Se kisa ki on kreyòl se kisa ki on kreyòl swa

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
kenn
100 Posts
100 Posts
Messages : 155
Inscription : mardi 10 avril 2007 17:01
Localisation : CANADA

Se kisa ki on kreyòl se kisa ki on kreyòl swa

Message par kenn »

Se kisa ki on kreyòl se kisa ki on kreyòl swa

Se pa pou dat nou ka tande bann mounn k'ap fè tip reflexsion sa-a ban nou assou bann tip zonnzolaj ki egziste nan lanng kreyòl epi sa pa finn annik ka konserne kreyòl mounn ka parle atè ni yonn ni de me atè tout bann zile.
evidaman zòt tout òben ata tout mounn t'ava finn èta twouve yon kestion
kontèl pa finn on bagay ki ka ni nessesèr ni essanssièl pou pièss mounn

Me èss reponss sa-a finn ata sa tou pou yon skriven ki limenm dwe chache an koumannie i kapab fè kreyol ganny kèk vlo douvan nan ap djaye bann djayans ki pwòp a-y

Annou retournen sou kestion-an
Se kisa ki on kreyòl se kisa ki on kreyòl swa
mwen,mon pa finn kwè kestion finn tinn yon repons ki kapab satisfè tout mounn , me malgre sa anpil lan nou kapab konstate, kapab remarke nan janman koze kreyòl la lo variassion possib la konn dèfwa twò mangonmen ò sinon twò makawon pou pèrmèt yon mounn finn sav defini
kategorikman kisa ki se kreyòl rèk-la kisa ki se kreyòl swa

mwen , mon pa finn panse ni mon pa ka dakò a konsepsion ki finn ka fè nou kwè, kreyòl rèk egal vie kreyòl zaffè mounn mòrnn , zaffè bitako kon yo ka di atè martinik
epi
kreyòl swa vedi kreyòl fransize kreyòl mounn ki finn vonnen lekòl

mon pa ka dakò a sa akoz younn pa fouti pwouve dèss yon mounn finn apwann angle lekòl òben i finn apwann franse lekòl sa finn fe pi abill nan koze kreyòl
mon pa di sa pa possib me fòk mounn sala-a finn te limenm deside pwan desizion pou i konpare de lanng la-yo epi fè kèk triyaj o plus konnesanss'li. wet nan sa-a pou atò mwen,mon pa finn ka wè pièss lòt manniè, eben donk
kreyòl swa pa fouti ka vedi kreyòl fransize pass kreyòl epi franse se de bretaregglang ( grammaire ) differan yo ye , kidonk mon plus èta panse

kreyòl rèk sinnyifie on kreyòl fondòk ki rèd epi ki kenbe bann mo èk mo expression ki pwòp a kreyòl-la , kantapou kreyòl swa sa se plus on srat a lanng-lan aki bann mounn k'ap marke y la ape dekouvri sot a on jou all nan on lòt

Annou di kreyòl
rèk : lanng-lan nan kanman a-y ki pi djanm
swa : lanng-lan nan on kanman a-y aki se bann mounn k'ap travay sou li ,k'ape dekouvri kèk grenn nossion kèk grenn possibilite epi sa se chak jou sa ka fèt piti piti

Annou tcheke atò kèk ti realite sou pwoblematik-la

mi kèk egzanp wonnanaj fransize ki toutafètman naturèll nan janman nou ka koze
#1
kòman sa li pa jamè fè kòm yo finn montre y pou y fè ya
alòs an on jan pi fondòk nou t'ava di
kouman sa i pa janme fè jan yo finn moutre y pou y fè ya
#2
dè yo finn rive kòm tout mounn
alòs an on jan pi fondòk nou t'ava di
kou yo finn rive yo pwan fè kon tout mounn
#3
que pou misie t'a panse y pi gwò que mwen la-a quel koze
alòs an on jan pi fondòk nou t'ava di
pase pou misie t'ava panse y pi gwò pase m la-a , ala on koze

Assou on lòt kanman kestion-an
mi on lòt manniè nou t'ava sav swannie ekritu kreyòl-la pou ka evite twòp rwomonim
mi kèk egzanp mon finn pwan
Assou fasson mounn guadeloupe ka pwonnonse twa ti mo ki tinn anpil enpòrtans nan stwukti parle kreyòl-la

mi =voila (men)
me=mais (men)
men=main (men)

alòs twa mo sila-a atè haiti yo tout ka pwononse kòyo= men
èss la-a on mounn k'ap ekri ki finn jwenn enformassion sa-a pa t'ava dwe swannie kreyòl ekri-a, nan adopte twa son differan sila-a epi bay mounn bon jan kalite explikassion pou ka fè yo konpwann pou kilès rezon èk pou kilès avantaj twa son differan-an t'ava miyò ba ekritu-a

Se menm bagay-la tou pou kèk lòt mo
fwè : frère
janman mounn lan nòr okap
frè : frais
Pouki rezon pou nou ekri de mo sala-a an on menm jan alòs sinyifians
a-yo pa tini p'onyonn lien, epi an menm tan tou pouki rezon pou nou pa t'ava diffuze pwononsiassion f-w-è -a ki se janman mounn lan nòr peyi Haiti èk mounn Guadeloupe , Dominick , Martinik èk Sainte-lucie

M'ape kanpe kòm la-a , evidaman mon rete kwe èt nou tout gen anpil bagay pou nou di assou sujè sa-a tankou tou ,yon pakèt lòt bann sujè ki ka konserne evolussion a lanng nou-an nan o koumansman a sièk sila-a ki se sièk kot i tini plus chans pou i ganny dekate kòl, mete y doubout anndan tout kalite bagay ...

Se pa ni yon mounn ni de mounn ni on gwoup mounn ki kapab tini kle sekre-a ki ke pèrmèt kreyòl-la atenn strat-la kili èt (que)nou ava sav konsidere etan kon srat ki finn pi swa i te kapab atenn.
mèrsi

si wou ple
Bay konmantè ki konstwuktif k'ava ede tout mounn ganny wè on jan pi klè kit mwenmenm kit yon lòt ki ke tcheke artik-la ,yon kokennchenn mèrsi davans.
eskuze mwen pou fot mwen finn fè yo.
pa fè yo .
KENN
granpapoo
100 Posts
100 Posts
Messages : 147
Inscription : mercredi 06 juillet 2005 18:34
Localisation : france métropolitaine

Ayiti je rouvè

Message par granpapoo »

Kenn frè-mwen
Apa ti kontan mwen kontan tann epi konpwann an boug kon-w, ki se yon kanado-ayisyen rive reyalize lenpòtans dòt kreyòl pou vansman kreyòl-Ayiti.
Lontan mwen ja gadewè zafè a men=mi, men = mais ak men nan lanmen. Woulo bravo frè ! Nou pou fè linite lantou kreyòl-Ayiti men pa nenpòt kreyòl-Ayiti : Gen moun ap panse kreyòl rèk se pli bèl kreyòl, gen dòt anko pou di kreyòl swa mi pli bèl kreyòl. Konyelaa m ap chante se kreyòl-kreyòl nou bouzwen, se ansanmansanm nou pou pale, se lanmen nan lanmen nou pou kenbe.
Tout chimen kreyòl ap mennen Ayiti men Ayisyen pou pale èvè pawòl tout kalité kreyòl.
Men mi lide-mwen, mi lanmen-mwen ap voye-w an sign.
An dòt solèy !
kounta
Moderator
Moderator
Messages : 75
Inscription : lundi 19 février 2007 03:50
Localisation : Lakarayib

An ti kèsyon

Message par kounta »

Kenn,
Ès ou pé di mwen ki graffi ou ka sèvi davwa mwen ka rimatjé ou ka doublé plizyè lèt kontèl:
mounn
bann
lanng
pièss
finn
èss
reponss
variassion
possib
zaffè
ss
abill
konesanss
pass
sinnyifie
nossion
possibilité
naturell
enformassion
differan
explikassion
pwononsiassion
evolussion

Mwen ka fè létid atjòlman asou grafi diféran péyi Lakarayib é man té lé sav kilès la ou ka sèvi. Kréyòl ou alafwa Ayisyen men man ka santi tibren Matinitjé andidan'y. Ou ka sèvi lèksik Ayisyen men osi ta Matnik tou. Sa ka entérésé mwen sav koté ou sòti, koté ou aprann matjé kréyòl ou. Sa pa ka anpéché mwen konprann tou sa ou ka ékri. Men mwen fouyaya, mwen titak antra padavwè mwen renmen kréyòl la.
Kréyòl la sé an pasyon ba mwen, mwen enmen miganné'y tou.
Plis fòs nan travay ou
kenn
100 Posts
100 Posts
Messages : 155
Inscription : mardi 10 avril 2007 17:01
Localisation : CANADA

Re: Se kisa ki on kreyòl se kisa ki on kreyòl swa

Message par kenn »

Si ou ka enteroje tet a wou asou yon grafi oswa yon ortograf se probableman ke ou ka charche ilustre mezi bèlte a lang a wou. Aktuelman, nou gen 5 grant tandans nan grafie kreol la, me nan chak tandans layo gen bann mini oriantasion. Kidonk nou pô kô gen aktuelman yon grafi ki fè unanimite pies kote, e sa ata (également) ater haiti. Ater il maurice gen twa mini tandans ki ka zouke ; mon konne ke ater bann il ti antille la, gen 3 mini oriantasion. Pour mwen sa pa yon problem majèu kantmenmsi mon te ke prefere, nou travay pou bay kreol la yon grafi unifie ki te ke ka miyor (meilleur) pase tout mini oriantasion ek grant tandans ou ka gete sou wèb la.
2)
Kreol a mwen
se kreol a tout kreolofôn
Lexik haitien an kontienn kazi mezi (tous les) mo a lexik martiniquais a KANTMENMSI serten mo kapab ka pi uzite martinique etan (alors que) yo marjinal ater haiti. Lè mon di wou marjinal: yo apèn uzite nan bouch granmoun klwatre nan yon rejion elwanie de sant a peyi a; kreol haitien ki ekrit la baze larjeman sou manniè moun lan sant la ka parle se donk pour sa ata yon haitien kapab pa ka kompwann serten mo kreol ki pa uzite nan zôn a kay li ke yon lot haitien ka ekri: "tini", "zot", "gete", "marmay","i" pou 85% haitien se pa bann mo haitien me pour bann moun lan nor a haiti, yo se bann mo haitien; "badine" pou 90% haitien i pa yon mo haitien me pou bann moun lan sud, i se yon mo haitien.

Fos ba wou tou!
KENN
Répondre