dyalektik nan vodou

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
edpoete
40 Posts
40 Posts
Messages : 47
Inscription : mercredi 29 juin 2005 16:31
Contact :

dyalektik nan vodou

Message par edpoete »

DYALEKTIK NAN VODOU

Dyalektik, se yon lojik ki vle chak bagay egziste ak kontrè li. Se yon reyalite ki ekziste preske nan tout fasèt la vi ya. Konsa li enpòtan pou reprezantasyon nan vodou kapab rann kont sou fenomèn yo nan yon lojik dyalektik. Parekzanp :
1) Moun se yon reyalite dyalektik, ki ekziste nan de jan : a) Jan maskilen ki se lòm, b) jan feminen ki se fanm.

2) Moral tou se yon reyalite dyalektik, ki ekziste sou de fòm : a) yonn yo rele byen vèti, moral rekòmande b) Yon lòt yo rele mal, moral kondane.

3) Sekirite se yon reyalite dyalektik, ki ekziste sou de fòm : a) yon sekirite moral ki genyen yon baz ispirityèl, b) yon sekirite tanporèl ki genyen yon baz materyel. Sou pwen sa nou konnen dyalektik la touche tou fonksyon yo. Se konsa Fonksyon ispirityèl yo tonbe sou wòl legliz, alòske fonksyon materyèl yo tonbe sou wòl leta. Yonn nan diferans esansyèl ant leta ak legliz, sèke, paske leta dwe jwe fonsksyon tanporèl, dwe bay tout moun sekirite materyèl, leta genyen monopòl lavyolans. Leta genyen dwa fè vyolans dapre jan lalwa ekzije ou mande li. Kanta legliz se yon lòt koze. Lègliz refize tout ekzèsis fonksyon vyolans nan non moral, byen ak vèti. Legliz remèt chay vyolans la bay leta ki genyen monopòl lavyolans.
Nan pwatik lwa vodou nan domèn medsin trètman, nou jwenn fòm lojik sa tou. Dapre listwa reyalite vodou an, sa kap pase andedan vodou an nan domèn medsin pou bay lasante kò ak lespri, genyen de moun osinon de pèsonaj diferan kap aji : a) nou jwenn yonn yo rele wougan ki pratike medsin pou fè byen vèti dapre jan moral rekoumande sa, b) nou jwenn tou bòkò ki pratike medsin pou fè byen, men li sèvi ak li tou pou fè mal. Lòt moun ki gen konesans nan domèn la, di bòkò se yon wougan ki travay ak de men, yon men ki fè byen, yon lòt men ki fè mal.

Konsa nou envante de nouvo konsèp pou rann kont pi byen sou tout reyalik osinon fenomèn ki genyen dyalektik ladan n. De nouvo mo sa yo se :
A) Wougano ki genyen rasin nan wougan. Wougano se lespri ak tandans pou fè byen. Wougano se tout pratik pou fè byen vèti dapre jan moral mande sa. Wougano se tout lwa byenfezan ki genyen lespri byen, ki rekoumande byen ak vèti dapre kòd prensip moral yo.

B) Bòkino genyen rasin li nan bòkò. Bòkino se lespri ak tandans pou fè mal. Se tout pratik mal ki kontrè ak tout sa moral rekoumande, se tout lwa malfezan ki rekoumande pratik malfezanz moun kont moun.


Se konsa lwa ekziste, dapre moun kap fè sèvis lwa, sou fòm dyalekti, kidonk sou de fòm diferan.
A) Lwa wougano se lwa ki chita sou byen, vèti, byenfezans, moral. parepzanp lwa guinen ak rada se lwa wougano
B) Lwa bòkino se lwa ki chita sou mal, malfezans, vis ak krim. Lwa petwo ak guede se lwa bòkinò. Lwa bòkino yo vle pou sèvi ak de men: nan byen ak mal, nan moral ak vis krim.
Pou fini nou kapab di dyalektik la se yon lojik ki vle chak bagay ekziste ak kontrè li. Kòm nou soti wè, dyalektik la travèse vodou an sitou nan domèn medsin ki deferansye pratik lwa yo nan de gwoup : lwa wougano ki chita sou vèti byen jan moral rekoumande li ak lwa bòkino ki chita sou vis mal ke moral kondane.


Pwezi sou Sikoloji
Nou sèvi ak konsèp wougano ak bòkino pou pou reprezante fenomèn sikolojik yo dapre Simung Freud. Sa yo rele surmoi an franse se wougano ki chiat sou prensip lwa. Sa yo rele an franse ça se bòkino ki chita sou bezwen, pilsyon ak dezi moun. Sa yo rele Moi se Mwen.


Wougano, Mwen ak Bòkino
La vi se yon lit kout kanno
ant Wougano ak Bòkino
Mwen sèvi medyatè mèt rezon
pou rezoud konfli nan tout sitiyasyon

Wougano chita sou règ jwèt lavi
pou Bòkino kapab satisfè bezwen li santi
Mwen pran konsyans tout reyalite konfli
pou jwenn solisyon san deranje règ jwèt lavi

Lavi Bòkino san lòd prensip Wougano
se zen dezòd briganday zenglendo
kote tout moun genyen plak lisans
pou komèt vyòl, vòl, krim tout sòt vyolans

Tout moun kap viv sans respekte prensip
reprezante yon danje pou tout zòt kap viv
Li genyen andedan fon lespri tout sa ki reyini
pou chavire tètanba tout lwa lòd prensip ki etabli
desanm 2006

Le combat
La vie est un véritable combat
entre le surmoi et le ça
Le moi est là comme médiateur de la raison
pour dénouer le conflit dans la situation

Le surmoi nous rappelle les normes de la vie
pour satisfaire les besoins du ça ressentis
Le moi prend conscience de ce conflit
en vue d’une solution sans dévier les principes

La vie du ça sans le règne du surmoi
est une vie de chaos et de désarroi
où tout est permis de toute licence
crime, viol, vol, libre cours à la violence

Celui qui s’écarte des principes établis
est un être dangereux pour ses congénères
Il possède en lui tous les éléments réunis
pour chambarder l’ordre et ce qui s’y interfère
kenn
100 Posts
100 Posts
Messages : 155
Inscription : mardi 10 avril 2007 17:01
Localisation : CANADA

Message par kenn »

Edpoete

Sa ou finn ekri ya , se on grwô travay k'ava kapab pèrmèt plus mounn ka aprwann ôben enterese tèt 'yo - asou kultu lakou lakay an-nou. Se vre anpil mounn pa bien konnèt - an kijan dialecktick-la ka fonnksionnen nan koz voudou, e jan nou ka imajine y, lè pa finn gen bon materièl ô menm tou, lè materièl ki finn kreye pa ka difuze,pa finn sav gen bon enfôrmasion tou ki ka blayi piès kote pou sav wete bann lesprwi an nan fè nwè .

kenbe rèd
KENN
Répondre