pa tire pôtre peyi m

Partage entre internautes
Répondre
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 143
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

pa tire pôtre peyi m

Message par kelita »

San lonè,
San yon ti kal respè,
Ak kamera ou brake
Byen fikse;
Ou debake sou ti bout tè
Zansèt nou te kite.

Avèk ou san otorizasyon,
Vwala ou debake,
Ak sak ou nan do ou
Wap pran foto,
Wap tire pòtre,
Nenpòt ki kote,
Nenpot ki jan,
Nenpòt ki lè.

San kë ou pa sote,
San ou pa pè,
Pouki se la kamera ou brake ?
Pouki se la li fikse ?
Gade ! Ey ! Pa tire pòtre peyi m.
Pa al detwi imaj li lòt kote.
Sanble pou sa ou gen yon move plan,
Mache al di peyi m mazora
Menm si ou wè l gen dan.

Mache montre nan lemonn antye
Ke peyi m gen dlo sa l, pil fatra,
Mache fè piblisite pou yon ti pep
Ka p viv nan yon move eta;
Poutan ou konnen byen nou pa t travay pou sa,
Ou konnen byen nou pa merite sa.

Ou antre byen angran
Andedan lakay nou,
Ou bat bouda nou pou ou tire pòtre nou,
Kajole n ak sinistre, kèk sa k ble.
Lè n kwè ou ka ede n sot nan sa,
Pita pòtre n gen tan laba,
Mizè n sou tout ekran televizyon
Kòm pèp sou latè ki pi pa bon.

Ou denigre n,
Ou dezabiye n,
Ou mete n toutouni,

Fè wè nou pa gen anyen ki bon pou n ofri.
Poutan se pa sa nou janm reve
Menm lè nap dòmi sou katon,
Menm lè nap janbe tout vye pas dlo,
Menm lè yo bouche je n
Ban nou tout fo pou vrè,
Ban nou tout vrè pou fo.

Pa tire pòtre peyi m !
Pou wa l vann li lòt kote,
Ranmase milyon sou tèt yon mizè
Ke nou pa menm machande.
Peyi m gen sa ki bèl,
Peyi m gen sa ki bon,
Nou vizite l nou wè l,
Poukisa se konsa nou wè pou nou fè l ?

Pa tire pòtre peyi m !
Pa jwe zo sou manto lavi l,
Pa chire l, pa tire l o sò,
Sispann fe kamera ou brake
byen fikse sou li,
sispann di sa k pa bon sou li,
Sispann fè peyi m di tò.
Répondre