Alelouya ! Alelouya !
Publié : mardi 05 avril 2011 21:17
Alelouya ! Alelouya !
Gran wa, bondye papa
Mete’n devan yon chwa.
Malediksyon pou Zòt,
Benediksyon pou Lòt.
Kalonnen wòch malè
Se kri tribò babò
Sonnen fò clòch lapè
Se lavi pou le Kò.
Chimen laji savwa,
Se Ti zanmi lespwa.
Lafen an pou demen,
Limyè pwal fè kenken.
Delivrans, rekonpans
Pou zanfan nan soufrans.
Gwo baryè prejije,
Nan gagè lap voye.
Nou Pap mele ak Gang
Kap pale yon lot lang.
Nan lari, nan lakou,
Blayi bonjan lanmou.
Divizyon pran koutba
Separasyon kaba
Inite tout kote
Sesa bondye te vle.
Alelouya ! Alelouya !
Gran wa, bondye papa
Mete’n devan yon chwa.
Malediksyon pou Zòt,
Benediksyon pou Lòt.
Kalonnen wòch malè
Se kri tribò babò
Sonnen fò clòch lapè
Se lavi pou le Kò.
Chimen laji savwa,
Se Ti zanmi lespwa.
Lafen an pou demen,
Limyè pwal fè kenken.
Delivrans, rekonpans
Pou zanfan nan soufrans.
Gwo baryè prejije,
Nan gagè lap voye.
Nou Pap mele ak Gang
Kap pale yon lot lang.
Nan lari, nan lakou,
Blayi bonjan lanmou.
Divizyon pran koutba
Separasyon kaba
Inite tout kote
Sesa bondye te vle.
Alelouya ! Alelouya !