ANN SOVE AYITI
lanmizè pa dous
ann sove Ayiti
ann sove lasous
dlo moun pèp ak kilti
lanmizè pa dous
ann sove Ayiti
ann kouri nan kous
pral sou chwal libèti
lanmizè vin' fòl
ann sove Ayiti
de mo kat pawòl
ba Tousen Louvèti
lanmizè vin' fòl
ann sove Ayiti
nan mitan kreyòl
tanlontan tanjòdi
lanmizè doulè
ann sove Ayiti
rive lè pranfè
jouk labe ap manti
lanmizè doulè
ann sove Ayiti
rive lè pranfè
jou san pen sapristi !
lanmizè vin' lèd
ann sove Ayiti
men nou kenbe rèd
pou l pa jenmen moli
lanmizè vin' lèd
ann sove Ayiti
pyès lèspwè pa pèd'
lè kreyòl yo yonni
lanmizè pa dous
ann sove Ayiti
ann sove lasous
dlo moun pèp ak kilti
lanmizè pa dous
ann sove Ayiti
ann kouri nan kous
pou kreyòl yo yonni !
ANN SOVE AYITI
Re: ANN SOVE AYITI
e moin ta renmain conin ou ecri pa jam bliye ki cote moin soti et pou ki sa moin la san faute meci ampli
Re: ANN SOVE AYITI
Sovtaj Haiti apou depann ova ti efor tou piti, tou zing ke chak grenn moun ava fè, bienveyantman, chak grenn jour bondieu mete e ke yon moun gen privilèj ka viv li.
KENN
-
- 20 Posts
- Messages : 29
- Inscription : samedi 27 mars 2010 19:35
Re: ANN SOVE AYITI
Mèsi poutèt ou. bèl powèm.