Bèlè tounen dezè

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 141
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

Bèlè tounen dezè

Message par kelita »

Tout moun kouri
Yo pati kite kay yo
Pye atè, ak sa yo ka sove, toutouni.
Tout lakou, tout ri, tout riyèl yo vid,
Lari yo blanch, bandi yo monte mi,
Enstale Va tout kote,
Se chen ak chat sèlman k ap pwomennen nan lari.
Dlo sal ak labou fè kenken,
Bèlè, depi plis pase yon lane
Ap viv yon kalamite san fen.
Bèlè tounen dezè

Lekòl, lopital, sant sante,
Okenn enstitisyon pa fonksyone.
Maten, midi, swa,
Kout zam otomatik fè kenken.
Bandi ak gwo zam fann fwa
Okipe tout zòn,
Se yo ki gen dwa,
Se yo ki leta,
Se yo k ap fè la lwa.
Bèlè tounen dezè

Se yo k ap fè e defè,
Se yo k ap kòmande,
Se yo k ap koupe rache.
Se yo k ap asasine, kidnape,
Bloke, mete barikad lè yo vle, jan yo vle,
Se yo k ap mete dife,
Anba men yo okenn moun pa epanye,
Menm ti bebe nan tete.
Bèlè tounen dezè

Tout sa ap pase la aaaa,
Anba bab yon pakèt moun
Ki bay tèt yo pote non
Otorite leta!
Yon leta sou lagraba,
Yon leta tèt anba
Ki pa p regle anyen serye nan peyi a.
Bèlè tounen dezè

Anwo, devan chapèl Pèpetyèl
Se zèb nan mitan lari a ki pouse
Ri timas, ri makajou, ri dè Fon Fò, ri dè Seza
Se nan kouri pou travèse.
Anba lavil, machann pa ka lote,
Se dezolasyon tout kote,
Nanpwen limyè
Menm solèy la pè louvre je l
Sou tèt malere, malerèz ki bouke,
K ap rele anmwe!!! Se twòp!!!
Bèlè tounen dezè

Ayè ankò,
Li pa t ko finn fè klè
Se gwo kout za m moun ap tande k ap tire,
Lafimen dife ap monte, moun oubyen kawotchou k ap boule?!
Nan mitan kalfou deblozay, tèt koupe
gason ak fanm pa kanpe!

Nou pa ka kontwole konbyen nan yo ki boule,
Vyann dechire, tèt koupe,
Sa yo ki ale anba bal.
Gen lòt, se bal mawon ki etenn souf yo san pale.
Kilè sa ap bout? Kilè sa ap sispann!!!?
Jiskilè tranbleman, laperèz, estrès a sispann ba nou souf kout?

Ki moun ka vinn mete yon fren,
Chavire tout pèlen
Patizan lespri malen drese sou wout lavi nou,
Anpeche n avanse, anpeche n rive!
Depi dat nou nan wout!!!
Bèlè tounen dezè

Timoun yo pa ka jwe,
Granmoun pa ka chante,
Toupatou se bandi ak gwo zam fann fwa
Nan tout kwen, tout lari, tout lakou, tout kalfou
Ki se sèl otorite,
Sèl kòk chante k ap taye banda nan peyi a.
PEPSI
100 Posts
100 Posts
Messages : 148
Inscription : mardi 08 mars 2011 00:08
Localisation : Florida, USA
Contact :

Re: Bèlè tounen dezè

Message par PEPSI »

Pral gen lapè nan Bèlè

Pral gen lapè nan Bèlè!
Lè sa a se pap zèv ankenn Lidè.
L ap Blayi nan tout kwen latè,
Piske Wayòm Bondye a ap rive toutalè.

Pap gen ni rèl ni doulè.
Menm Ianmò ap vole gagè.
Mechan ap disparèt tankou kout zèklè.
Lajistis ak larichès ap simaye sou tout latè.

Gen espwa pou Bèlè
L ap sispann vin yon dezè.
Tout kote ap fleuri tankou yon forè
Ak moun, bèl flè e pwodui alimantè.

Se pral bèl fèt.
Moun pa nou yo ki disparèt
Pral leve an frechè san maltèt.
Ap gen lapè menm pami bèt.

Bèlè pral tou nèf.
Lyon, tig ap manje zéb tankou bèf
Pap gen ni dèy, ni vèf
Piske Jezi, Leseyè, ap sèl Chèf.

Chak moun ap gen pwòp Kay pa l.
N ap viv nan inite san divizyon sosyal.
Piske maladi kaba, pap gen plas pou lopital.
Lavi nou ap long e klere pase yon bouke zetwal.

Tout Bèlè pral kriye nan lajwa.
Satan ak Demon l yo pap la.
Jewova repare tout Dega.
Li ban nou yon lòt depa.

Ann louwe li e ba li glwa.
Li ta renmen nou tout la.
Ann fè efò pou sa
Paske li se yon bon Papa.

Eske w ap la ?
Ann travay pou sa !
Je ne vise personne en particulier

Mes écrits sont un champ de loisirs.
Chaque lecteur trouvera son coin de plaisir.
Ma plume est à la fois Douce et Amère ;
Elle rend la pensée légère
A tous ceux dont le cœur
Trime à exposer sa splendeur.
PEPSI
100 Posts
100 Posts
Messages : 148
Inscription : mardi 08 mars 2011 00:08
Localisation : Florida, USA
Contact :

Re: Bèlè tounen dezè

Message par PEPSI »

KONPLIMAN pou Chedèv sa a ! Mwen pataje l ak kék zanmi.
Powèm ou ( Bèlè tounen dezè) tèlman orijinal ak bèl koulè lokal, li enspire m pou m Reponn ou ak yon lòt powèm ki dirije nan sans sa a
Bravo !

Pepsi
Je ne vise personne en particulier

Mes écrits sont un champ de loisirs.
Chaque lecteur trouvera son coin de plaisir.
Ma plume est à la fois Douce et Amère ;
Elle rend la pensée légère
A tous ceux dont le cœur
Trime à exposer sa splendeur.
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 141
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

Re: Bèlè tounen dezè

Message par kelita »

mwen di w mesi anpil.
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 141
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

Re: Bèlè tounen dezè

Message par kelita »

ann travay pou sa, paske sa pa ka rete konsa pou moun ap mouri tout kote tankou bele, site soley, matissant, laplen. fok sa chanje.
ptitemariam
20 Posts
20 Posts
Messages : 29
Inscription : samedi 27 mars 2010 19:35

Re: Bèlè tounen dezè

Message par ptitemariam »

kompliman
Image
Répondre