Voye l ale?

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 141
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

Voye l ale?

Message par kelita »

Voye l ale?

Eske se la solisyon an ye?
Eske voye l ale, se sa k pral fè bagay yo chanje ?
Eske se sa k ap pèmèt pèp la tout bon respire
Yon alemye pou l viv an pè san kè sote

Nou fè eksperyans voye ale deja
Anpil fwa nan listwa
Anyen sa pa janm bay
Moun lasalin, site solèy, matisan
Raboto, lafòsèt, solino
Toujou ap dòmi sou pay, sou kras
Manje sou pil fatra
Benyen toulejou nan labou santi
Poupou toupatou fè kenken
Yon seri kondisyon ki pa imen

Voyel ale?
Nou fè eksperyans la anpil fwa
Pa janm gen anyen ki regle nan sa
Pèp la toujou pa ka manje
Pwodwi premye nesesite pa janm sispann monte
Agrikilti a kraze
Toupatou mòn yo kale
Tè a ap degringole
Ewozyon, tranblemanntè, siklòn, van ak tanpèt
Yon bann opinyon, yon pakèt reyaksyon
Yo pa janm sispann debloke milyon
Ki solisyon, ki prevansyon ?
Pou ki pèp, nan non ki nasyon ?

Voye l ale ?
Ki sa sa pral bay ?
Sant santi toupatou
Pèp la prèt pou l toufe li pa ka respire
Ane ale ane tounen
Nwèl ale, nwèl tounen
Anba redi , anba solèy cho
Ti malere kontinye ap patinen
San vreman vre anyen sakrifis sa yo pa pote

Voye l ale ?
Depi nou finn fè gè lendepandans
Konbyen gouvenman ki pase sou pouvwa ?
Konbyen chef leta ?
Konbyen minis ?
Konbyen sekretè deta ?
Konbyen direktè jeneral ?
Konbyen lejislati ?
Konbyen depite ak senatè ?
Pèp la toujou ap trennen atè
Nan tout depatman seksyon riral
Seksyon kominal
Li pa gen aksè ak lasante
Pitit li toujou pa ka ale lekòl alewè
pou l ta gen chans frekante inivèsite
yon peyi ki toujou ap gouvènen nan sitirans
yon politik parenn, marenn
lang kreyòl majorite a pale pase anba pye
si w pa pale franse ou pa ekziste
administrasyon leta se gagòt
yon ti ponyen sou do yon milyon pòv ayisyen ka p mennen
yon jisits degrenngòch
yon bann patripòch
ke yo di kou wòch.

Voye l ale ?
Se eslogan sa anpil fwa nou toujou tande
tout pwodwi premye nesesite
pa janm bouke monte
tout chay la se pèp la kap peyel
epi mete l nan lari fè l ap kouri
manifeste rele anmwe
chodyè a toujou monte nan non pèp
koul desann manje separe
pèp a vale sann dife

voye l ale ?
nou fè eksperyens sa yo twòp deja
men ki sa sa akouche
plis mizè, plis soufrans
pou yon pèp lè l swaf
men m bon dlo li pa jwenn pou l bwè
menm bon kay li jwenn pou l rete
dwa fondamantal li pa respekte
dwa de lòm sa pase anba pye

voye l ale ?
rache manyòk, dechouke, ekzile
boule kawotchou, kraze, brize
mete dife, kraze vit machin,
voye wòch, lanse boutèy
dezòd blayi nan zile a
moun mouri, moun blese
lopital debòde, pa gen medsin pou panse blese
nou toujou renmen we bèl mèvèy pa vre?

voye l ale?
nou fè eksperyans la plizyè fwa
nou fè koudeta
kou d fòs
kou anba anba
kou sou kou
kou ki bay ze kourèl
kou ki bay pèp la maklouklou
kou nan do
plis rèl kay makorèl
kou pete fyèl
fyèl anmè pèp la kontinye ap vale
ki fèl gen vant pase
vant mennnen, vant kòde
vant vid pa kanpe lap kouri
manifeste, rele anmwe
van lap vale
fèl vale dlo glase pou fyèl li pete
pou fyèl li eklate
konsa la kontinye pran kouri nan tout lari
pran gaz, pran bal
pou yon lit ki depi plis pase de syèk
pa janm akouche anyen
kom kado fen dane yon pope twal

voye l ale ?
eske sa pral fe
kidnapin, koripsyon, dilapidasyon
goumen youn ak lòt, divizyon, chirepit
batay pou pouvwa
pale anpil fè dilatwa
anpil bèl diskou sou fèy papye
nagosyasyon, akò, trete,
konvansyon, konstitisyon
amandman, chita pale
gouvènamn Sali piblik, tranzisyon
eta jenewo,
konbyen solisyon ki ekri sou fèy paye
ki ret ap dòmi san reveye
reveye pèp la fè l al vote
vote plis mizè, plis fè nwa
depi yo menm yo nan limyè

voye l ale?
depi afè yo ap mache
depi pitit yo ale lekòl
depi yo ka peye gwo medsin
pran avyon vwayaje
al pran laswenyay a letranje
epi menm yon preskripsyon
pèp la pa ka ekzekite
yon pèp malad
tout kalite maladi ap wonje l
tout kalite mikwòb ap pete je l
tout kalite epidemi ap touye l kokobe l
pouki menm di mwen non frè m
pou l ta kontinye tranpe men
nan lank pou l vote
pou ki yès ?
pou ki moun ?
pou ki pati politik ?
pou ki lidè
nou chèche nou pa wè
se vre nou pa we kle
ak ti lanp na p chèche
nou poko wè anyen serye
depi plis pase desan lane ki regle

voye l ale ?
eske se sa kap fè moun ki depi douz janvye
ki anba tant jouk jounen jodi yo
jwenn bon kay pou yo rete?
eske sa kap vini yo se bagay serye yo pral regle ?
eske se solisyon tout bon vre yo pral pote nan kalamite pèp sa ?
eske pèp la pral jwenn lasante ?
eske peyizan ki nan mòn kou nan plen
yo toujou meprize rele gwo zotèy gwo soulye
pral jwenn respè pou yo rive konprann
se nan peyi a yo ye
se ayisyen yo ye ?
eske kesyon prejije a pral regle
Petyon Desalin pou tout rankin sa yo fini

voye l ale ?
fè manifestation, pèp la ka p pran kou
eske se pou sa zansèt nou yo te travay ?
eske se pou sa Desalin, Tousen ak lòt ankò te fè milwisankat ?
nou menm jenerasyon nèg jodi
nou pa wè nou pa remèt anyen
kote zansèt nou yo ye
nan tonbo yo yap di yo wont pou nou
tout tan se nou
ki ekzanp nou pran
douz janvye tranblemantè pase
plis kraze peyi a
sou ki baz menm na p rekonstwi ?
sou ki baz na p monte poto
koule beton pou n remete kanpe
tout sa ki detwi
sou ki baz ? Ak ki entelijans ? Ak ki bon konprann ?
Ak ki moun? Ak ki lidè konsekan ki pa wè entereèpa l
enterè pòch li ? Ak ki pati politik ? Ak ki gouvènman ? Ak ki palmantè ?
Ak ki lejislati ? Ak kiyès menm ?

voye l ale ?

Eske se sa ki solisyon
nou fè plis pase ventan ap betize
batay youn ak lòt
kisa sa pote pou nou, pou pèp sa, pou peyi sa?
Li ta pi bon pou nou

voye ale pito
Tou vye pratik
Vye mantalite degrenngòch kap lage nou pi plis nan dlo
Li plis ke le, li plis ke tan
Pou nou sispann fè demagoji epi ak je nou chèch
Nap pale de chanjman, de demokrasi
De Eta de dwa, de jistis
Li plis ke lè, li plis ke tan
Pou n sispann itilize pèp pou voye ale
Epi lè bon bagay ap regle
Nou mete enterè pèp sou kote
Li lè li tan pou sou ti zile sa
Se bagay serye ki regle
Anvarite nou bouke !!!

Voye ale pito
Tout sa kap divize n pou yo reye
Voye ale pito
Tout move mantalite ki anpeche nou depi tout tan sa avanse
Voye ale pito
Tout sa kap pran woulib sou do n pou yo monte pi wo
Voye ale pito
Tout jalouzi, tout ipokrizi, tout enjisits, vyolans machanste
Voye ale pito
tout dispit, tout kè grenn
Pou ayiti refleri, pou peyi a devlope
Pou agrikilti remanbre
Pou peyizan jwenn mwayen plante
Pou lasante, ledikasyon blayi
Pou manje pa yon liks
Pou ansanm san ipokrizi
San mete po fig anba pye lòt
Nou rive rekonstwi, rebati Ayiti
Pou pep ayisyen an viv nan respè, lonè ak diyite.
Répondre