Nwèl se chak ane
Nan tout peyi sa fete
Bèl abdenwèl, bèl reveyon
Bèl kado, bel dekorasyon
An Ayiti visaj nwèl pa janm chanje
Ane vini , ane ale
Se menm jan an sa toujou rete
Men ane sa ankò nwèl rive
Li rive jwenn tout pitit tè d’Ayiti
Nan plis lapenn, plis move lavi
Tranblemann tè pase, kay kraze, moun mouri
Kretyen vivan ap dòmi nan lari, anba tant
Chay la vinn pi lou pase yon pwa senkant
Men menm si lapli tonbe
Tè a degringole
Menm si siklòn pase, rivyè debòde
Menm si moun mouri, tè a tranble
Sa pa ka anpeche Nwèl rive
Sa pa ka anpeche pa bò lakay ti Jezi pase
Menm si nou anba prela
Menm si nou anba tant
Menm si nou pa jwenn yon grenn diri
Pou nou mete nan vant
Menm si nou pa jwenn dlo pou nou pase yon swaf
Menm si tout kay kraze
Sa ki panche
Sa ki fann tout kote
Sa pa ka anpeche Nwèl sou latè d’Ayiti
yon lòt fwa ankò debake
Sa pa ka anpeche li vinn vizite n
Nan male nou ye
Sa pa ka anpeche li vinn ankouraje nou viv, espere
Menm si gen anpil nan nou ki ale
Paske se Nwèl
Se yon jou ki pa tankou tout jou
Yon jou menm si l fè nwè
Lalin ak zetwal klere
Nan je tout sa ki pòv, tout malere
Se yon jou espesyal
Se Nwèl, pa gen anyen ki pi nòmal
Si akòz grangou, malsite ak lamizè
Yo imilyen, yo meprize n
Yo pran pòz y ap ede n, tire pòtre n
Al vann vizaj nou lòt kote
Fè wè nan lemond antye jan nou ye
Men Nwèl pa gen prejije
Se ti jezi ki vini tout bon vre pou sove
Chanje figi sa k ap soufri
Soulaje sa y ap toupizi
Nwèl rive, jezi vini
Sou tout twotwa, sou tout plas piblik
Nan tout lari kote pèp la ap pare van, pare lapli
Anba prela, anba tant
Bondye, a pye, sou tout ma dlo
Sou pil fatra, sou dekonm l ap pase
L ap voye je, l ap vizite
Anba yon tant byen ba
De twa moun reyini, yon chandèl limen, li antre
Nan mitan yo li chita
Li envite yo fèmen je yo, priye
Li kase pen
Li ba yo diven
Yo dòmi ak lapè jis demen maten
Nwèl anba tant
-
- 100 Posts
- Messages : 141
- Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
- Localisation : Port-au-Prince,Haiti
Re: Nwèl anba tant
je te salue madame Francesca, c'est toujurs un plaisir pour moi d'ecrire sur le site de potomitan, un site que j'apprecie énormement et je rpofite de cette nouvelle année qui s'approche pour adresser mes voeux à tous les membres et administrateurs de ce site qui s'acquitte bien de sa tâche qui consiste à faire la promotion de la langue créole en Haiti et dans le monde.
Encore à vous tous mes meilleurs voeux et une bonne année 2012 dans la paix et la fraternité
Encore à vous tous mes meilleurs voeux et une bonne année 2012 dans la paix et la fraternité