se te yon jou kou jounen jodi
Yon jou tankou tout jou
soley leve
lalin klere
zetwal briye
lanmè move
Van soufle
Gwo jounen
rasin libète rache
An miyèt mòso
Nan fon zantray latè
Desalin, yon nèg vanyan
Yon gason kanson, tonbe
Pou libète fleri
Nan fon zantray tè d 'Ayiti
Yon san ki pa koule pou granmesi
Yon lòt paj listwa ki louvri
Ki ekri ak lank lespwa
Nan de pla men
Tout ayisyen ki kwè nan demen
Ki ekri anba de plan pye
Tout ayisyen k ap mache rasanble
Pou konbit la mache
Paske gen lontan nou sou wout
menm si tranbleman tè, lapli, loray
Nou dwe avanse
17 oktòb 1806
Desalin yon potorik gason
Yon nonm ki gen kran, tonbe
Pou lavi fleri
Douvan pòt tout moun k ap travay
Pou Ayiti rebati
Leve eskanp figi l ki finn pati
Se rasin libète
Libète pou tout pèp
Libète pou tout peyi
Libète pou tout nasyon
Ki toujou anba dominasyon
Libète san distinksyon koulè po
Libète san distinksyon lang
Rasin libète ki anpil
Ki p ap janm mouri
K ap toujou pouse lòt kote
Byen fon, nan zantray latè
rasin libète
Re: rasin libète
Ah wi, mwen komprann!
Jou 17 oktòb 2011, Ayiti komemore la 205èm anivèsè asasinay anperè Jean-Jacques Dessalines, papa nasyon ayisyèn nan. Jean-Jacques Dessalines, li Fondatè Ayiti li ye.
Ayiti, kenbe l, kenbe fò!
Jou 17 oktòb 2011, Ayiti komemore la 205èm anivèsè asasinay anperè Jean-Jacques Dessalines, papa nasyon ayisyèn nan. Jean-Jacques Dessalines, li Fondatè Ayiti li ye.
Ayiti, kenbe l, kenbe fò!
Re: rasin libète
Les humains entrent dans le processus de renouvellement spécifique à la nature de matière ; tout se renouvelle sans cesse sans jamais se rassasier. Ils ont un système de reproduction sexuée. Des espèces animales ont le même système de reproduction. Elles ont des comportements uniquement guidés par l'instinct. La femelle attire le mâle. Il y a accouplement. Lorsque l'accouplement est terminé, l'attirance disparait instinctivement.
kathi