Si nou te gen kran

Partage entre internautes
Répondre
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 141
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

Si nou te gen kran

Message par kelita »

Yon ekzanp ki trase
Yon plan ki byen bati
Yon peyi ki finn chape
Zansèt nou yo te batay pou sove

Yon Ayiti pèl dè zanti
Yon ti Il tout moun te anvi
Zanset nou yo te bay san yo pou li
Pou l te ka viv
Kontinye souri
Kontinye fleri
Zanset nou yo te gen kouray
Yo te gen kran
Yo p at kite nenpòt move van
Fè yo trayi la patri ki se manman

Men nou menm ayisyen jodi
Nou pa gen kè pou nou di non!
Nou pa gen lespri
Pou nou repouse vye van tantasyon
K ap fè nou fè simagri, fè tenten
Nou vann nanm nou pou nenpòt ti monnen

Si nou te gen kran
Nou ta kontinye batay
Pou sa chanje
Nou ta kontinye lite
Pou dwa moun respekte
Nou ta fè zanset nou yo plezi
An pè nanm yo ta repoze nan zantray latè

Si nou te gen kran
Nou ta travay pou libète tout kote blayi
Nou ta mache ak zouti n nan men n
sekle, plante
Nan tout mòn, tout vale
Pou agrikilti reprann pye
Nou pa t ap toutan ap lonje kwi nou mande

Si nou te gen kran
Nou ta fè Lakrèt a Pyewo
Nou ta fè Bit Charye
Nou ta fè Bwa Kayiman
Nou ta fè Vètyè
Nan libète, egalite ak fratènite nou ta refè milwisankat
Men nou pa gen kran!
Se sa ki fè anba talon zòt
K ap pilonnen nou tankou satan
N ap toujou manje dan
Répondre