Nwèl katye popilè

Partage entre internautes
Répondre
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 141
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

Nwèl katye popilè

Message par kelita »

Anba dra laperèz
Tout moun kouvri
Bandi nan lari
Moun pè sòti
6 zè di swa
Pa gen pipirit nan lari
Ane sa sa pi rèd
Men se chak ane li pi rèd
Pou malere malerèz
Nan katye popilè
Kap bouske lavi anba lavil
Nan yon lari ki an danje
Nan yon peyi dlo nan je

Ki moun ki ka ri ?
Ki moun ki ka fete?
Ki moun ki ka chante Nwèl rive?
Alimèt pa ka pase
Dife pa ka limen
Gwo van ak lapli pase ak fòs
Anyen pa rete
Ni asyèt, ni gode
Ni kiyè, ni chodyè
Ni derechany pou mete
Nanpwen tab, ni napon
Pou ranje kouvè
Pou akeyi Ton Nwèl
Nwèl san syèl
Nwèl san sèl

Nou antere nan ma labou
Dra diyite n blayi nan tout kafou
Kijan nou ka espere?
Kijan nou ka fete?
Men Nwèl pral pase
Kijan nou ka fè chante?
Ak ki mo nou ka konpoze
Yon chan lespwa
Bat tanbou, jwe flit
Souke tchatcha, jwe gita
Pou ti Jezi Kap vini ankò ane sa?


Devan pòt pa janm sispann tounen dèyè kay
Nan ki kay ?
Anba ti tonèl kouvri ak vye fèy tòl
Kay ki ka twonpe solèy
Men ki pa ka twonpe lapli
Nan ki kondisyon nou pral resevwa sovè sa
Ki di nou jan sa ye l ap vini ?
Sou ki wout, sou ki pon li pral pase ?
Yon gwo distans ak Nwèl separe nou
Yon konplo pou zetrenn
Pa janm rive pa bò lakay nou

Yon ti sapen nan yon kwen
Lavi ta tounen
Yon bann ti limyè tout koulè
Kap limen tenyen
Se sa nou ta renmen pou klere chimen
Yon kiyè diri ak pwa
Yon griyo ak bannann peze
Yon bon labouyi mayi pou soupe
Konsa grangou ta pati
Li ta sispann gwonde nan vant nou
Menm pou yon jou
Pou jou sa
Pou Nwèl sa.
kenn
100 Posts
100 Posts
Messages : 155
Inscription : mardi 10 avril 2007 17:01
Localisation : CANADA

Re: Nwèl katye popilè

Message par kenn »

Ki sa ki kòz tout bann katye salayo nan ronn gro vil layo ?
KENN
waleed12
New entry
New entry
Messages : 1
Inscription : mercredi 07 janvier 2015 13:10

Re: Nwèl katye popilè

Message par waleed12 »

La nature de matière a fait le mâle et la femelle comme acteurs du processus de reproduction de certaines espèces d'êtres vivants. Ils se reproduisent d'instinct en suivant les lois établies sans possibilité de dévier.
Try out our free ccna test and latest comptia ccnp route 300-101 pdf training courses to get high flying success in final ccie verification and www.northeastern.edu exams, mcts College of Notre Dame of Maryland is also very useful tool.
Répondre