12 janvye 2010
yon rel yon pleyen
5 e mwens set
la nati chavire sout tet
Haiti en dey
peyi a sonbre
tout moun pran rele
timoun. granmoun, jen moun, ti bebe
youn pa epanye
Bondye fache
li frape pye
trop mechanste
trop injistis
trop pale mete la
se pa sa li te vle
men se sa ki rive
pesonn pat avise
pesonn pat konnen
Bondye sel ki te konnen
men li pa di nou anyen
nou tro inkredil
nou tro inbesil
nou pa konn le poun pale
nou pa konn le pou nou pe
Bondye toujou pe
E le lap pale
Li pa pran dikte nan men pesonn
Anba tout kout rel kout anmwe
Bondye tande
ti pep la kap rele
men sa te dwe rive
fon pran konsyans
poun pa di ke se nou sel pep ki pa gen chans
o kontre nou dwe leve kanpe doubout
poun kontinye lite
malgre rel. vant mennen
malgre dlo nan je plenyen
Paske nou se pitit Bondye
se li ki kreye
pou tout sa ki pati ale
nap di paran yo kouraj pa kriye
pou tout sa ki rete
nap di yo kenbe fem pa lage
ak fos Bondye sou chimen an kanmenm fon rive
Mikelita Jean
yon rel yon plenyen
Re: yon rel yon plenyen
M kontan anpil li ou, Mikelita, youn lot fwa isit. Sa fe byen konnin ou toujou la, kouliea apre tou katastrof sa a, M te panse souvan ki jan ou ye... Ki jan nou ye? Gras a Die, ou toujou la.
Kenbe l!
Kenbe l!
-
- 100 Posts
- Messages : 142
- Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
- Localisation : Port-au-Prince,Haiti
Re: yon rel yon plenyen
mwen kontan anpil ou li mwen futé e mwen di ou ke avek Bondye n'ap kenbe e malgre tout bagay peyi a la. Mèsi anpil
Re: yon rel yon plenyen
Bravo, chapeau, -- nou swete nou kuraj anpil.kelita a écrit :mwen kontan anpil ou li mwen futé e mwen di ou ke avek Bondye n'ap kenbe e malgre tout bagay peyi a la. Mèsi anpil
Kenbe l!
-
- 20 Posts
- Messages : 29
- Inscription : samedi 27 mars 2010 19:35
Re: yon rel yon plenyen
bon travay. mwen dakò ak tout bagay.