Page 1 sur 1

MESYE KOTE NOU YE !

Publié : mardi 22 mars 2011 18:43
par PEPSI
Mesye kote nou ye !


Mesye koté nou ye !
Nou kite’m ap seche.
Mwen save e mwen bèl
San konte mwen fidèl.

Mwen pa konn kalewès.
Lajan lakay la pwès.
Mwen pa yon fanm radi
E anplis mwen soumi

Kwit bon manje, se mwen.
Lakay pwòp nan tout kwen.
Bèl mèb tribò babò
Ap tann gason bòzò

Nap kite mwen mouri
San’m pa jwenn yon zanmi
Pou kondi’m avek li
Nan chimen paradi.

Sil te plè leve menn
M’pap koze’n anken’n penn.
Map janti e map dous
Kankou dlo ki nan sous.

Re: MESYE KOTE NOU YE !

Publié : vendredi 13 mai 2011 17:24
par dydyé
byenbonjou es ou pé di mwen si on moso a ticorn souplé as an bzwen twava'y épi zélèv an mwen asisa mèsi onpli!