Konstitisyon

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
edpoete
40 Posts
40 Posts
Messages : 47
Inscription : mercredi 29 juin 2005 16:31
Contact :

Konstitisyon

Message par edpoete »

Tout Ayisyen ki deja gen dizuit (18) ane, oblije fè sèvis militè.

Lalwa deside ki jan enskripsyon dwe fèt pou pwogram sa yo, kouben tan yo dire, kouman pou yo mache.

Atik 268-1:
Tout sitwayen gen dwa defann tèt yo ak zam, anndan lakay yo. Men, pou moun gen zam sou yo, fòk se chèf lapolis la ki ba yo pèmisyon pou sa. Fòk pèmisyon an lè, e fòk yo esplike rezon ki fè yo bay pèmisyon sa a.

Atik 268-2:
Depi yon moun gen yon zam ki tire bal, lakay li fòk li avèti lapolis.

Atik 268-3:
Se lame d Ayiti sèlman ki gen dwa fè zam pou fè lagè, ansanm ak tout minisyon ki ale ak zam sa yo, ni tout materyèl pou fè lagè. Se lame sèlman ki gen dwa: voye chèche mòd zam sa yo aletranje, voye yo aletranje, sèvi avèk yo, kenbe yo nan depou.

Chapit 2
Lapolis

Atik 269:
Lapolis, se yon gwoup ki gen dwa gen zam. Li mache sou zòd ministè lajistis.

Atik 269-1:
Yo mete lapolis pou li pwoteje dwa tout moun genyen pou yo viv anpè. Lapolis dwe pwoteje lavi tout sitwayen, ansanm ak tout byen yo. Lalwa deside kouman lapolis òganize ak kouman li dwe mache.

Atik 270:
Kontitisyon an mande pou yo nonmen konmandan lapolis pou yon tan sèvis twa (3) ane, Li gen dwa double.

Atik 271:
Yo mete yon akademi ak yon lekòl lapolis. Lalwa deside kouman yo òganize ak kouman yo dwe mache.

Atik 272:
Lapolis gen divès branch, youn pou chak sèvis espesyal:

1) Gen sèvis administrasyon prizon.

2) Gen sèvis ponpye.

3) Gen sèvis sikilasyon.

4) Gen sèvis gran wout.

5) Gen sèvis rechèch kriminèl.

6) Gen sèvis kont dwòg.

7) Gen sèvis kont kontrebann.

Lwa ki regle tout sèvis sa yo, se li ki regle kouman tout sèvis lapolis òganize, kouman yo mache, epi kote yo chita.

Atik 273:
Lapolis la pou li ede lajistis jwenn moun ki an kontravansyon, moun ki fè fòt, moun ki fè krim. Se lapolis ki gen dwa arete moun sa yo.

Atik 274:
Lè manm lapolis ap fè travay jandam yo, yo fèt pou yo respekte tout lwa yo rele lwa sivil ak lwa penal, nan tout jan sa make nan konstitisyon an ak nan lalwa.

Douzyèm Pati Konstitisyon an
Sou: Kèk pwen nan Konstitisyon an,
Ki vo an jeneral

Atik 275:
Ni sèvis Leta, ni sèvis prive, ni komès, pap travay jou fèt nasyonal ak jou fèt legal.

Atik 275-1:
Men jou fèt nasyonal yo:

1) Premye janvye : Fèt endepandans peyi d Ayiti.

2) 2 janvye: Fèt moun lontan nou yo.

3) Premye me: Fèt kilvatè ak travayè

4) 18 me: Fèt drapo ak inivèsite.

5) 18 novanm: Fèt ki fè n sonje jou batay Vètyè. Fèt lame.

Atik 275-2:
Lalwa va deside ki jou ki fèt legal.

Atik 276:
Asanble nasyonal la pa gen dwa dakò pou l siyen okenn kontra, ni okenn deklarasyon, ni okenn antant, ak lòt peyi, depi ta gen de bagay ki pa ale avèk konstitisyon sa a ladan yo.

Atik 276-1:
Se an fòm yon dekrè, asanble nasyonal la fè tout moun konnen li dakò pou l syen ni kontra, ni deklarasyon, ni antant avèk lòt peyi.

Atik 276-2:
Lè yo fin dakò byen dakò ak kontra, oubyen ak antant ak lòt peyi, selon sa konstitisyon an mande, kontra sa yo ak antant sa yo vin fè pati tout lwa ak regleman peyi a. Tout lwa ki ale kont yo, pa vo anyen.

Atik 277:
Peyi d Ayiti gen dwa rantre kòm asosye, nan yon gwoup lòt peyi ki met tèt ansanm pou yo regle pwoblèm lajan ak pwoblèm ekonomi peyi sa yo Men, fòk nan antant pou peyi d Ayiti asosye ak lòt peyi yo, pa gen ayen ki ale kont konstitisyon sa a.Okontrè, fòk li pouse peyi d Ayiti pi devan toujou, nan bon wout pwogrè, nan avantaj tout pèp la.

Atik 278:
Yo pa kapab deklare okenn kote nan peyi a ann eta d syèj, sòf si gen lagè sivil, oubyen si lame yon lòt pei anvayi peyi d Ayiti.

Atik 278-1:
Deklarazyon prezidan Repiblik la fè, pou l deklare eta d syèj, fòk plremye minis la siyen l tou, ansanm ak tout lòt minis yo. Nan menm deklarasyon sa a, fòk yo mande asanble nasyonal la reyini tousuit, pou li kapab di, si sitiyasyon an mande eta d syèj.

Atik 278-2:
Asanble nasyonal la deside, ansanm ak gouvènman an, ki nimewo yo gen dwa pa aplike nan konstitisyon an, nan kote yo deklare ki ann eta d syèj nan peyi a.

Atik 278-3:
Apre yo mete eta d syèj, si asanble nasyonal la pa vote chak kenz jou pou li kontinye, eta d syèj la kaba.

Atik 278-4:
Asanble nasyonal la dwe travay pandan tout tan gen eta d syèj.

Atik 279:
Anvan trant (30) jou pase, apre eleksyon prezidan Repiblik la, se pou prezidan an remèt grefye tribinal pou premye jijman bò kote l rete a, yon papye tenbre, ak lis tout byen, tout kay, tout pwopriyete li genyen. La fè menm jan tou, lè tan sèvis li fini.

Atik 279-1:
Premye minis, minis, ak sekretè deta va fè menm jan tou, anvan trant (30) jou pase, apre yo rentre nan plas yo, epi lè tan sèvis yo fini.

Atik 280:
Gen twa gwoup moun ki gen pouvwa fè peyi d Ayiti mache. Lè Leta bay yon manm nan twa gwoup sa yo, yon travay espesyal pou li fè, Leta pa gen okenn lajan pou l peye manm nan pou travay espesyal li fè a.

Atik 281:
Lè gen eleksyon nan peyi a, Leta fèt pou li peye yon pati nan depans ki fèt pandan kanpay la, selon valè vòt ki genyen.

Trèzyem Pati Konstitisyon an
Sou: Chanjman nan Konstitisyon an

Atik 282:
Gwoup moun ki gen pouvwa fè lwa nan peyi a, gen dwa mande chanjman nan konstitisyon an, depi lachanm senatè oubyen lachanm depite, mande chanjman ak bvon rezon pou sa. Gwoup moun ki gen pouvwa dirije peyi ak gen dwa fè menm jan tou.

Atik 282-1:
Pou demann sa a bon, fòk gen de (2) manm ki dakò pou sa, sou chak twa (3) manm, ni lachanm senatè, ni lachanm depite. Se nan dènye peryòd travay lachanm, yo dwe fè demann sa a, yon jan pou yo kapab mete sa deyò, tousuitk nan tousuit, nan tout peyi a.

Atik 283:
Nan premye peryòd pwochenn epòk travay lachanm, ni lachanm senatè, ni lachanm depite, va fè yon sèl, pou yo fòme asanble nasyonal la. Se asanble nasyonal la ki va fè yon desizyon sou chanjman yo mande a.

Atik 284:
Asanble nasyonal la pa kapab travay pou l etidye demann chanjman an, san pa genyen de (2) manm lachanm ki la, sou chak twa (3) manm, kit se lachanm senatè, kit se lachanm depite.

Atik 284-1:
Pou nenpòt desizyon asanble nasyonal la bon, fòk gen de (2) bilten vòt ki dakò pou sa, sou chak twa (3) bilten vòt.

Atik 284-2:
Yo pa gen dwa aplike yon chanjman yo vote nan konstitishon an, anvan yo enstale pwochenn prezidan ki monte a. Prezidan ki te la pandan yo vote chanjman an, pa janm gen dwa sèvi ak avantaj chanjman sa a ta poute pou li.

Atik 284-3:
Yo pa janm gen dwa fè referandòm, pou yo mande pèp la si li dakò pou gen chanjman nan konstitisyon an.

Atik 284-4:
Yo pa janm gen dwa fè okenn chanjman nan konstitisyon an, si chanjman sa a ta fè, peyi a pa gen demokrasi anndan l ankò, oubyen si chanjman sa a ta fè, peyi d Ayiti pa yon repiblik ankò.

Katòzyèm Pati Konstitisyon an
Sou: Kèk pwen nan Konstitisyon an
Ki la ann atandan

Atik 285:
Konsèy nasyonal gouvènman an ap rete sou pouvwa jis 7 fevriye 1988. Se jou sa a, y ap enstale prezidan Repiblik yo nonmen nan eleksyon, ak konstiisyon sa a, jan yo te prevwa sa nan kalandriye elektoral la.

Atik 285-1:
Ann atandan depite ak senatè, yo va nonmen nan eleksyon ak konstitisyon sa a, konmanse travay, konsèy nasyonal gouvènman an gen dwa meta dekrè deyò. Dekrè sa yo, ki gen menm valè ak lwa, dwe fèt nan reyinyon konsèy minis, ak jan konstitisyon an mande pou sa fèt.

Atik 286:<br> Yon Ayisyen, ki te vin sitwayen yon peyi etranje, pandan ventnèf (29) ane, anvan 7 fevriye 1986 la, gen dwa tounen pran tout dwa sitwayen ayisyiien l, ak avantaj lalwa bay yon sitwayen Ayisyen. Pou l tounen vin Aysyen, fòk li fè yon deklarasyn pou sa, nan konstitisyon an, pou l fè deklarasyon sa a.

Atik 287:
Poutèt sitiyasyon Ayisyen ki te lese peyi a pou pwop volonte pa yo, ak sitiyasyon Ayisyen yo te egzile, tout dèle ki nan konstitisyon sa a, sou afè rezidans, pou pouwichenn eleksyon an, pa deplase enn (1) an.

Atik 288:
Men kouman yo dwe konte tan sèvis twa (3) senatè y ap chwazi nan pwochenn eleksyon an, pou chak depatman:

1) Tan sèvis senatè ki gen pi plis vòt mmnan yon depatman, va dire sis (6) ane.

2) Tan sèvis senatè ki gen pi plis vòt nan depatman an, apre premye senatè sa a, va dire kat (4) ane.

3) Tan sèvis senatè ki gen pi plis vòt nan depatman an, apre dezyèm senatè a, va dire de (2) ane.

Apre premye eleksyon sa a, tan sèvis chak senatè va dire sis (6) ane.

Atik 289:
Ann atandan yo mete konsèy elektoral ki la nèt la jan konstitisyon an deja di a, konsèy nasyonal gouvènman an va fòme yon konsèy elektoral pwovizwa ak nèf (9) mannm. Wòl konsèy sa a, se: fè lwa elektoral pou fè pwochen eleksyon yo, epi fè aplike lwa sa a. Men ki jan yo va chwazi manm konsèy elektoral pwovizwa a:

1) Gwoup moun ki gen pouvwa dirije peyi a, va chwazi yon (1) manm, ki pa fonksyonè Leta.

2) Konferans episkopal monseyè katolik yo, va chwazi yon manm.

3) Konseyè konsiltatif la va chwazi yon (1) manm.

4) Tribinal kasasyon an va chwazi yon (1) manm.

5) Òganis ki defann dwa kretyen vivan ann Ayiti yo, va chwazi yon (1) manm.

6) Konsèy inivèsite a va chwzi on (1) manm.

7) Asosiyasyon jounalis yo va chwazi yon (1) manm.

8) Legliz pwotestan yo va chwazi yon (1) mannm.

9) Konsèy nasyonal koperariv yo, va chwazi yon (1) man.

Atik 289-1:
Anvan kenz (15) jou pase depi pèp la di, li dakò avèk konstitisyon sa a,k gwoup oubyen òganis ki rekonsab chwazi manm konsèy yo voye non moun yo chwazi yo, ba gouvènman an.

Atik 289-2:
Sizanka youn nan gwoup sa yo oubyen youn nan òganis sa yo pa chwazi yon moun, se gouvènman an ki va chwazi moun nan.

Atik 289-3:
Travay konsèy elektoral pwovizwa a gen pou l fè a, fini menm jou yo enstale prezidan ki pase nan eleksyon an.

Atik 290:
Men kouman yo tire non nèf (9) manm premye konsèy elektoral ki la nèt la, pou konnen ki longè tan sèvis yo chak, yon jan pou yo kapab chanje twa (3) ladan yo, chak twa (3) zan: twa (3) permye non yo tire yo, va gen yon tan sèvis nèf (9) ane. Twa (3) lòt yo, va gen yon tan sèvis sis (6)ane. Twa dènye yo, va gen yon tan sèvis twa (3) ane.

Atik 291:
Gen yon seri moun ki pap gen dwa chèche jwenn okenn plas Leta, pandan dis (10) ane apre yo pibliye konstitisyon sa a. Men, sa pa vvle di, yo pa gen dwa mande jijman pou moun sa yo nan tribinal, pou tribinal pini yo oubyen pou tribinal fòse yo peye pou zak yo te f`è yo. Men ki moun:

1) Moun tout moun byen konnen pou zak yo te fè, nan soutni rejim kraze zo ki pase ventnèf (29) ane sou pouvwa a.

2) Nenpòt moun yo panse ki fè kòb nan move konminezon sou do Leta, pandan yo te reskonsab lajan Leta a, sou rejim kraze zo a.

3) Tout moun pèp la denonse pou zak kraze zo, sou prizonye politik, sou moun yo arete, sou moun yo t ap mennen ankèt sou yo. Tout moun pèp la denonse kòmkwa yo tiye moun pou politik.

Atik 292:
Se pou konsèy elektoral pwovizwa a veyatif anpil ak sa ki ekri nan nimewo 291 la, nan travay resevwa non kandida yo.

Atik 293:
Dekrè de (2) dènye gouvènman yo sou tè ak sou byen yo te pran nan espwopriyasyon, ni lavil, ni an pwovvens, kit se an favè Leta, kit se an favè gwoup biznismann t ap fòme, tout dekrè sa yo pa vo anyen, depi travay ki te fè, yo pran dekrè sa yo, pa te janm fèt, nan dis (10) ane ki sot pase yo.

Atik 293-1:
Depi yo te pran byen yon moun, san rezon, depi yo te retire byen yon moun nan men l, ilegal, pou politik, ant 22 oktkob 1957 ak 7 fevriye 1986, moun sa a gen dwa parèt devan tribinal ki la pou sa a, pou yo remèt li byen l. Nan ka sa a, tribinal la pa nan pèdi tan. Li dwe fè jijman kòz sa a prese prese, Se tribinal kasasyon an sèlman, ki ta gen dwa kase jijman sa a.

Atik 294:
Sizanka tribinal ki te jije moun ant 1957 ak 1986, te kondane yon moun poutèt politik, pou li sibi yon pinisyon ki grav oubyen ki ta fè l wont, moun sa a konitnye kenbe tout dwa sivil li ak tout dwa politik li, kanmenm.

Atik 295:
Pandan sis (6) premye mwa apre yo fin enstale premye prezidan, yo chwazi nan eleksyon, ak konstitisyon 1987 la, gwoup moun ki gen pouvwa dirije peyi a, gen dwa pwòpte administrasyon piblik la, pou yo mete l anfòm nèt. Yo gen dwa fè menm jan tou, pou jij ak tribinal.

Kenzyèm pati Konstitisyon an
Dènye pwen nan Konstitisyon an

Atik 296:
Depi sa ki nan yon liv lwa, nan yon mànyèl jistis, nan yon lwa, nan yon dekrè-lwa, nan yon dekrè, nan yon desizyon Leta, pa gen anyen ki ale kont sa ki nan konstitisyon sa a, yo dwe kontinye sèvi avè l toujou.

Atik 297:
Nenpòt lwa, nenpòt dekrè-lwa, nenpòt dekrè ki wete kichòy sou manman dwa ak manman libète tout siwayen pou plezi otorite, pa vo anyen ankò. Tankou :

1) Dekrè-lwa 5 sektanm 1935 la, sou kwayans yo te bay pou vye kwayans.

2) Lwa 2 out 1977 la, ki te mete yon tribinal pou sekirite Leta.

3) Lwa 28 jiye 1975 la, ki te mete yon valè tè plenn Latibvonit sou kont Leta ann atandan.

4) Lwa 29 avril 1969 la, kont tout sistèm lide ki soti aletranje.

Atik 298:
Se pou yo pibliye konstitisyon sa a nanm kenz (15) jou apre pèp la di, li dakò avè l, nan yon referandòm. Yo dwe konmanse aplike konstitisyon an, lemoman li parèt nan jounal ofisyèl peyi a, kidon Le Monitè.

Se nan palè lachanm Potoprens, kote asanble konstitiyant la te chita, nou siyen konstitisyon sa a, le 10 mas 1987, ki fè peyi d Ayiti 183 ane depi li endepandan.

Mèt Emil Jonasen, prezidan asanble konstitiyant la
Mèt Jan Siplis, vis-prezidan asanble kontitiyant la

Sekretè yo:

Madan Batil Babankou
Msye Jak Sen-Lwi
Mèt Rafayèl Michèl Adèlson

Manm Yo :

Msye Danyèl Anglad
Msye Jan Adlè Basen
Msye Richa Bekè
Msye Fresnèl Belizè
Msye Rigo T. Bwa
Mèt Igo Chal
Met Klavawòch Chèranfan
Mèt Alkan Dòmeyis
Mèt Chantal Idikou Eval
Mèt Wòtchil Franswa
Msye Rik Gànye
Msye Aleksi Gèrye
Msye Lwi-Dominal Gèrye
Doktè Jòj Grefen
Msye Apoulon Izrayèl
Mèt Atanaz Jan-Lwi
Mèt Antwàn Jil
Met Renòl Jòj
Msye Vilbè Jozèf
Msye Nil Kaliks
Msye Gi Latòti
Msye Jilyo Lawozilyè
Msye Lavlanèt Lendò
Msye Jan Abraram Liben
Msye Jan Leyonidas Lisyen
Msye Jera M. Loran
Mèt Franswa Maglwa
Msye Vòlvik Matye
Mèt Jan Menvil
Mèt Jisten Mezil
Doktè Jòj Michèl
Mèt Babantès Mousiyal Mèt Jisten Oba
Msye Yvon Ogis
Msye Kal Obis
Msye Talès Pòl
Mèt Menès Ovid
Mèt Talès Pòl
Msye Frank Poulch
Msye Pyè T. Pyè
Msye Gistav Pyè-Lwi
Msye Rejinal Riboul
Msye Gari Sajous
Msye Benwa Sanon
Mèt Michèl Feliks Sapini
Mèt Mak Semèvil
Mèt Grasya Sen-Lwi
Msye Edi Sen-Pyè
Msye Pyè Sen-Remi
Msye Jak Seyid
Msye Jan Edmon Tida
Msye Eklezyas Valsen
Msye Sèj Vila

Doktè Lwi Wa
Mèt Jera Womilis

Nòt yo:
(Se Pòl Dejan ki ajoute nòt sa yo nan tradiksyon an)

(*1) 3 gwoup sa yo, se:
1) Gwoup moun ki gen pouvwa fè lwa pou peyi a.

2) Gwoup moun ki gen pouvwa dirije peyi a.

3) Gwoup moun ki gen pouvwa jij nan peyi a

Pouvwa 3 gwoup sa yo, se nan pèp la li soti. Se nan pèp la li chita.

(*2) Dwa sivil: se dwa tout moun ki nan yon peyi, genyen. Dwa politik: se dwa tout sitwayen ki majè e ki gen konprann genyen, yon jan pou yo sa di mo pa yo, nan afè peyi yo.

(*3) Tankou min lò,min kuiv, min sab, eksetera.

(*4) Jiri, sa vle di: yon gwoup sitwayen ki va suiv tout jijman an, e ki va di jij la, si, dapre yo menm, yo panse moun nan koupab ou byen yo panse moun nan pa koupab.

(*5) Men nan ki sans moun ki pwofonde nan lasyans konstitisyon ak lwa peyi d Ayiti sèvi ak pawòl Àyisyen natif natal, nan konstitisyon sa a: pou yon Ayisyen natif natal, fòk li te fèt Ayisyen. Fòk li pitit Ayisyen, ki te fèt Ayisyen, e ki te kontinye sitwayen ay
isyen jistan li menm, li fèt.

(*6) Se gwo tribinal espesyal sa a ki la dirèk pou li jije prezidan, premye minis ak sekretè deta. Gade nimewo 93.

(*7) Espesyalman nan nimewo 2227-3.

(*8) Kote se yon sèl moun oswa yon sèl gwoup ki reskonsab fè yon danre osinon yon pwodui, oubyen ki reskonsab vann li, oubyen achte 1.

Sa ki nan liv Konstitisyon 1987 la

1.Deklasyon ..........................................................Nimewo........................Paj---3

Premye pati konstitisyon an sou Repiblik D Ayiti
Drapo, desen ak pawòl ki make sou drapo a.
Chapit 1: Repiblik d Ayiti........................................1 - 7-1---------------------4
Chapit 2:Tè peyi d Ayiti…...............................8 - 9-1-------------------- 6

Dezyèm pati konstitisyon an
Sou sa ki fè yon moun se Ayisyen ….................................10 - 15--------------------7

Twazyèm pati konstitisyon an sou sa yon sitwayen ye
Chapit 1: Ki sa yon sitwayen ye ………………..........................16 - 18--------------------9
Chapit 2: Prensipal dwa tout moun genyen
Paragraf 1: Tout moun gen dwa viv
Tout moun gen dwa viv an sante …………........................19 - 23-------------------10
Paragraf 2: Chak moun gen dwa viv lib ……..................24 - 27-1-----------------11
Paragraf 3: Moun gen dwa pale lib
Moun gen dwa ekri lib ………………………..................................28 - 29-1----------------13
Paragraf 4: Moun gen dwa suiv kwayans yo
ak relijyon yo lib …………………………….....................................30 - 30-2----------------14
Paragraf 5: Moun gen dwa reyini lib
Moun lib fè asosiyasyon yo vle …………….........................31 - 31-3-----------------14
Paragraf 6: Chak moun gen dwa jwenn
bon jan fòmasyon ak bon jan konesans ……..................32 - 34-1-----------------15
Paragraf 7: Nenpòt ki moun gen
dwa travay lib ………………………………........................................35 - 35-6-----------------16
Pargraf 8: Moun gen dwa gen
pwòp byen pa yo ……………………………........................................36 - 39-------------------17
Paragraf 9: Moun gen dwa jwenn
bon enfòmasyon ……………………………..........................................40------------------------19
Paragraf 10: Moun gen dwa viv an pè
nan peyi a …………………………………................................................41 - 51-------------------19
Chapit 3: Ki sa yon sitwayen dwe fè........52 - 52-3-----------22
5. Katriyèm pati konstitisyon an sou: Etranje....53 - 57------23

Senkyèm pati konstitisyon an
Sou : sa ki fè peyi d Ayiti mèt tèt li .............58 - 60-2------24
Chapit 1: peyi a divize an zòn..........61 - 61-2-----------------26
Paragraf 1: Seksyon kominal ……………..............................62 - 65-------------------26
Paragraf 2: Komin ………………………..............................................66 - 74-------------------27
Paragraf 3: Awondisman ………………….......................................75-------------------------28
Paragraf 4: Depatman ……………………...................................76 - 84--------------------29
Paragraf 5: Delege ak adjwen delege …….....................85 - 86--------------------30
Paragraf 6: Konsey tout depatman yo ……....................87 - 87-5------------------31
Chapit 2: Gwoup moun ki gen pouvwa
fè lwa pou peyi ya ………………………........................................88 - 93--------------------32
Paragraf 1: Depite …………………………......................................89 - 93--------------------32
Paragraf 2: Senatè ………………………….....................................94 - 97--------------------33
Paragraf 3: Asanble nasyonal …………….............................98 - 103-------------------35
Paragraf 4: Kouman gwoup moun ki gen
pouvwa fè lwa nan peyi a dwe travay ……......................104 - 130-3----------------37
Paragraf 5: Plas ki pa ale ak travay
yon manm lachanm ………………….................................................131 - 132------------------44
Chapit 3: Gwoup moun ki gen pouvwa
dirije peyi a …………………………………….....................................133------------------------45
Paragraf 1: Sa Prezidan Repiblik la ye ………..................134 - 135-1----------------45
Paragraf 2: Sa Prezidan dwe fè ………………........................136 - 154-----------------46
Paragraf 3: Sa gouvènman ye ……………….............................155 - 157------------------49
Paragraf 4: Sa premye minis la gen dwa fè …..............158 - 165------------------50
Paragraf 5: Minis ak sekretè deta …………….....................166 - 172------------------51
Chapit 4: Gwoup moun ki gen pouvwa
jij nan peyi a …………………………………...........................................173 - 184-1----------------53
Chapit 5: Gwo tribinal espesyal........................185 -190-------------------56

Sizyèm pati konstitisyon an
sou sèvis Leta ki endepandan yo
Chapit 1:Konsèy elektoral ki la nèt la.............191 - 199--------------58
Chapit 2: Tribinal ki kontwole tout lajan Leta
e ki regle tout kòz anplwaye Leta ………………....................200 - 205------------------61
Chapit 3: Komite pou mete antant ………………....................206 - 206-1----------------64
Chapit 4: Biwo pou pwoteje sitwayen …………..................207 - 207-3----------------65
Chapit 5: Inivèsite. Akademi. Richès ki
nan sèvo pèp la …………………………………........................................208 - 216-------------------66

8. Setyèm pati konstitisyon an sou lajan Leta …….....217 - 233------------------67

9. Uityèm pati konstitisyon an sou administrasyon piblik la ………………………………………......................................................234 - 244-------------------70

Nevyèm pati konstitisyon an
Chapit 1: Ekonomi peyi a. Travay tè nan peyi a ...............245 - 252-------------------73
Chapit 2: Tè peyi a ak tou sa ki alantou tè a ……..............253 - 258-------------------75

11. Dizyèm pati konstitisyon an sou paran ak pitit...........259 - 262-------------------75

Onzyèm pati konstitisyon an
sou lame ak lapolis ……………………………..........................................263 - 263-2-----------------76
Chapit 1: Lame …………………………………...............................................264 - 268-3-----------------77
Chapit 2: Lapolis.........................................269 - 274--------------------80

13. Douzyèm pati konstitisyon an sou kèk pwen nan Konstitisyon an
ki vo an jeneral ...................................275 - 281---------------------81

14. Trèzyèm pati konstitisyon an sou: chanjman nan
konstitisyon an .....................................282 - 284-4------------------83

15. Katòzyèm pati konstitisyon an sou: kèk pwen
nan konstitisyon an ki la ann atandan........285 - 295---------------84

16. Kenzyèm pati konstitisyon an Dènye pwen nan
konstitisyon an ........................................296 - 298--------------------87

17. Lis non manm Asanble konstitisyon an
ki siyen konstitisyon sa a …………...............................................................89

Nòt yo ........................................................................................................91

Koutwazi Edisyon Konbit Ayisyen,2001
Kontak kouryèl: josephprof@hotmail.com

Edner SaintAmour
edpoete
40 Posts
40 Posts
Messages : 47
Inscription : mercredi 29 juin 2005 16:31
Contact :

Re: Konstitisyon

Message par edpoete »

Konstitisyon
Repiblik
D Ayiti

29 mas 1987

Imprimerie Deschamps, Pourt-au-Prince, 1996
Éditions Libète

Tradiksyon : Pòl Dejan

Kreyatè premye vèsyon elektronik pou Entènèt:
Prophète Joseph

Deklarasyon

Pèp Ayisyen deklare : li dakò ak konstitisyon sa a.

1. Konstitisyon sa a la, pou li asire tout dwa Pèp Ayisyen vin genyen depi li endepandan, depi an 1804 : Dwa pou tout Ayisyen jwenn lavi.
Dwa pou tout Ayisyen viv lib.
Dwa pou tout Ayisyen viv alèz.
Dwa pou sa yo, menm avèk sa Nasyonzini deklare an 1948 sou dwa tout kretyen vivan genyen sou latè beni. Se dwa yo pa janm kapab wete nan men pèp Ayisyen.

2. Konstitisyon sa a la, pou peyi d Ayiti kapab mèt tèt li. Pou li kapab mèt richès li. De kwa pou tout Ayisyen egal ego vre, e pou tout Ayisyen rive jwenn jistis tout bon vre.

3 Konstitisyon sa a la pou peyi d Ayiti kanpe solid, pou li kanpe an fòm, nan pami tout nasyon. Pou li pa restavèk oken lòt peyi. Pou li kenbe tou sa ki fè Ayisyen, se Ayisyen tout bon, ni nan sa yo mete konfyans yo ladan, ni nan jan yo viv, ni nan fason youn sèvi ak lot.

4. Konstitisyon sa a la pou demokrasi pouse bon rasin nan peyi a. Pou tout moun gen dwa suiv lide yo lib. Pou direksyon peyi a pa toujou rete nan men menm moun ak menm gwoup moun tout tan. Pou pèsonn moun pa janm ka rive rache dwa pèp Ayisyen nan men l.

5. Konstitisyon sa a la, pou pèp Ayisyen mache men nan men, nan tèt ansanm, nèt ale, san pa gen okenn chire pit: ni sou afè moun lavil ak moun an pwovens, ni sou afè lang, ni sou sa moun kwè ak sou sa moun konnen, piske tout moun nan peyi a, fèt pou yo jwenn bon lekòl pou yo aprann, bon fòmasyon pou yo ogmante konesans yo, bon swen, bon jan travay, bon jan detant, ak bon jan mwayen pou yo pa malad.

6. Konstitisyon sa a la, pou li pèmèt gwoup endepandan ki nan sèvis pèp la (*1, gade paj 100), fè travaiy yo korèk, san youn pa nui lòt.

7. Konstitisyon sa a la, pou peyi d Ayiti kapab mache selon prensip ki respekte tout dwa tout kretyen vivan genyen:

Dwa pou yo viv lib. Dwa pou yo viv alèz. Dwa pou yo toujou kapab di mo pa yo, nan jan peyi a dwe mache. Dwa pou se pa, ni yon ti pounyen moun sèlman, ni moun ki chita yon sèl kote nan peyi a sèlman, ki deside tout bagay, pou tout peyi a.

Premye Pati Konstitisyon an sou:

Repiblik d Ayiti
Drapo, Desen ak Pawòl ki make sou drapo a

Chapit 1
Repiblik d Ayiti

Atik 1:
Peyi d Ayiti, se yon repliblik. Yo pa kapab separe tè peyi d Ayiti ak okenn lòt peyi. Peyi d Ayiti sèl mèt lakay li. Li endepandan. Sitwayen l yo egal ego. Yo fèt pou yo viv lib, nan tèt ansanm, san youn pa kraze lòt san oyun pa fè lòt abi.

Atik 1-1:
Se vil Pòtoprens, ki kapital peyi d Ayiti. Se la, gouvènman peyi a chita. Men, si gen ka sikonstans, yo kapab tabli l yon lòt kote.

Atik 2:
Koulè drapo peyi d Ayiti, se ble e wouj.

Atik 3:
Men ki jan drapo peyi d Ayiti dwe fèt:

Drapo a fèt ak 2 moso twal, menm longè, menm lajè. Moso twal ble a, anwo. Moso twal wouj la, anba. Tou le 2 moso twal yo kouche.

Nan mitan drapo a, sou yon ti moso twal blan, yon moso twal kare, y a fè desen yon pye palmis, ak yon bonèt wouj sou tèt pye palmis la.

Anba fèy palmis la, y a fè desen kèk zam ak kèk enstriman mizik.

Men sa y a ekri, anba, sou ti moso twal blan an:
MEN ANPIL, CHAY PA LOU.

Atik 4:
Si yo kapab tanpe yon peyi, men ak ki pawòl yo ta dwe tanpe peyi d Ayiti, pou rekonèt li tout kote: Tout Ayisyen lib. Tout Ayisyen egal ego. Tout Ayisyen se frè ak sè.

Atik 4-1
Chante ofisyèl peyi a, im nasyonal li, se Ladesalinyèn.

Atik 5:<br> Sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm, se lang kreyòl. Kreyòl ak franse, se lang ofisyèl Repiblik d Ayiti.

Atik 6:
Lajan ki sèvi ann ayiti, se goud. Goud la divize an santim.

Atik 7:
Okenn chèf, nan peyi a, pa janm gen dwa pran pòz Bondye l, pou yo ajenou devan l. Ni yo pa gen dwa mete non, oubyen pòtre okenn moun ki vivan toujou, sou okenn lajan, sou okenn tenm pou lapòs, sou okenn papye Leta, sou okenn biwo Leta, sou okenn batisman Leta. Ni yo pa gen dwa bay okenn ri poute non moun ki vivan toujou.

Atik 7-1:
Ata pou moun ki mouri, se sèl lachanm ki gen dwa bay pèmisyon sèvi ak pòtre yo.

Chapit 2
Tè peyi d Ayiti

Atik 8:
Men ki tè ki pou peyi d Ayti e ki fòme Repiblik d Ayiti:

Tout pati il d Ayiti ki a Lwès fwontyè a, ansanm ak tout ti il ak tout zile ki tout pre pati sa a, kidonk: Lagonav Latòti, Lilavach, Gwo Kayimit, Ti Kayimit, Lanavaz, Gwòskay, ak tout lòt zile yo jwenn nan lanmè ki pou peyi d Ayiti

Tè peyi d Ayiti fini sou fwontyè Dominikani, kote solèy leve. Nan Nò, tè peyi rive jis nan Oseyan Atlantik,. Nan Sid ak nan Lwès, li rive jis nan lanmè yo rele: lanmè Karayib.

Se peyi d Ayiti tou sèl ki gen dwa lontwole tut dlo lanmè ki nan zòn tè ki pou peyi d Ayiti.

Se peyi d Ayiti tou sèl ki gen dwa kontwole bout syèl anlè tè ki pou li, ak bout syèl anlè lamè ki pou li.

Atik 8-1:
Okenn lòt peyi pa gen dwa rantre lib, kote ki pou peyi d Ayiti. Yo pa gen dwa vann okenn peyi etranje, pa yon ti moso tè peyi d Ayiti. Ni yo pa gen dwa fè, okenn peyi etranje, kado pi piti moso nan tè peyi d Ayiti. Tout papye, tout kontra, tout deklarasyon, tout regleman ki ta fè sa, pa vo anyen.

Atik 9:
Peyi d Ayiti divize an depatman. Depatman divize ann awondisman. Awondisman divize an komin. Komin divize an katye ak an seksyon kominal.

Atik 9-1:
Se lalwa ki va di konben depatman, konben awondisman, konben komin, konben katye ak seksyon kominal, ki va nesesè pou peyi a mache kòrèk.

Dezyèm pati konstitisyon an
Sou sa ki fè yon moun se Ayisyen

Atik 10:
Se lalwa ki deside ki sa ki fè, yon moun se Ayisiyen.

Atik 11:
Depi papa yon moun oubyen manman l, te fèt Ayisyen, moun sa a fèt Ayisyen tou, dèske papa a ak manman an pa te janm mande pou yo pa ayisyen ankò, lè moun sa a te fèt.

Atik 12:
Yon etranje, kapab vin Ayisyen. Men nan ki kondisyon:

Atik 12-1:
Yon etranje, ki pase senk (5) ane, youn dèyè lòt, nan peyi d Ayiti, kapab vin Ayisyen, selon regleman ak lwa peyi a.

Atik 12-2:<br> Yon moun ki vin Ayisyen, san li pa te fèt Ayisyen, gen dwa vote. Men gen kèk plas Leta, konstitisyon an ak lwa peyi a, mete la, pou Ayisyen natif natal sèlman. Pou lòt plas yo, Ayisyen ki pa te fèt Ayisyen, va tann senk (5) ane, apre yo vin ayisyen, pou yo kapab nonmen yo ladan, oubyen al nan eleksyon pou sa.

Atik 13:
Yon moun vin pa Ayisyen ankò:

1) Lè li vin sitwayen yon lòt peyi, aletranje.

2) Lè li nan yon plas ki mande l fè yon travay politik pou yon gouvènman etranje.

3) Lè li rete twa (3) ane youn dèyè lot, aletranje, si li pa te fèt Ayisyen, sòf si li jwenn bon jan pèmisyon pou sa, nan men otorite ki gen dwa bay pèmisyon sa a. Si yon moun ki pa te fèt Ayisyen, vin pa Ayisyen ankò, nan kondisyon sa a, li pap janm ka toumen Ayisyen ankò.

Atik 14:
Yon Ayisyen, ki te vin pa Ayisyen ankò, kapab tounen Aiysyen, depi li fè tou sa lalwa mande yon etranje ki vle vin Ayisyen.

Atik 15:
Yon Ayisyen pa janm kapab vin sitwayen yon lòt peyi epi pou l ta rete sitwayen Ayisyen, an menm tan.

Twazyèm Pati Konstitisyon an

Sou: Sa yon Sitwayen ye,
Ki dwa li genyen. Ki sa li dwe fè

Chapit 1
Ki sa yon sitwayen ye

Atik 16:
Yon sitwayen se yon moun ki gen tout dwa sivil li (*2, Gade paj 100), ansanm ak tout dwa politik li (*2, Gade paj 100).
Atik 16-1:
Se lalwa ki deside, ki lè yon moun kapab sèvi ak dwa sa yo. Ki lè li pa gen dwa sèvi avèk yo, pandan kèk tan. Ki lè li pèdi yo nèt.

Atik 16-2:
Yon moun majè, depi li gen dizuit (18) an.

Atik 17:
Tout Aisyen, fi kòm gason, moun marye ak moun ki pa marye, kapab sèvi ak dwa sivil yo oubyen dwa politik yo (*2, Gade paj 100), depi yo deja gen dizuit (18) an, e depi yo suiv tout kondisyon ki nan konstitisyon an ak nan lwa peyi a pou sa.

Atik 18:<
Tout Ayisyen egal ego devan lalwa, anwetan sèten avantaj Ayisyen natif natal yo genyen, depi yo pa te janm pa Ayisyen ankò.
Chapit 2
Prensipal dwa tout moun genyen

Paragraf 1
Tout moun gen dwa viv
Tout moun gen dwa viv an sante

Atik 19:
Leta dwe degaje l, tout jan, tout mannyè, pou tout Ayisyen, fi kòm gason, timoun kou granmoun, jwenn lavi, lasante ak respè tout moun gen dwa jwenn, lavi, lasante ak respè tout moun gen dwa jwenn, jan sa pale nan Deklarasyon sou dwa tout kretyen vivan.
Atik 20:
Jij pap kondane pèsonn moun a mò, pou okenn kòz.

Atik 21:
Men ki lè yon Ayisyen fè krim trayi peyi l:

1) Lè li rantre nan lame yon peyi etranje k ap goumen kont Repliblik d Ayiti.

2) Lè l ap travay pou yon peyi etranje kap fè lagè ak peyi d Ayiti.

3) Lè li volè byen Leta ki sou kont li, etan li nan yon plas Leta.

4) Lè l pa respekte konstitisyon an, etan li anchaje fè respekte konstitisyon an.

Atik 21-1:
Lè yon Ayisyen fè krim trayi peyi li, yo dwe kondane l pou travay a vi pou Leta, nan travo fòse, san yo pa janm gen dwa fè l gras.

Atik 22:
Men ki dwa Leta rekonèt tout sitwayen Ayisyen genyen toujou:

Dwa pou yo jwenn bon kay pou yo rete.

Dwa pou yo jwenn bon mwayen pou yo fè elevasyon timoun e pou yo ogmante konesans granmoun.

Dwa pou yo jwenn dekwa pou yo kab byen manje.

Dwa pou moun ki nan bezwen jwenn èd nan men Leta.

Atik 23:
Leta va degaje l tout jan tout mannyè pou tout sitwayen, nan tout zòn peyi a, rive jwenn tout sa ki nesesè, pou yo pa vin malad ak tou sa ki nesesè pou yo refè, si yo vin malad. Se pou sa, Leta dwe mete lopital, sant sante ak dispansè, tout kote nan peyi a.

nan tout peyi a, jis jou yo bay rezilta vòt la, san li pa sou zòd pèsonn.

Atik 191-1:
Se li ki prepare pwojè-lwa pou eleksyon. Lè fini li remèt moun ki gen pouvwa dirije peyi a, pwojè-lwa a, pou yo fè tout sa ki nesesè.

Atik 191-2:
Li kontwole si lis non moun ki gen dwa vote yo, toujou anfòm.

Atik 192:
Konsèy elektoral ki la nèt la fòme ak nèf (9) manm, yo chwazi nan yon lis twa (3) non, chak asanble depatman yo prezante.
Moun ki gen dwa dirije peiyi a, chwazi twa (3) nan yo.
Tribinal kasasyon chwazi twa (3) nan yo.
Asanble nasyonal la chwazi twa (3) nan yo.
Twa gwoup moun sa yo dwe fè yon jan, pou chak depatman gen moun nan konsèy elektoral ki la nèt la.

Atik 193:
Men nan ki kondisyon yon moun gen dwa cvin manm konsèy elektoral ki la nèt la:

1) Fòk li Ayisyen natif natal. Epi, fòk li pa te janm pa Ayisyen ankò.

2) Fòk li deja gen karant (40) ane pou pi piti.

3) Fòk li gen tout dwa sivil li ak tout dwa politik li. E, fòk li pa janm jwenn okenn pinisyon grav oubyen okenn pinisyon pou l ta wont, nan men jij ki jije krim dwa komen.

4) Fòk li gen papye ofisyèl li, komkwa li an règ ak Leta, si li te reskonsab lajan Leta.

5) Fòk li te rete omwen twa (3) ane nan peyi a, anvan jou yuo nonmen l manm konsèy elektoral ki la nèt la.

Atik 194:
Tan sèvis manm konsèy elektoral ki la nèt la, se nèf (9) ane. Yo pa gen dwa double, ni yo pa gen dwa manyen yo.

Atik 194-1:
Chak twa (3) ane, yo fèt pou yo chanje twa (3) nan nèf (9) manm konsèy elektoral ki la nèt la, apre tan sèvis yo fini. Yo chawazi presidan konsèy elektoral ki la nèt la, an pami manm konsèy la.

Atik 194-2:<br> Men pawòl manm konsèy elektoral ki la nèt la pale, lè yo leve lamen, devan tribinal kasasyon an, anvan yo rantre nan travay yo:
''Mwen sèmante m ap respekte konstitisyon an, ansanm ak sa lwa elektoral la prevwa. Mwen sèmante m ap fè travay mwen an moun debyen, an moun ki pa sou zòd moun, an moun ki pa nan moun pa, an moun ki renmen peyi l''.

Atik 195:
Sizanka yon manm konsèy elekoral ki la nèt la, fè yon fòt ki grav, nan pye travay li, se gwo tribinal espesyal la ki dwe jije l pou sa.

Atik 195-1:
Konsèy elektoral ki la nèt la chita nan kapital la. Men, se tout peyi a ki sou kont li, li pou afè eleksyon.

Atik 196:
Plas manm konsèy elektoral ki la nèt la, pa ale ak okenn lòt plas Leta. Pandan tout tan sèvis yo, yo pa gen dwa kandida pou okenn plas Leta ki mande eleksyon. Yo fèt pou yo tann twa (3) ane, apre yo bay demisyon yo, anvan pou yo ta kandida pou yon plas Leta ki mande eleksyon.

Atik 197:
Konsèy elektoral ki la nèt dwe regle tout diskisyon ki leve, ni nan afè eleksyon, ni nan jan yo aplike lwa eleksyon an, ni nan jan yo pa aplike lwa eleksyon an. Sapa anpeche yo gen dwa ale devan lòt tribinal ki gen dwa jije yon moun oubyen plizyè moun ki ta koupab, pou yo pini yo.

Atik 198:

Sizanka plas yon manm konsèy elektoral ki la nèt la vin vid, poutèt lanmò, poutèt demisyon, oubyen pou yon lòt rezon, se pou yo ranplase manm sa a, pou rès tan sèvis li. Se gwoup moun ki te chwazi manm ki pa la ankò a, ki dwe ranplase l, jan sa make nan atik 192 la.

Atik 199:
Lalwa deside kouman konsèy elektoral ki la nèt la, òganize ak kouman pou li mache.

Chapit 2
Tribinal ki kontwole tout lajan Leta
e ki regle tout kòz anplwaye Leta

Atik 200:
Tribinal ki kontwole tout lajan Leta e ki regle tout kòz anplwaye Leta, se yon tribinal ki endepandan e ki mèt tèt li. L okipe tout afè lajan Leta ak tout afè administrasyon Leta. Li anchaje kontwole si yo administre resèt ak depans Leta yo, legal. Li dwe kontwole liv kontabilite biznis Leta ak biznis ki pou zòn nan peyi a.

Atik 200-1:
Men ki sa tribinal ki kontwole tout lajan Leta e ki regle tout kòz anplwqaye leta yo gen dwa jije:

Tout kòz ki mele ak Leta, ak zòn peyi a, ak administrasyon piblik, ak anplwaye Leta, ak sèvis Leta, ak moun ki resevwa sèvis nan men Leta.

Atik 200-2:
Anwetan tribinal kasasyon, yo pa kapab parèt devan okenn lòt tribinal, pou yo kase yon desizyon tribinalki kontwole tout lajan Leta e ki regle tout kòz anplwaye Leta.

Atik 200-3:
Tribinal ki kontwole tout lajan Leta e ki regle tout kòz anplwaye leta, gen de (2) branch:

1) Yon branch pou kontwole lajan

2) Yon branch pou pwoblèm administrasyon.

Atik 200-4:
Tribinal ki kontwole tout lajan Leta, e ki regle tout kòz anplwaye Leta, bay konkou l pou yo fè bidjè Leta a. Yo dwe mande l sa l panse, anvan pou yo fè nenpòt lwa sou lajan Leta anvan pou yo siyen nenpòt kontra, nenpòt regleman nenpòt papye pou Leta, sou afè lajan oubyen sou komès. Li gen dwa kontwole liv kontabilite tout sèvis Leta yo.

Atik 200-5:
Men nan ki kondisyon yon moun gen dwa vin manm tribinal ki kontwole tout lajan Leta, e ki regle tout kòz anplwaye leta:

1) Fòk li Ayisyen, e fòk li pa te janm pa Ayisyen ankò.

2) Fòk li deja gen trannsenk (35) ane.

3) Fòk li gen papye ofisyèl li kòmkwa li an règ ak Leta, si li te reskonsab lajan
Leta
4) Fòk li gen yon lisans an dwa oubyen fòk li gen yon diplòm kontab ofisyèl, oubyen yon diplòm inivèsite, ann administrasyon piblik, ousinon ann ekonomi, osinon nan finans piblik.

5) Fòk li travay pandan senk (5) ane nan yon sèvis Leta oubyen nan sèvis prive.

6) Fòk li gen tout dwa sivil li ak tout dwa politik li.

Atik 200-6:
Moun ki vle kandida pou plas manm tribinal sa a, fèt pou yo enskri non yo, yo menm, nan biwo lachanm senatè yo. Lachanm senatè yo va chwazi dis (10) manm tribinal sa a. Se dis (10) manm yo ki chwazi yon prezidan ak yon vis-prezidan an, pami yo.

Atik 201:
Tan sèvis manm tribinal sa a, se dis (10) ane. Ni yo pa gen dwa manyen yo.

Atik 202:
Men pawòl manm tribinal ki kontwole tout lajan Leta, e ki regle tout kòz anplwaye Leta, pale, lè yo leve lamen devan yon branch tribinal kasasyon an, anvan yo rantre nan travay yo:

''Mwen sèmante m ap respekte konstitisyon an, ansanm ak lwa peyi a. Mwen sèmante m ap fè travay mwen korèk, san mank, an moun debyen''.

Atik 203:
Sizanka yon manm tribinal ki kontwole tout lajan Leta, e ki regle tout kòz anplwaye Leta, fè de fòt grav nan pye travay li, se gwo tribinal espesyal la ki dwe jije l pou sa.

Atik 204:
Chak ane, anvan trant jou pase, apre premye peryòd travay lachanm konmanse, tribinal ki kontwole tout lajan Leta, e ki regle tout kòz anplwaye Leta, dwe fè lachanm jwenn yon rapò sou tout sitiyasyon lajan peyi a, epi sou tout depans ki fèt ak lajan Leta bay.

Atik 205:
Lalwa deside kouman tribinal sa a òganize, kouman li mache, epi ki wòl ak ki dwa manm li yo genyen.

Chapit 3
Komite pou mete antant

Atik 206:
Gen yon kimite pou mete antant ant gwoup moun ki gen pouvwa dirije peyi a ak gwoup moun ki gen pouvwa fè lwa pou peyi a, lè pa gen antant. Menm jan tou, ant lachanm senatè ak lachanm depite, lè pa gen antant. Men ki moun ki nan komite sa a:

1) Prezidan tribinal kasasyon an. Se li ki prezidan komite a.

2) Prezidan lachanm senatè. Se li ki vis-prezidan komite a.

3) Prezidan lachanm depite. Li manm komite a.

4) Prezidan konsèy elektoral ki la nèt la. Li manm komite a.

5) Vis-prezidan konsèy elektoral ki la nèt la. Li manm komite a.

6) De (2) minis, prezidan Repiblik la chwazi. Yo manm komite a.

Atik 206-1:
Lalwa deside kouman komite pou mete antant lan mache.

Chapit 4
Biwo pou pwoteje sitwayen

Atik 207:
Yo mete yon biwo yo rele: Biwo pou pwoteje sitwayen. Biwo sa a la, pou li pwoteje tout moun, kont tout kalite abi yo ta fè yo, nan sèvis Leta yo.

Atik 207-1:
Sitwayen ki alatèt biwo sa a, poute non: moun ki pwoteje sitwayen. Prezidan Repiblik la antann li, ni ak prezidan lachanm depite, pou yo chwazi l. Tan sèvis li, se sèt (7) ane. Pa gen double.

Atik 207-2:
Li mèt nan nenpòt tribinal, al defann yon moun ki poute plent nan biwo a, sa toujou fèt gratis.

Atik 207-3:
Yon lwa regle nan ki kondisyon biwo pou pouwoteje sitwayen an mache, epi ak ki regleman.

Chapit 5
Inivèsite. Akademi. Richès ki nan sèvo pèp la

Atik 208:
Lekòl ki fèt pou moun jwenn degre konesans ki vin apre lekòl segondè dwe lib. Degre konesans siperyè sa a, yo jwenn li, nan inivèsite deta d Ayiti, nan lekòl siperyè Leta, oubyen nan lekòl siperyè prive, Leta bay pèmisyon louvri. Inivèsite deta d Ayiti mèt tèt li.

Atik 209:
Leta fèt pou l bay, ni inivèsite deta d Ayiti a, ni lekòl siperyè Leta yo, lajan yo bezwen pou yo mache epi pou yo fè bon jan pwogrè. Kote yo mete yo, ak jan pou yo òganize yo, tou sa dwe fèt yon fason pou tout yon zòn mache nan wout pwogrè tout bon.

Atik 210:
Yo dwe ankouraje moun fòme sant pou y chèche tout mwayen pou lasyans fè pwogrè.

Atik 211:<br> Anvan pou inivèsite ak lekòl siperyè prive konsmanse mache nan peyi a, fòk yo jwenn pèmisyon pou sa nan men konsèy inivèsite deta a. Men lòt kondisyon toujou: se Ayisyen ki dwe Ayisyen. Pi fò kou yo, dwe fèt nan lang ofisyèl peyi a.

Atik 211-1:
Sa yo moutre ni nan inivèsite, ni nan lekòl siperyè prive ni nan lekòl siperyè Leta, dwe soti dakò ak sa peyi a bezwen pou li vanse nan bon wout pwogrè.

Atik 212:
Yon lwa espesyal regle nan ki kondisyon ak ki kote nan peyi a, yo gen dwa mete inivèsite, lekòl siperyè prive. Menm lwa sa a, va deside kouman pou yo mache.

Atik 213:
Yo mete yon Akademi Ayisyen pou li fikse lang kreyòl la e pou li fè l kaplab devlope anfòm, ann òd epi selon prensip lasyans.

Atik 213-1:
Yo kapab mete lòt akademi toujou.

Atik 214:
Poute non: manm akademi, se yon dekorasyon.

Atik 214-1:
Lalwa deside kouman akademi yo òganize ak kouman pou yo mache.

Atik 215:
Tout bèl bagay ki nan peyi d Ayiti depi tan lontan, tout kote istwa d Ayiti fè n konnen poutèt mèvèy moun lontan nou yo te fè la, tout richès ki soti nan sèvo ak nan lespri pèp Ayisyen, tout bèl batisman tan lontan yo, dwe sèvi pèp Ayisyen temwen, kòmkwa li te toujou yon gran pèp. Tout richès sa yo, se byen peyi a yo ye. Se pou sa, Leta reskonsab pwoteje:

1) Tout batisman lontan yo, ak sa ki rete nan yo.

2) Tout kote, san moun lontan nou yo te koule, nan goumen ak lènmi nou yo.

3) Tout kote yo abitye sèvi selon kwayans lafrik moun lontan nou yo.

4) Tout sa ki kapab fè nou sonje mèvèy yo te konn fè yo.

Atik 216:
Lalwa va detaye ki jan, ak nan ki kondisyon, yo va pwoteje tout richès sa yo.

Setyèm Pati Konstitisyon an
Sou: lajan Leta

Atik 217:<br> Lajan Leta pa fèt pou l ret nan men yon ti pounyen moun ase. Li dwe sou rekonsab tout zòn peyi a. Gen yon ministè ki okipe tout keksyon lajan Leta pi dirèk. Yon konsèy pou tout depatman yo, dwe ede gwoup moun ki gen pouvwa dirije peyi a, prepare lwa ki fikse valè chak zòn peyi a, gen pou yo resevwa an lajan Leta a.

Atik 218:
Se ak yon lwa sèlman, yo gen dwa mete yon enpou pou Leta. Kit nan depatman, kit nan komin, kit nan seksyon kominal, yo pa kapab mete okenn dwa ni okenn kalite enpo, nan zòn peyi sa yo, pa dakò ak sa.

Atik 219:
Nan peye enpo, nanpwen fè favè. Se lalwa sèlman ki kapab bay dwa pa peye enpou, mete so enpou, wete sou enpo, disparèt enpo.

Atik 220:
Se yon lwa sèlman ki kab pèmèt yo sèvi ak lajan Leta., ni pou pansyon, ni pou fè moun kado yon lòt kòb an plis salè yo, ni pou èd, ni pou sibvansyon. Pansyon Leta yo, va suiv pri lavi tou le jou, pye pou pye.

Atik 221:
Pèsonn moun pa janm gen dwa touche nan de (2) plas Leta an menm tan, sòf plas pwofesè, epi lè gen yon aranjman espesyal ki fèt.

Atik 222:
Lalwa deside ki demach ki dwe fèt pou prepare bidjè Leta a, e pou aplike l.

Atik 223:
Tribinal ki kontwole tout lajan Leta, e ki regle tut kòz anplwaye Leta, ansanm ak biwo bidjè Leta a, anchaje kontwole konman yo aplike lwa sou bidjè Leta a ak sou kontabilite Leta a.

Atik 224:
Se bank santral la, ansanm ak ministè ekonomi ak ministè finans ki regle kouman pou yo sèvi ak lajan peyi a.

Atik 225:
Bank santral la,se yon sèvis Leta ki mèt tèt li. Li gen tout dwa yon granmoun genyen, devan lalwa, Li mèt tèt li toujou, sou koze lajan. Lalwa deside ki wòl ak ki dwa bank santral la genyen.

Atik 226:
Se sèl bank santral la ki gen dwa fè lajan ki vo pou tout peyi d Ayiti. Lalwa regle sa lajan an vo, sa ki make anwo biye lajan ak pyès monnen yo, ki desen ak ki nimewo ki dwe anwo yo, ki pwa yo dwe genyen.

Atik 227:<br> Bidjè chak ministè divize an chapit ak an paragraf. Yo dwe vote chak nimewo bidjè yo, youn dèyè lòt.

Atik 227-1:
Bidjè Leta divize an douz pòsyon, youn pou chak mwa nan ane a, sòf mwa d desanm nan, ki gen de (2) pòsyon, poutèt mwa salè an plis, yo rele boni an, yo dwe peye tout fonksyonè ak tout anplwaye Leta. Se kon sa, valè lajan chak minstè dwe pran chak mwa, sou bidjè a, pa dwe depase pòsyon yo prevwa pou chak mwa.

Atik 227-2:
Se minis finans lan ki okipe kontabilite tout resèt ak tout depans Leta, selon sistèm kontabilite lalwa mete pou sa.

Atik 227-3:
Chak ane, anvan kenz (15) jou pase, apre premye peryòd travay lachanm konmanse, minis finans lan dwe voye liv kontabilite ak bidjè sa yo, nan lachanm, ansanm ak rapò tribinal ki kontwole tout lajan Leta, e ki regle tout kòz anplwaye leta. Menm jan tou pou tout lòt liv kontabilite Leta yo, ak pou bilan aktivite bank santral la dwe fè chak ane.

Atik 227-4:
Pou tout afè lajan ak adminsitrasyon Leta se premye oktòb ki premye jou ane fiskal la, e se 30 sektanm ki dènye jou a.

Atik 228:
Chak ane lachanm mete yon pwen final:

1) Nan total resèt ak depans Leta, pou ane ki fèk pase a, ak lòt ane anvan yo.

2) Nan tout bidjè Leta a. Bidjè sa a dwe bay ki pòsyon lajan chak ministè ap jwenn pou ane a, ak ki sa li fè li dwe fè avèk lajan sa a. Se kon sa li fèmen ane fiskal la.

Atik 228-1:
Men, lè y ap vote bidjè Leta a, yo pa kapab mande okenn chanjman, ni yo pa kapab fè okenn chanjman nan bidjè a, san yo pa prevwa kote y ap jwenn lajan an.

Atik 228-2:
Yo pa kapab ni mete, ni wete sou lajan anplwaye Leta yo, san yo pa chanje lwa ki regle salè anplwaye sa yo touche.

Atik 229:
Lachanm gen dwa pa travay toutotan li pa jwenn dokiman yo pale de yo, pi wo a (*7, Gade paj 100). Si dokiman yo, oubyen pyès ki ale avèk yo, pa sifi pou lachanm kapab konprann liv kontabilite yo korèk, osinon pou li kapab kontwole yo byen, lachanm ap refize bay minis yo papye ofisyèl yo, komkwa yo an règ ak Leta pou lajan Leta ki te sou kont yo.

Atik 230:<br> Lalwa deside kouman yo dwe fè kalkil ak regleman kontabilite tout administrasyon Leta a. Menm jan tou pou moun ki reskonsab lajan Leta.

Atik 231:
Sizanka lachanm pa te gen tan fèmen ane fiskal la pou yon depatman minis oubyen pou plizyè ministè, pou nenpòt rezon, se ak bidjè ki pankò fèmen an y a sèvi, jistan yo vote yon nouvo bidjè.

Atik 231-1:<br> Sizanka se gouvènman an ki lakòz yo pa vote bidjè Leta a, prezidan Repiblik la mande yon reyinyon espesyial tousuit, pou lachanm vote bidjè a sèlman.

Atik 232:
Sèvis ak biznis Leta ki mèt tèt yuo, sèvi ak de bidjè espesyal. Gouvènman an dwe di mo pa l, sou jan yo peye anplwaye sèvis sa yo, eli sou jan yo touche. Se menm bagay tou pou lòt gwoup ki resevwa lajan nan men Leta, kit se pou tout aktivite yo, kit se kpou yon pati ladan yo.

Atik 233:
Nan konmansman chak peryòd travay lachanm yo fòme yon komite lahanm ak kenz (15) manm, nèf (9) depite, sis (6) senatè. Se nan yon vòt sekrè yo chwzi komite lacham sa a Travay komite sa a, se ret veyaif pou depans Leta, toujou fèt kòrèk. Se komite sa a ki dwe fè yon rapò sou travay minis yo, yon jan pou lachanm kapab bay minis sa yo papye ofisyèl yo, kòmkwa yo an règ ak Leta. Komite sa a gen dwa mande esplesyalis konkou, pou ede yo kontwole depans Leta.

Uityèm Pati Konstitisyon an
Sou: Administrasyon Piblik la

Atik 234:
Administrasyon piblik peyi d Ayiti, se yon zouti ki pèmèt Leta kenbe wòl li korèk. Se gras a li Leta kapab rive fè travay li nan avantaj pèp Ayisyen. Pou zouti sa a kapab itil peyi a vre, fòk yo sèvi avè l pwòp, e fòk li anfòm.

Atik 235:
Fonksyonè Leta ak anplwaye Leta o Sèvis Leta sèlman. Yo fèt pou yo respekte dènye regleman, nan lwa sou administrasyon piblik la, yo lwa sa a montre yo kouman pou yo kondui tèt yo, kòm bon sèvitè Leta.

Atik 236:
Se lalwa ki regle ki jan chapant administrasyon piblik la kanpe, e ki jan administrasyon an dwe mache.

Atik 236-1:
Regleman lalwa mete pou administrasyon piblik la, chita sou sa moun kab fè, sou sa moun deja fè, e sou jan moun kondui tèt yo. Lalwa fè yon jan pou plas anplwaye asire.

Atik 236-2:<br> Administrasyon piblik, se yon metye an fòm yon chemen k ap monte. Se egzamen, ansanm ak lòt regleman ki pèmèt moun antre ladan l. Regleman sa yo make nan konstitisyon an oubyen nan lalwa. Yo pa gen dwa revoke okenn fonksyonè ki vin fonksyonè nan kondisyon sa yo, san se pa pou rezon lalwa make klè. Tout jan, se tribinal ki regle kòz tout anplwaye Leta ki gen dwa deklare yo revoke yon fonksyonè.

Atik 237:
Fonksyonè Leta, pa la pou yon sèl grenn sèvis Leta, men pou tout administrasyon piblik la. Se administrasyon piblik la ki voye yo nan tèl sèvis Leta oubyen nan tèl lòt sèvis Leta.

Atik 238:<br> Lalwa fè n konnen kilès, nan fonksyonè Leta yo, ki sètoblije deklare ki valè byen yo genyen. Yo dwe fè deklarasyon sa a devan grefye tribinal sivil la, anvan trant (30) jou pase, depi yo rantre nan travay yo. Komisè gouvènman an va fè mwayen pousib li, pou li kontwole si deklarasyon sa a, se la verite.

Atik 239:
Fonksyonè ak anpoulwaye Leta gen dwa mete asosiyasyon sou pye pou yo defann dwa yo. Lalwa prevwa nan ki kondisyon.

Atik 240:<br> Plas politik ak pòs politik pa pèmêt moun antre nan chemen administrasyon piblik la. Plas politik, se plas tankou: plas minis, sekretè deta, konmisè gouvènmman, delege ak adjwen delege depatmman, anbasadè, sekretè prive prezidan Repiblik la, manm kavbinè e yon minis, direktè jeneral yon depatman minis, direktè jeneral sèvis Leta ki mèt tèt yo, manm konsèy administrasyon sèvis sa yo.

Atik 241:
Lalwa pini moun ki nan fè koken ak sèvis kontribisyon ak moun ki fè kòb nan move konminezon sou do Leta. Fonksyonè Leta ki okouran zak sa yo sètoblije avèti otorire ki la pou sa yo.

Atik 242:
Yo gen dwa chèche jwenn tout kalite prèv kont moun ki fè kòb nan move konminezon sou do Leta. Youn nan prèv yo, se lè yon fonksyonè, vin chaje ak byen, li pa ta fouti vin genyen ak tout lajan, plas Leta a ta ba l dwa touche, depi li rantre nan travay la.

Atik 243:
Se apre yon dèle ven (20) ane, tribinal pa gen dwa jije yon fonksyonè ki ta fè zak yo pale de yo a, nan nimewo 242 a. Dèle sa a konmanse lemoman fonksyonè a pèdi plas li, oubyen lemoman rezon ki fè yo pa te kapab jije l nan tribinal,pa vo ankò.

Atik 244:
Fòk Leta degaje l pou pa gen yon twò diferans nan lajan chak moun touche, nan travay Leta.

Nevyèm Pati Konstitisyon an

Chapit 1
Ekonomi peyi a. Travay tè, nan peyi a

Atik 245:
Moun gen dwa fè lajan lib, nan peyi a toutotan jan yo fè lajan an pa nui enterè pi fò moun kap viv nan peyi a. Leta pwoteje biznis prive. Li fè yon jan pou mòd biznis sa a ogmante richès tout peyi a, dekwa pou pi plis moun jwenn avantaj pa yo, nan richès sa a.

Atik 246:
Leta ankouraje koperativ nan tout peyi a, ni lavil, ni an pwovens. Koperativ sa yo pèmèt pwodui danr3, nan peyi a, epi fè danre sa pou vin gen pi plis lajan nan peyi a, kon sa peyi a va pi fasil kontye vanse nan bvon wout pwogrè.

Atik 247:
Se travay tè ki premye richès peyi d Ayiti. Se sa ki va pèmèt tout moun nan peyi a, viiv alèz. Se sa ki va pèmèt peyi a mache nan bon wout pwogrè.

Atik 248:
Yo mete yon biwo espesyal pou korije tout dezòd ki tap fèt nan tè a. Non biwo a, se: Biwo pwogram Leta pou regle pwoblèm tè. Se abitan k ap travay tè, ki fèt pou yo jwi fwi travay yo, an premye. Tout mwqayen ki va pèm^`et okipe tè peyi a, yon jan pou li bay tout bon rannman li kapab bay, e pou li vin anfòm, nan avantaj abitan yo, Biwo pwogram Leta a dwe pran yo ann etid.

Atik 248-1:
Lalwa regle ki pi gwo valè tè moun oubyen gwoup moun k ap travay tè gen dwa genyen. Lalwa regle tou, ki pi piti valè tè, moun oubyen gwoup moun k ap travay tè, fèt pou yo genyen.

Atik 249:
Lalwa fèt pou li mete tou sa ki nesesè an plas, pou tè peyi a rive bay tout bon ranman li kapab bay, epii pou danre peyi a pwodui, rive vann anndan tout peyi a. Nan chak seksyon kominal, y ap mete gwoup teknisyen pou ede abitan nan komin nan jwenn tout konkou yo bezwen ni pou yo travay tè a, ni pou yo twouve lajan pou sa.

Atik 250:
Yo pa kapab bay ni Leta ni okenn zòn peyi a, yon monopòl (*8, gade paj 100), sòf si se ta sèl jan, pou fi fò moun nan peyi a, rive jwenn avantaj pa yo ladan vre. Yo pa janm gen dwa bay yon sèl grenn moun yon monopòl.

Atik 251:
Lè tè peyi d Ayiti kapab fè danre ak pwodui ki soti nan danre yo.sifizan dekwa pou tout moun nan peyi a jwenn pa yo, yo pa gen dwa kite danre sa yo soti aletranje pou yo rantre nan peyi a, sòf si ta gen gwo ka sikonstans.

Atik 252:
Leta gen dwa pran yon biznis sou kont li, pou li fè l mache, depi biznis sa a okipe bagay ki nesesè pou pi fò moun nan peyi a kab viv. Sa gen dwa fèt, lè biznis sa yo pa kapab kontinye mache oubyen si yo ta oblije fèmen. Lè sa a, yo va mete tout biznis ki vin sou kont Leta yo ansanm, pou Leta kontwole jan yo mache.

Chapit 2
Tè peyi a ak tou sa ki alantou tè a

Atik 253:
Tè peyi a ak tou sa ki alantou tè a, se la tout moun viv, nòmal. Yo pa janm gen dwa fè okenn zak ki ta detwi tè a ak tou sa ki alantou tè a.

Atik 254:
Leta fèt pou li okipe ranje tout bèl kote nan peyi a, pou yo pi an fòm. Li dwe fè yon jan pou tout moun kapab rive la fasil.

Atik 255:
Leta fèt pou li pwoteje tout forè ki rete nan peyi a. Li dwe fè plante pyebwa pou pyebwa kouvri peyi a nèt. Se pou sa, li va ankouraje moun sèvi ak tout bon teknik ki pa detwi tè a, ni ki pa sal tou sa ki alantou tè a, tankou teknik ki sèvi ak solèy, oubyen ak van,oubyen ak lòt mwayen, pou bay kouran electrik.

Atik 256:
Leta fèt pou li fè tout moun jwenn bon fòmasyon pou yo rive pwoteje tè peyi a, ak tou sa ki alantou tè a. Se pou sa, Leta va mete pak kote yo okipe tout kalite bèt, ak teren kote yo fè tout kalite plant ak pyebwa pouse, nan divès zòn peyi a.

Atik 257:
Lalwa regle nan ki kondisyon yo dwe pwoteje tout kalite bèt ki nan peyi a, ak tout kalite plant ak pyebwa ki pouse nan peyi a, pou yo pa disparèt. Lalwa gen dwa pini moun ki pa respekte regleman sa yo.

Atik 258:
Pèsonn moun pa gen dwa fè peyi d Ayiti tounen yon poubèl, pou peyi etranje ta vin jete fatra ak nenpòt vye rèsrestan ki soti lakay yo.

Dizyèm Pati Konstitisyon an
Sou Paran ak Pitit

Atik 259:
Nan yon peyi, se ksou paran ak pitit tout sosyete a chita. Se pou sa, Leta dwe pwoteje yo.

Atik 260:
Leta fèt pou li pwoteje tout paran ak pitit, nan peyi a, menm jan, kit paran yo marye, kit yo pa marye. Tout manman ki fè pitit, Leta fèt pou ba yo konkoul. Menm jan tou, pou timoun piti ak pou vye granmoun.

Atik 261:
Leta fèt pou li pwoteje tout timoun. Se dwa tout timoun pou manman yo ak papa yo renmen yo, pou yo ancheri yo, pou yo chèche konprann yo, pou yo ba yo bon okipasyon ak bon elevsyon.

Atik 262:
Yo dwe prepare yon liv regleman pou paran ak pitit, yon jan pou yo pwoteje dwa tout paran ak pitit genyen, yon jan pou yo fè respekte dwa sa yo, yon jan pou yo regle kouman yo va gen dwa chèche konnen kilès ki papa yon timoun. Nan dènye ti zòn peyi a, dwe gen tribinal ak biwo Leta ki anchaje pwoteje dwa sa yo. Tout moun gen dwa adrese yo gratis.

Onzyèm Pati Konstitisyon an
Sou: Lame ak Lapolis

Atik 263:
Gen de (2) gwoup separe ki gen dwa gen zam: se lame ak lapolis.

Atik 263-1:
Pa kapab gen okenn lòt gwoup ki gen dwa poute zam, nan tout peyi a.

Atik 263-2:
Lè yon moun anwole nan lame oubyen nan lapolis, li leve lamen pou li sèmante, li pap janm trayi ni konstitisyon an, ni drapo a, e l ap toujou respekte yo.

Chapit 1 Lame

Atik 264:
Gen plizyè branch nan lame d Ayiti: lame ki pou a tè, lame ki pou lanmè, lame ki pou anlè, ak sèvis teknisyen lame.

Atik 264-1:
Moun ki konmande lame d Ayiti tout bon, se yon ofisye ki gen grad jeneral, yo rele: konmandan an chèf lame d Ayiti.

Atik 264-2:<br> Se nan pami ofisye ki an sèvis aktifd, e ki gen grad jeneral, konstitisyon an mande pou yo chwazi konmandan an chèf lame a.

Atik 264-3:
Tan sèvis li dire twa (3) zan. Li gen dwa double.

Atik 265:
Manm lame yo, pa nan fè politik, Ni yo pa gen dwa rantre nan yon gwoup politik oubyen nan yon pati politik. Yo pa janm dwe pran pou okenn nan yo.

Atik 265-1:
Manm lame vote selon konstitisyon an.

Atik 266:
Men wòl lame:

1) Defann peyi a, si gen lagè.

2) Pwoteje peyi a kont danje ki sot alwtranje.

3) Siveye tout fwontyè peyi a ni a tè, ni sou lanmè, ni anlè.

4) Bay lapolis konkou, sizanka lapolis pa kapab fè travay li, depi gouvènman an gen bonjan rezon pou sa.

5) Ede moun ki nan peyi a, nan tan malè ak devas.

6) Men nan ki travay ki pa pwòp travay lame, yo kab mete l toujou: ede pleyi a mache nan bon wout pwogrè.

Atik 267:
Yo pa kab nonmen militè ki an sèvis aktif, nan okenn plas Leta, sòf pandan dezoutwa jou, pou yon travay espesyal.

Atik 267-1:
Pou yon militè ki an sèvis aktif gen dwa kandida nan eleksyon, fòk li te fè yo mete l an vakans, enn (1) an anvan dekrè eleksyon an parèt, oubyen fòk yo te mete l a laretrèt menm lè sa a.

Atik 267-2:
Travay militè se yon metye. Gen divès grad ladan l. Se nan reglenman lame d Ayiti yo jwenn man ki kondisyon pou moun anwole, nan ki kondisyon pou manm lame vin gen grad, nan ki kondisyon pou yo moute grad, nan ki kondisyon pou yo revoke yo, nan ki kondisyon pou yo mete yo a laretrèt.

Atik 267-3:
Pou yo jije yon militè nan tribinal militè, fòk li fè krim osinon fòt grav pandan peyi a an lagè, oubyen fòk li fè kichoy kont regleman lame a. Yo pa gen dwa revoke yon militè, san li pa dakò pou sa. Ni yo pa gen dwa mete l an vakans, ni yo pa gen dwa mete l sou kote komkwa li pa alawotè, ni yo pa gen dwa mete l a laretrèt anvan lè l, san li pa dakò pou sa. Nan ka sa a, miklitè a gen dwa mande pou yon tribinal ki lapou sa, jije kòz la.

Atik 267-4:
Militè toujou kenbe dènye grad yo te genyen nan lame a, jis yo mouri. Sèl lè yo vin pèdi grad sa a, se sizanka yon tribinal ki la pou sa, ta fè desizyon sa a, apre jijman fin fèt legal.

Atik 267-5:
Militè tout grad fèt pou yo touche regilyèman nan men Leta, yon jan pou yo viv san pwoblèm lajan.

Atik 268:
Lame dwe bay konkou l, pou l ede òganize pwogram sèvis peyi, ni fi, ni gason oblije suiv la, jan sa ekri nan nimewo 52-3. Konstitisyon an.

Répondre