yon adokken

Partage entre internautes
Répondre
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 143
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

yon adokken

Message par kelita »

Nan Bèlè,
Sou twotwa a,
Kote chèz yo aliyen,
Bô Chapèl Pèpetyèl sekou.
Ti Jan chita
Lap gade anwo,
Lap gade anba,
Nan zantray li gaz ap jwe lago kache,
Li poko pran anyen depi m maten.

Pi ba,
Yon machann aleken ap monte,
Anba lavi l li sot pwomennen,
Li bouke.
Sou twotwa a li depoze panye.

Ti sa ki rete a pa anpil,
L ap fè yon ti poze
Petèt de twa moun a pase,
La finn vann pou l ranmase,
Mete chodyè, asyèt ak bokit
Youn nan lot pou l antre.

Ti jan chita sou chèz la l ap gade,
Bouch li blanch li ta manje,
San zatann, bòs Pyè
Yon tayè nan zon nan pase
« Ti jan, sa k pase ? Men yon adoken! »
Li lage l nan pla men l l’ale

Yon adoken !
Ki sa menm li ka achte ?
Yon sachè dlo kounyeya se pou 2 adoken li ye
Epi se neye kè, neye lespri.
Move panse ap chifonnen
Li pa ka kwit yon mayi moulen
Alewè pou l ta pran yon plat aleken
Lontan, aleken se te pou degouden
Kounyeya se vensenk adoken
Pou pi piti pou w genyen

Li gadel, li vire l
Li tounen l nan de pla men l
Li pa reprezante anyen !

Yon bò, palmis la efase
Lòt bò a visaj zanset yo
kankannen kon dife
Epi li nwa kou chabon, li wouye

Ti jan reflechi, li leve
Adoken an femen nan men l
Li pran desann
Dwat san gade dèyè
Bò machann nan li pase
Li travèse gran ri
Li rive sou bòdmè
Li kanpe, li leve tèt anlè
Ak adoken an nan men n
Li vire l , li gade l,
li tounen l plizyè fwa nan pla men l
li rale bak
li pran gwo elan, li tire l
adoken koule desann nan fon lanmè
ti jan vire do l li tounen
andedan l se atô gaz tanmen bougonnen.
Répondre