An nou imajine yon literatu kreyòl modèrn

Partage entre internautes
Répondre
kenn
100 Posts
100 Posts
Messages : 155
Inscription : mardi 10 avril 2007 17:01
Localisation : CANADA

An nou imajine yon literatu kreyòl modèrn

Message par kenn »

kreyol-la kon nou ka abitue ekri y asou sit potomitan lasa-a ja finn tinn yon tradision letterè ki finn depase plus pase 225 lanne , alè nou ye la-a
nou ja finn keyi anpil an lan bann tèx ki finn marke atè tout peyi kit nan bann sa kot kreyòl-la toujou vivan , kit nan bann sa kot kreyòl-la ka rete
adan fòlklò kanmenmsi se annik bann granmounn ki ka koz li , sa mon kwè ki ke tinn anchay potalans ba nou tout , nan jennerasion kounye k'ap ekri ak kreyol la kit se pou fè muzik òben konk ki sa zòt vle fòk nou t'ava gen axsessibilite a bann tèx sila-a ki t'ava kapab gide nou sou sa nou pa finn konnen asou lanng nou-an

yon dezienm zarg

jan mon ka wè y gen anpil nan bann pwofesè k'ap marke tèx ki ja finn panche kòyo asou kestion se pwoblèm strat ant lanng ekri èk lanng oral
se an kijan nou pou kapab fè atansion ant lanng nou ka parle chak jou-a epi sa nou ka utilize pou marke bann zèv
mi kèk
ès fòk nou ekri pwoblèm òben poblèm , twou òben tou pas gen mounn ki
pwonnonse yo konsa
ès fòk nou ekri
twèl , zètwèl , nwè alòs nou ka wè pi souvan pase rarman se mo toil , etoile noi nou ka youz nan bann koze an-nou
òben ès fòk nou fè altèrnans ak yo
se menm bagay-la tou ant
douvan (dévant) doubout (débout) kouman (comment) jonnou (jenou )

yon twazienm zarg

ès fòk nou eseye fè letteratu-a pwofite asou bann mo èk bann expression kit yo se rejionnal kit yo se istorik kit yo finn yon jan twò grangrantan ( archaique) nou ka pwan ann egzanp yon mo kon to ki antan lontan jan nou ka wè y te ka dezinnie dezienm pèrsonn o sengulie nan tout lanng kreyol ki jodijou annik rete ka viv atè guyane francaise èk zil maurice , me ki kanmenm ret prezan adan bann ansien tèx kit se haitien kit se antillais ès nou pa t'ava pou reba yo on ti souf se menm bagay-la tou atè haiti jòrdijou gen on konfuzion adan bann pwonon pèrsonnèl, ant premie pèrsonn o plurièl èk dezienm pèrsonn o plurièl mounn haiti ka utilize nou pou exprime yo de-a alòs lè nou ka tcheke nan on tèx kouwè choucoune
ki te ekri nan bout fen a XIX siek-la nou ka konstate wè otè-a utilize mo zòt pou ka dezinnie dezienm pèrsonn plurièl-la se menm bagay-la tou pou on tèx 1901 george sylvain ki titre (lou ak mouton ) se an kouman kreyol haitien fè finn ka evolue nan gare zòt (vous pluriel ) se yon kestion t'ava bouzwen ganny yon repons , me tou ès sa pa ka possib dès mankman a pwonon sila-a nou finn ka pa kapab tradywi kèk tèx kòdjonmman ann egzanp nou ka pwan ti fraz sa-a kot yon papa ka prezante ba bann pitit'li
fanm ki se manman'yo-a aki yo pa te ko konnèt annou di li an francais
mes enfants voici votre mère = pitit'mwen mi manman a-zòt òben pitit'mwen mi manman'zòt , yich'mwen mi zout manman sa se tout bann possibilite kreyòl-la ka ofri nou me nan kreyòl pòp atè haiti nou
pitit'mwen mi manman'nou alòs madanm'ou pa fouti ka manman'w tou se donk yon rezon pou nou retabli pwonon zòt ­la nan ekritu nou

yon katrienm zarg

nan nòr peyi haiti pou twazienm pèrsonn sengulie-a yo utilize i=il li=lui
y=le , la etan kon konpleman alòs nan rès peyi-a se li ki ka fè tout ès nou ant li ba li = lui lui donne òben i ba li= il lui donne yon jan pou moutre bien kiès ki bay la kiès ki jwenn lan
nou gen tou prepozision a ki ka plase kòl douvan yon pwonon pou ka demoutre yon possessivite kontèl
machinn a misie-a (= sa voiture )
machinn a on mounn (=la voiture de quelqu'un )
an on jan =d'une facon
fanm a-yo ( leur femme )
fanm a-yo-a ( une femme de plusieurs autres )
fanm la-yo ( les femmes )

ès fok nou pa t'ava utilize bann richès sila-a ki kache kòl nan koze a on rejionn ate peyi-a pou kapab plen kò letteratu kreyòl-la ?

yon senkienm zarg

ès sa pa t'ava nessessèr pou nou t'ava kreye kèk diksionnè egzostif pou kapab simaye bann mo ki anndan makout a koz yon zil me ki pa la nan on lòt ?
Mon kapab pwan ann egzanp anpil mo mounn atè haiti ka utilize me ki pwòp a-yo ann egzanp : chita , kabicha , tchiovi se menm jan tou
gen kèk mo atè bann zil zantiy-la ki pwop a-yo : Yich , se menm bagay-la pou mounn guyane française : rounso , èk mascareigne la : gabie , gadjanbe .

nou kapab kanpe la pou kounye nan espere kèk konmantè ka vinn la-a sot kot zòt
mèrsi
se ak bann konmantè tout tip nou kapab jwenn yon lide realis asou kijan nou t'ava dwe travay kit nou se mounn k'ap ekri kit nou se mounn k'ap lu liv .
zarg: point zargona = bagay an kreyòl reunionais
Dernière modification par kenn le vendredi 23 avril 2010 19:35, modifié 1 fois.
KENN
kenn
100 Posts
100 Posts
Messages : 155
Inscription : mardi 10 avril 2007 17:01
Localisation : CANADA

Message par kenn »

Mi sywit a tèx annou imajine yon letteratu kreyòl modèrnn ki t'ap enteroje kòl asou kouman nou kapab etabli yon letteratu kreyòl modèrnn nan ak tout sa nou finn tini . Nou vle di ,yon letteratu modèrnn ki bizwen konbitans ( participation) tout pèp kreyòl nèt jan yo ye ya , pas nou dwe rekonnèt anvan tout biten ki ka voune ant de mounn òben de zèt se respè ki pi enpòrtan èk tou se sa ki rede nou ka ale douvan kidonk se tout mounn ki finn envite , pou ka di sa yo finn panse .

Yon sizienm zarg
Jan nou tout ka konstate y nan parle nou anpil fwa nou konn gen difikulte
ka konpoze yon fraz kreyòl kòrèk , lè se tan kot pou nou koze asou yon biten nou pa finn gen labitud , se petèt yonn nan rezon ki ka fè nou finn ka utilize kèk determinan ki pa rann kreyòl twòp justis .

A kouman pou nou fè ak bann prepozision kon ( de , à , par )ki jòdijou ka utilize pou konstwi bann fraz nan on fason ki pa finn twò kòrèk si nou ka konpare kanman kreyòl antan lontan èk kanman kreyòl antan kounye

ès fòk nou ekri kon jan kreyòl antan lontan ?
sa se pitit an-mwen òben sa-a se pitit de mwen
ès fòk nou ekri?
se sou wou y'ap koze òben se (de) wou y'ap koze
ès fòk nou ekri ?
yo gen bagay pou y'all fè òben yo gen (des) bagay (à) fè
ès fòk nou ekri ?
se nan an pòrt-la pou mon rantre òben se (pa) pòrt-la pou mon rantre

si nou ka utilize pa ès se pa pou nou t'ava distenge y ak negasion-an tou
nan ka sa-a ès li pa t'ava miyò ?si nou ekri pa avèk R yon nan fen kòl par

Yon setienm zarg

asou konparatif la-yo
ès fòk nou ekri
ou pi gran pase yo òben ou pi gran (que) yo
ou mwens djanm pase yo òben ou mwens djanm (que) yo
ou djanm ata kon yo , ou djanm menm jan kon yo , ou djanm tankou kouwè yo òben ou djanm (autant que )yo

misie swèf pase manmzèl òben misie (soif plus que) manmzèl

Yon ywitienm zarg

ès fòk nou finn ka konsidere ekritu-a temet bay kòl kikonk kijan asou on dokuman ki pwal nan men bann elèv lekòl aki yomenm ava gen pou yo pwodywi bann lòt dokuman ki nessessè asou kestion travay apprantissaj a-yo
si nou pa ka konsidere sa finn ka nòrmal kididonk fòk nou tcheke pou ka wè ki gras ak analiz nou ki pi bon manniè ki finn la pou nou ka marke pi
kòdjonm

yo p'ap , yo p'ape : ils sont entrait de
yo pe bouch a-yo : ils tu
y'ape pe bouch a-yo : ils taisent

ta : tard
te+ava = t'ava òben t'a
ès sa pa t'ava pi nòrmal si nou marke yo konsa yon jan pou ka pèrmèt differans-la ka vizib adan kikonk ki tèx .

de nn

fin : finn
finn fini :a terminé
vinn vini : vient d'arriver
mounn , mòrnn ,
ès ak de nn lan sa pa parèt on jan pi klè ?

de nn anvan g
lanng , ganng , gonng

ès sa pa sonnen pi fonnetik kontèl sa ki sou ekri ya

ava ; va
ès nan fraz sila-a mounn atè haiti te konn di kontèl :yo fè va sou li ,
pa plus gen on sanss yo fè volonte yo sou li
ès nou ka wè nan fraz sa-a va pa gen piès relassion ak yon tan futur , me nan o kontrè ak sa ,yon volonte ki finn akonpli
kidonk ès
ou va òben w'ava
kapab tinn totalman menm sanss-lan nan ekritu-a, annou kite oral kot li ye pass chak mounn chèmèt sa bouch'li ap di me nan zafè ekritu-a lè yon mounn vle ekri konkrètman i bizwen kapab fè analiz , se pou rezon sa-a menm nou te ka fè bon analiz lè nou te ka apprann français èk english si non gen anpil konnesans lòt mounn finn jwenn asou enstwiman sa-a ki se lanng-lan et nou pa t'ava janme finn konnen , analiz-la vinn donk yon etap ki dwe prezan nan tout pwojè!

Yon nevienm zarg
asou koz optimizasion chak grenn mo
ès reelman sa finn ka nessessè pou nou wete bann son aki nou tout ka rekonnèt ki pa te nan brann kreyòl-la èk ki toujou ladan l me ki kanmenm
ka retwouve yo nan manniè parle a jenn jennerasion-an
mon vle parle asou son R , a nan mitan mo la-yo ,U, Œ òben menm `Œ avek son akssan grav
se vre lè n'ap parle kreyòl gen mounn ki ka pwonnonse yo gen lòt ki pa pwonnonse yo , me ès ekritu-a limenm pa dwe vize optimizasion total pou ka bay lanng-lan plus abilite ka kreye bann mo nèf , pas jan nou finn ka wè y denpi kèk tan se pa annik pwezi nou ka fè ak lanng kreyòl-la , alè la-a finn gen kèk liv siantifik ki finn fèt asou koz agrikultu asou koz meteo
asou koz jewografi , se yonn nan rezon ki finn fè nou bizwen rigourozite nan sa n'ap fè , gras ak sit potomitan-an nou finn ganny yon liennaj ki pèrmèt nou ka broukante lide avèk tout pèp kreyòl asou latè , si nou finn nan ka fè sa toudbon se vinn pi rich kultu-a pou vinn ye .



Yon dizienm ki tou finn dèrnien zarg-la

ès bann noumenm k'ap ekri ki finn tinn kèk tak konnesans asou fonksionnman gramatikal lanng kreyol , nou pa tini on bligasion ekri y nan on manniè k'ava pèrmet plus mounn ka konpwann sa nou ka ekri ya , se vre kreyò-la pa finn ko yon lanng ki finn tinn mèzi abilite adan tout donmènn egzistans an-nou , me se pa kapab li pa kapab , se nou li bizwen ki pou ede y rede y ka rantre ka ale nan bann kote i pa te ko ja ye , se yonn nan rezon ki finn fè , mon pa finn ka kwè sa finn on gargòt tan si yon mounn achte kèk diksionnè kèk rwoman òben kèk rekèy pwezi ki annik la pou ka anrichi konnesanss annou asou lanng nou-an .

Mon te kontan ekri de paj sa-a ba zòt tout kit zòt ka konpwann mwen totalman òben mwatieman , zòt temèt vroye kèk ti konmantè ban mwen èk tou ba tout mounn k'ava fè on gade sou sit-la, kèk ti konmantè a-zòt ,ke ( ava) ede tout mounn k'ap ekri pwezi , rwoman muzik , teyat , k'ap anime radio , tele, òben k'ap etudie kreyòl-la pou on rezon x
konmantè a-zòt tout yo bienvenu ekri nan kreyòl ou vle ya òben nan lanng ou vle ya ( français or english ).

kenn
KENN
Wander
New entry
New entry
Messages : 1
Inscription : mardi 17 avril 2007 21:36
Localisation : Rep. Dom./ Haiti
Contact :

nan sa ki konsène komantè kanmarad la epi yon demand

Message par Wander »

Mwen byen kontan li komantè kanmarad la,
Menm si mwen pa matinikè men mwn konprann pi fo nan sa li ekri la ,sinon mwen panse se yon gwo travay li fè e mwen menm bo kote pam, mwen gen poum fè yon travay sou kreyol peyi Dayiti alo mwen panse entènot yo ka voye tout dokiman yo panse ki ka edem fè travay sila sa ta p fèm plezi anpil.

Men sou ki sa mwen ta renmen travay:

Mwen ta renmen ekri yon travay sou entwodiksyon kreyol la ofisyèlman nan tout nivo nan lekol an ayiti.

Alos mwen lanse mesaj la bay tout kanmarad ki entèrese pou yo ka fèm jwenn tout dokiman ki posib nan sans sa a.

men adrès imel mwen:

monuma7@hotmail.com
monuma7@yahoo.fr
monuma7@gmail.com
monuma7@voila.fr

mèsi anpil pou konpreyansyon nou
Répondre