Tout tan m ap travay di.
Lespri m fin deperi

Se vre, mwen te anfòm
Lè’m te nèf nan tout kòm.
Tout kote se te fèt
Lè’m tap fè bèl payèt

Bagay yo deranje,
Byen mwen vin deseche
Nèg avanse annaj
Li pakab alapaj

Maladi pran teren.
Pyès yo deboulonnen,
Ti grenn tout la jounen,
Mwen tonbe nan tenten.

Nan silans m’ap kriye,
Tout ti kèm ap rache
Lè mwen wè m’ap kite
Tout souvni annantye.

Lè m ale, ti zanmI m,
Pa pale de malè m .
Sonje plis ak souri m
Ki sòti nan tout kè m
[/
b]