69 - Mwen te ale jete yon ...

Partage entre internautes
Répondre
Potomitan
Moderator
Moderator
Messages : 200
Inscription : vendredi 09 juillet 2004 16:18
Contact :

69 - Mwen te ale jete yon ...

Message par Potomitan »

Kanada, jou ki 27 me 2004

Monchè CONFIANT,

Mwen te ale jete yon koudèy sou diksyonè a. Sa mwen wè, m pa ka pale.

Zèv sa a se yon zouti dyòl loulouz kominote kreyolofòn yo te bezwen depi lontan. Ou merite nou bat bravo solèy leve pou ou. Kòmanse gen anpil diksyonè kreyòl ak diferan kòd lonbrit an sikilasyon. Men, diksyonè pou diksyonè, «BWETAMO KREYOL MATNIK» se youn nan sa kote travay la pi pwofesyonèl e ki ale pi lwen.

Monchè CONFIANT mèsi anpil epi chapo ba !

Pierre-Roland BAIN

Komite Entènasyonal pou Pwomosyon Kreyòl ak Alfabetizasyon (KEPKAA),
Potomitan
Moderator
Moderator
Messages : 200
Inscription : vendredi 09 juillet 2004 16:18
Contact :

Message par Potomitan »

Fo nou sèvi anmizi-anmizi plis ak Enternet nan konba pou lang é kilti kréyol la. Sa pa vlé di ki nou ka bandonnen zafè liv la men, kouniè-a, fo admet ki Enternet ap alé pi vit ki liv ak ki nou kab établi youn diskision ak enternot-yo. Sé sa m-vlé fè ak diksionnè-saa.

Mèsi anpil !

Raphaël
Répondre