Kreyòl pa yon patwa se yon lang tankou tout lang

Partage entre internautes
Répondre
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 141
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

Kreyòl pa yon patwa se yon lang tankou tout lang

Message par kelita »

Se tout tan, moun ki pa chèche sa yo rele bon konprann mete nan tèt yo ap di kreyòl pa lang, se yon patwa, se yon bann mo gaye yo rasanble pou fòme yon fraz, se yon fotokopi lang. kòmkidire kreyòl pa enpòtan.

Si kreyòl pa lang, moun ki pale l yo tou pa moun paske lang se moun ki pale sa, se pa bèt. Nou jwenn gen plis pase 120 peyi ki pale kreyòl nan lemond. Plis kote moun pale kreyòl se nan peyi d’Ayiti. Majorite Ayisyen se kreyòl yo pale, se yon minorite ki pale franse.

Kidonk, nou pa ka voye jete majorite a ki depi l fèt sou ti zile sa a, se kreyòl li jwenn manman l ak papa l ap pale. Nou pa ka kontinye ap di kreyòl pa lang. Se lang tout ayisyen kelkeswa sa w ye, kote w ye, kote w sòti.

Nou wè malgre gen yon seri moun kap chèche voye jete byen lwen lang sa, gen anpil jèfò ki fèt, k ap kontinye fèt pou l pran plas li kòmsadwa nan peyi a nan lòt peyi tou. Gen anpil moun kite rekalsitran fas ak entegrasyon lang kreyòl la nan lavi nasyonal la, gen yon bann enstitisyon ki t ap redi sou kòd la, men plis lane ap pase nou finn pa konstate lang kreyòl la gaye toutpatou.

Gwo kokenn chenn evolisyon sa se gras ak detèminasyon, yon bann moun, yon bann lòt sektè nan peyi a ki kwè devlopman yon peyi depann tou de lang popilasyon an pale ki se idantite l, ki se zam li genyen pou fè tande revandikasyon li, rèv li, aspirasyon li.

Si lang se yon mwayen kominikasyon ebyen kreyòl, se ak mwayen sa zansèt nou yo te sèvi pou pou yo te kapab kominike, mete men ansanm pou lite pou jwenn libète. Kreyòl se yon patrimwan, yon eritaj zansèt nou yo te kite, se li ki soude nou youn ak lòt, ki fè deviz nou ki se libète, egalite, fratènite, gen plis fòs lè nou ini nou pou nou defann kòz lapè, kòz respè, kòz libète, lè tout kote n pase nou antrave.

Konpleks yo mete lakay nou ki fè n ap rejte lang nou, se plis desann l ap desann nou nan basin inyorans. Se pa pale franse ni pale anpil lang ki fè yon moun entèlijan, men lè ou gen bon konprann, sajès ak ladrès pou chwazi sa ki bon, sa ki itil epi sa ki konsekan; sa ki itil pa sèlman pou ou menm men pou tout lèzòt k ap viv bò kote w, ki se moun tankou w yo ye tou, lè sa ou pa entèlijan sèlman ou vinn tounen yon modèl respè ak diyite pou tout antouraj ou.

Depi lane 83 moun ki konprann nesesite pou bay kreyòl la jarèt mete yon jounen entènasyonal sou pye pou pèmèt plis refleksyon fèt sou lang sa. 28 oktòb k ap vini la ap fè plis pase 25 lane kote yon bann aktivite nan anpil peyi ap òganize chak ane nan tout domèn kilti, literati elatriye pou mete an valè tout riches san mezire lang sa genyen.

Kidonk pèsonn pa sanse inyore kreyòl se yon lang. Se pito vye lide dwategòch sa yo y ap mete nan tèt nou ki ensense. An nou voye kreyòl la ki se lang nou monte pou drapo diyite n kontinye flote pi wo nan syèl Bondye.
kenn
100 Posts
100 Posts
Messages : 155
Inscription : mardi 10 avril 2007 17:01
Localisation : CANADA

Re: Kreyòl pa yon patwa se yon lang tankou tout lang

Message par kenn »

se li ki kenn a moun peyi Haiti.
KENN
zeeshan
New entry
New entry
Messages : 1
Inscription : lundi 05 janvier 2015 06:39

Re: Kreyòl pa yon patwa se yon lang tankou tout lang

Message par zeeshan »

Anfen, zanmi m yo ! Lavi se yon kado. Nou dwe travay di poun kenbe l dyanm selon tras Seyè a :Kris Jezi . Mete bon chalè ladann. Mete chalè non pa pou n chifonnen l , maspinen l , pou l deperi menm jan ak yon fwi yo bliye kap pouri. Nou dwe kontinye konstri, anbeli, netwaye e wouze nan confyans ak andirans .
Menm si tan an di, pa lage ! Bondye ki plen lanmou an, pap kite nou soufri pou toujou. Louye l !Adore l ! Alò nou sèten ke nap rete kin sou tè a paseke Dye pa konn fè lasisin.
Cut down your exam stress by using our latest ccna online training and high quality 70-688 gmat and 400-101 We provide updated www.sterling.edu with 100% pass guarantee along with Thomas Aquinas College
Répondre