Marylou (yon ti pwem)

Partage entre internautes
Répondre
Dave
New entry
New entry
Messages : 1
Inscription : dimanche 17 juin 2007 04:35
Contact :

Marylou (yon ti pwem)

Message par Dave »

Marylou

De twoket sou do
De twoket sou tet
Yon machan’n gonbo
Yon tifi soyet
Manman’l se manbo
Papa’l se yon met
Nan bansen vanyan ketel jwe bolet

Marylou ti fanm
De bo'n kalite
avek yon secre
Ke li byen jere
Men'l pat jan'm konnen
Lavil nan bobol
Jiskaseke Ti jean
Ba lit bel pawol

Li di li mache
Ou son fan’m tre che
An nou fe yon sel,
Le mond va pli bel
---- bo lanme,
Anba yon bel syel
Kote zanj ya we
Souri’w se soley

Oh, Ti Jan te pale
Nan bel lang franse
Li pat yon bekwe
Men yon nonm byen dwe
Papal te dokte,
Manman’l koutirye
Nan vil barabe
Kote’yo kiltive bel te

Tanbou yo sonen,
Soley la leve
Kok yo pran chante
Et tout pye danse
Marylou kampe
Et lip ran chante
Yon chante damou
Pou ke li Ti jean,
Yon ti nonm debou
Yon ti bel boubout
Je chante, je chante
O ti Jean, je t’aime
Le soley leve,
O’m pap kite’w ale
La la pli tombe
O’, se nan bra’m wa ye
Et le li fe aswe
Map fe’w govene
Govene peyi’m
Govene la te

Pa ale Ti Jean,
Rete la ave’m
Map fe’w govene
Govene peyanmn
Map fe’w vinn yon rwa
Wa na ti peyan’m

Le li fin’n chante
Marylou tombe
Li te fatigue, pap ka sipote
Li tombe malad,
El te malad grav
Men ti tan a tan
Li te fredone

Pa ale Ti Jean,
Rete la ave’m
Map fe’w govene
Govene peyanmn
Map fe’w vinn yon rwa
Wa na ti peyan’m

Nan bwa gran vayan
Ti jean pran desan’n
Pou la’l ya ti ren
Ti ren, Marylou.
Li te pran chante,
Et lip ran kriye,
Vwa li vin’n chanje
Men li kontinye

Marylou, cheri
Mwen pap jan’m kite’w
Marylou, boubout,
M’ap meto’w kotem
Marylou, je t’aime
Marylou ti ren
Ou se tout mwen vle
Marylou’m renmen’w.

Sou yon nat ate
Marylou kouche
De zyel te fenmen
Li pap ka pale
Li tap fredone:
Ti jean li remen’l
Li tap fredone, e li fredone

Ti jan pranl nan men,
Li metel chita
Zye yo rankontre
Yo pat ka pale
Tou de tap kriye,
San oken’n rezon
Jiskaske ti vwa ti ti jan konsa:

O revwa ti Jean
O revwa boutout
Ke mwen bat tre fo
Esaye kombat
Maladi kanse,
Men mwen pat ka
Se le mwen ki rive
Men fok ou konen
Mwen remen’w ti jan
Mwen renmen’w tout ban.
Répondre