Akademi Kreyòl ayisyen, yon zouti enpòtan pou lit la avanse

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
kelita
90 Posts
90 Posts
Messages : 94
Inscription : Jeudi 02 Août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

Akademi Kreyòl ayisyen, yon zouti enpòtan pou lit la avanse

Messagepar kelita » Lundi 30 Octobre 2017 16:16

Tankou sa fèt , chak 28 oktòb nan ane a yo konsakre l jounen entènasyonal lang kreyòl, kote anpil aktivite òganize nan tout peyi kote yo pale kreyòl espesyalman nan peyi d’Ayiti. Tankou nou konnen l ta sanble li ekziste 127 kreyòl nan lemonn, ta gen plis pase 10.000.000 moun ki pale kreyòl nan lemond e se Ayiti ki gen plis moun ki pale l, anviwon 8 a 9. 000.000.

Bay Kreyol la chans li, ki pawòl sa ?

Nou sot wè ki kantite kreyòl ki ekziste e ki kantite moun ki pale l nan lemonn ak nan peyi pa nou Ayiti, sa vle di anpil anpil bagay sitou pou moun ki pale kreyòl pou yo wè enpòtans sa genyen pou batay pou lang nan avanse. Nan sans sa, moun k ap goumen depi ayèjouk jounen jodi a pou lang nan avanse, pou ankouraje sa rive fèt toujou gen yon seri de pawòl y ap pwononse, tankou : kite kreyòl la avanse, bay kreyòl la plas li, bay kreyòl la chans li elatriye. Pou avanse, nou kwè sa dwe fèt e se pou l fèt, men nan sa ki gen arevwa ak ba l plas li oubyen ba l chans li, nou kwè kreyòl la gen tan gen plas li déjà nan lemonn e sitou nan peyi nou kote majorite ayisyen k ap viv sou teritwa nan tout aktivite yo, nan tout vire won yo, se kreyòl yo pale.

Menm si konstitisyon an pale de 2 lang, men an reyalite se kreyòl la ki pote lamayòl. Swivan chif yo, franse a se sèlman 4 ak 5 % moun ki pale l alòske kreyòl la se plis pase 90% ayisyen ki pale l . Kesyon nap poze, nan sans sa, eske kreyòl la ki se lang natif natal tout pèp ayisyen an, pou l rive pran plas li, li déjà genyen, li merite, ki pou li, e yo konnen sa byen, se chans pou l ap mande ? Eske kreyòl la oblije ap mache ak yon kwi nan men n pou l ap mande tanpri souple fè pa m ? Nou panse li pa lojik pou yo refize bay yon moun yon bagay ki rele l chèmèt chèmètrès, sa se gwo enjistis li ye.Li pa lojik pou yo kontinye ap voye jete lang majorite a pale, meprize kreyòl la, se meprize majorite pèp ayisyen an, ki gen dwa tankou tout moun, tankou tout pèp.

Lè nou kanpe nou di lang franse ki se lang kolonizatè a, se li k ilang, lang kreyòl la se lang esklavaj, lang bosal, nou pa manke manke lespri nan chita pwononse vye pawòl lanvè sa yo. Nou dwe pito reflechi pou nou wè ke lang franse a, n ap ramase pou voye kreyòl la jete a, se lang ki te mare nou nan chèn lesklavaj, trete nou pi mal pase bèt, lang kreyòl la okontrè se lang ki te ba nou libète, ki te reveye konsyans nou ki t ap dòmi lontan sou vye nat diskriminasyon ak prejije.
Nou panse kreyòl la pa gen okenn favè pou l mande pèsonn, plas li dwe okipe nan sosyete a malgre anpil jefò ki fèt ki kontinye ap fèt pou yo ba li l ke yon ti gwoup rekalsitran k ap fè tèt rèd pa vle ba li l , yo mèt fè sa yo vle, se yon dwa ke li genyen, yon dwa ki ekziste menm anvan lalwa te rekonèt sa.


Akademi Kreyòl la, yon zouti enpòtan pou lit la avanse


Nan tout peyi gen yon akademi, ki se yon enstitisyon ki gen ladann yon gwoup sitwayen ki kapab, ki gen konpetans nan koze lang, ki kapab korije sa ki dwe korije, nan fason sitwayen yo dwe pale , ekri lang nan, defini règ gramè, òtograf elatrye. Nou gen Akademi fransèz ki te fonde pa Kadinal Richlye ( Richelieu) nan lane 1634, se travay sa l ap fè pou lang franse a ka vin chak jou pi pèfòman. Konsa nou menm tou nan peyi d’Ayiti nou gen Akademi pa nou ki se AKA, Akademi Kreyòl Ayisyen ki fonde nan lane 2013, ki gen pou misyon fè menm travay sa pou lang kreyòl la.

Pou ane 2017 la, nan okazyon selebrasyon 34 triyèm jounen entènasyonal lang kreyòl la, Akademi Kreyòl Ayisyen an AKA, deklare mwa oktòb la mwa kreyòl epi prevwa divès aktivite tankou : rankont, deba, aktivite kiltirèl elatriye pou komemore jou sa epi tou chwazi yon tèm pou make mwa kreyòl la ki se : « Jèn yo, an nou sèvi ak lang nou, tout kote, san baboukèt ». Se vre li enpòtan pou nou pale lang nou, pou nou entegre jèn yo ki se avni peyi a nan batay pou pèmèt lang kreyòl la layite kò l tout kote nan peyi a, nan lekòl, inivèsite kote timoun ak jèn yo ap pran fòmasyon pou yo vin tounen sitwayen ki renmen peyi yo, k ap travay pou kilti yo ak lang yo. Nan tout enstitisyonj prive kou piblik san diskriminasyon ni prejije.

An reyalite, Konstitisyon 29 mas 87 amande a, nan atik 213 li te prevwa pou kreye yon akademi k ap gen pou misyon travay pou devlopman, pwomosyon ak entegrasyon lang kreyòl la. Sa te pran tan pou l te fèt, men ak devouman yon seri de moun nan sosyete a Akademi sa te fin pa rive fòme kote nan dat 23 avril nan lane 2013 palman ayisyen an te fini pa vote lwa sou Akademi an ki te, apre, nan dat 7 avril 2014, pibliye nan jounal Le Moniteur numewo 65. E li gen 33 manm ladann, nan yon seremoni ki te rive enstale nan fonksyon yo nan dat 4 desanm 2014 la, kidonk Akademi kreyol la gen 3 lane depi l ap fonksyone sou teritwa a nan mete an aplikasyon sa li gen pou l fè e se sa li kòmanse ap fè ki se ede lang kreyòl la avanse, pran plas li kòmsadwa jan manman lwa peyi a nan atik 5 prevwa sa.


An n kontinye travay pou leve flanbo kreyòl la pi wo


Pandan n ap ankouraje travay akademisyen yo, se yon okazyon tou pou nou panse ak tout moun ki te mennen gwo batay pou kreyòl la vin ye sa l ye jounen Jodi a, yon seri sitwayen ki konsyan de reyalite lang kreyòl la nan peyi a, yon seri pansè entèlektyèl ayisyen kou etranje ki fòme nan zafè lang. N ap sonje sa yo ki la toujou ak sa yo ki pa la ankò, tankou: PyèVènè, Pè Jòris Kepens ki se yon misyonè Esket ki soti nan peyi Bèljik ki te wè nesesite pou pèp la aprann konn li ak ekri nan lang li e se sa ki te pouse l mete soup ye jounal BON NOUVEL, yon jounal kreyòl, ki gen senkant lane depi li ekziste ki pèmèt anpil ayisyen fè konesans ak lang yo, reflechi nan lang yo, poze pwoblèm sosyal, politik, ekonomik yo nan lang yo e pouki pa renmen lang yo. Nou gen pou devwa kontinye batay sa nan memwa tout moun sa yo e tankou Akademi an di li nan tèm li chwazi a, ankouraje jèn yo ki gen pou asire avni peyi a demen pale lang yo tout kote toupatou san baboukèt.

Revenir vers « Propositions d'articles à publier »

Qui est en ligne ?

Utilisateurs parcourant ce forum : Aucun utilisateur inscrit et 1 invité