Poukisa yon Bondye ki gen lanmou ta detwi menm yon sèl moun?

Partage entre internautes
Répondre
PEPSI
100 Posts
100 Posts
Messages : 148
Inscription : mardi 08 mars 2011 00:08
Localisation : Florida, USA
Contact :

Poukisa yon Bondye ki gen lanmou ta detwi menm yon sèl moun?

Message par PEPSI »

Poukisa yon Bondye ki gen lanmou ta detwi menm yon sèl moun ? – 2Tes.1: 6 à 9

Izayi 26 : 10 di : ’’ Si yo fè mechan yo gras se pa sa k'ap fè yo konnen sa ki rele jistis. Menm nan peyi kote moun ap mache dwat, y'ap fè sa ki mal. Yo derefize rekonèt pouvwa Bondye!

Èske’w panse li jis pou Bondye kite mechan al koze malè nan Paradi-a, nan monn nouvo li pwòmèt Sèvitè’l yo ?
Annefè, Bondye avan menm li elimine mechanste sou latè, li mete konesans Labib, konesans verite-a, disponib atout pratikan peche pou yo gen chans chanje e sispann viv nan chemen vyolans. Alò, lefèt ke anpil nan yo refize repanti, Bondye ki plen LANMOU-an pap ezite detwi pa menm yon sèl nan yo, pa menm yon sèl moun, dekwa pou’l bay chatiman nankan MECHAN e bon jijman bòkote INOSAN

Depi Abèl, pase sou tan Noye, jiskounye-a, mechanste layite toutkote kòm pou laplibèl . Devan vyolans ak tout soufrans kap boulvèse limanite, tout aflije yo, tout mò matirize, yo kontinye mande ‘‘ Vanjans ‘’. Chak jou, y’ap leve bra yo byen wo bay Bondye pou rele osekou !
Fasa sitiyasyon sa-a, Bondye Dye Damou, Dye pa’nou-an, pa rete lèbrakwaze. Jistis li balanse ak lanmou, pou l pa kite yon moun soufri pou mechanste yon lòt moun. MWEN REPETE ! Jistis li balanse ak lanmou, pou’l pa kite yon moun soufri pou mechanste yon lòt moun .
N’ap rete Kè kalm ! Mechan yo, menm lè y’ap fleri kounye-a, van-an pral vire ! Talè konsa, Jewova pral mete lòd nan dezòd. Se sa ki rapòte nan 2Tes.1 : 6-8
Ann li : ‘’ Paske an reyalite, li jis nan je Bondye pou l fè moun k ap fè Nou pase anba tribilasyon yo sibi tribilasyon tou. Men Noumenm k ap sibi tribilasyon, l'ap bannou soulajman ansanm avèk zanj pisan li yo nan yon gwo flanm dife, lè l ap vin fè vanjans sou moun ki pa konnen Bondye yo e sou moun ki pa obeyi bon nouvèl sou Jezi, Sovè nou an. ‘’
Ps 33 :5 di “ Bondye renmen jistis ak ladwati.” Yon lòt kote, Ps11: 5, li ekri: ” Si yon moun renmen vyolans, Bondye rayi l.” Pagen dout, Bondye Jewova ap bare tout wout ki debouche sou bagay li deteste.

Sou tan wayòm Izrayèl, pèp-la te mechan anpil. Nan jitis li, Bondye te fè yo peye pou move zaksyon yo. Yo pat ka chape devan firè l. Sepandan, lanmou l te pèmèt moun fidèl nan pawòl li yo, jwenn lavisov.
Nan epòk apot Pòl, Mesye relijye juif yo t’ap koze tribilasyon, yo t’ap pèsekite Kretyen yo akoz pawòl Bondye-a. Jodi-a, se se menm Klèje sa-yo ki rejte Jewova ansanm ak bon nouvèl -la. Deplis, yo fè konbinezon avek mesye politik yo pou yo pèsekite sèvitè Bondye yo. Èske li pa nòmal ke Bondye mande yo kont ? Èske Séyè-a pa dwe bay jistis a sèvitè’l yo ?
Jijman, destriksyon mechan yo byen merite! Menm si yon moun ta kache nan yon twou, Jewova pral pran l kote liye-a. << Pas un fuyard d’entre eux ne réussira à s’enfuir, pas un rescapé d’entre eux ne parviendra à s’échapper.>> Selon Amos 9:2
David, bòkote’l te di bèl pawòl sa nan Ps 97:10,11 :<< Rejwi nou, moun ki renmen Bondye e ki rayi sa ki mal ! Li sove nou e li delivre nou anba grif MECHAN >>

Ala Bon, Papa nou ki nan syèl-la, Bon ! Se pou tèt sa zanmi m yo , nou pral anonse nouvèl sa-a. N’ap preche lagras Bondye pou tout Ras limanite ! N’ap anonse jou Bondye-a ki rive toutbonvre !. Se moman jistis poutout mò, ke’l te matirize oubyen pèsekite ! Grasa Kris, se moman, latè pral rejwenn tout frechè’l nan tan lontan !
Beni Jewova ! Dye Damou, Dye Dejistis !
AMEN !
Je ne vise personne en particulier

Mes écrits sont un champ de loisirs.
Chaque lecteur trouvera son coin de plaisir.
Ma plume est à la fois Douce et Amère ;
Elle rend la pensée légère
A tous ceux dont le cœur
Trime à exposer sa splendeur.
Répondre