pwomèt se dèt

Partage entre internautes
Répondre
kelita
90 Posts
90 Posts
Messages : 98
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

pwomèt se dèt

Message par kelita » lundi 20 juin 2011 19:01

Nan diskou li pwononse jou ki te 18 me 2010 la ki make 208 eme anivèsè depi drapo a te kreye, Prezidan Mateli te pale sou yon seri de pwen ki enpòtan, tankou tèt ansanm ki dwe genyen ant tout ayisyen pou pèmèt peyi a vanse sou chemen devlopman. Nesesite pou chase divizyon ki p ap mennen nou okenn kote tankou li afime li.

Li pale tou sou plan gouvènman li an genyen pou rive chanje peyi a, yon plan ki chita sou kat (4) bagay ki enpòtan se : Edikasyon, Eta de dwa, Anviwonnman, Anplwa. Ki sa nou kapab di sou kat (4) bagay sa yo? Premyèman sou edikasyon.


Edikasyon:

Nan peyi d’Ayiti zafè konn li a se yon bagay ki poze yon gwo pwoblèm. Nou genyen yon peyi kote majorite popilasyon an pa konn li ni konn ekri. Ata lang majorite a pale ki se kreyòl, anpil ayisyen pa konn ekri lang sa a ni aprann li l.

Sa ki ale lekòl, se nan difkilte pou yo li lang sa paske edikasyon nou pa fèt nan lang kreyòl men an franse aloske konstitisyon 87 la rekonèt se de lang nou genyen nan peyi a. Se kreyol majorite a pale ak franse yon ti elit nan sosyete a rive pale.

Anplis de sa, edikasyon an pa gen anpil moun ki gen aksè ak li. Majorite timoun ki gen laj pou sa pa ka ale lekòl, yo anviron 1.5 milyon konsa ki pa gen chans frekante yon etablisman eskolè rezon: malgre konstitisyon an rekonet lekol nan nivo primè gratis ebyen an reyalite se pa sa ki fèt.

Pou antre nan lekòl leta fòk ou peye, lè timoun nan antre li pa jwenn plas pou li chita. Yon klas ki ta pran pou pi piti 40 elèv genyen 80 timoun ladan li. Yo chita kwense, pil sou pil.. Lè pwofesè ap pale, se gwo difikilte pou yon elèv tande. Manke materyel tankou ban, la krè elatriye. Se ak zong pwofesè ap ekri.

Nan lise yo, si elèv yo gen chans jwenn twa (3) kou pa semen, yo gen dwa fè lòt jou yo san yo pa jwenn pwofesè, lè sa yo oblije swa antre lakay yo oubyen rete ap kalbende. Lòt pwoblèm ankò, anpil pwofesè pa byen touché, leta konn gen anpil mwa li dwe yo sa konn lakòz yo mòde lage, yo vini lè yo vle.

Anpil paran tou pa gen mwayen pou voye timoun yo lekòl se sa ki fè ou wè yon bann timoun rete chita. Paran yo konn kite yo lakay tou paske yo dwe direksyon an. Lè paran an dwe, yo voye timoun nan tounen lakay li, menm nan period konpozisyon yo pa gen paspouki.

Nan kondisyon sa, fòk edikasyon an vinn efektiv pou tout timoun san distinksyon. Fòk leta panse konstwi plis lekòl nan tout komin ak depatman peyi a epi respekte sa konstitisyon an mande a pou lekòl gratis yon mannyè pou tout timoun ale lekòl. Kreye yon klima sekirite pou gen envestisman ak kreyasyon anplwa pou sitwayen yo jwenn mwayen nan men yo pou yo okipe pitit yo epi voye yo lekòl.


Anplwa:

Nan peyi d’Ayiti, majorite ayisyen p ap travay, malgre gen anpil ki ta renmen jwenn yon ti kote pou yo degaje yo men sa pa fasil. Fòk ou gen parenn, fòk ou gen marenn sa nan preske tout bagay. Nou wè yon pakèt jenn fi, jenn gason ki gen tout kouray yo, tout san yo sou yo, oblije rete chita devan lakay yo jwe domino, bay blag tout lajounen. Se pa fòt yo, se paske yo pa jwenn anyen pou yo fè.

Yon bann ak diplòm yon nan men yo, mache anba soley cho depoze seve tout kote, anyen pa regle. Lè sa yo tonbe nan tout vakabondaj, tout vye vis, yo kite moun achte yo pou ti monnen al fè vye zak ki demen lage yon nan kouri epi pou fini al reflechi nan prizon pou yo pa janm lage. Paske depi w se delenkan, sosyete a pa gen lòt tretman li ka ba ou, lajistis pa an favè ou.

Yo pa gen ladrès poze tèt yo kesyon pou yo mande kouman, pouki rezon, ki sa ki lakòz se konsa ou aji, ki fè ou pèdi diyite w, pèdi pèsonalite w kòm moun ki bay sosyete a jounen jodi a yon move imaj de ki jan de moun ou ye men ki diferan paske se move lavi, grangou, sikontans lamizè, p ap travay ki lakòz ou tonbe nan sa.

Eta de dwa:

Se tout tan pa bò isi yo toujou ap pale de demokrasi, de eta de dwa. Men demokrasi ak eta de dwa pa mache san respè lalwa. Lè yon pèp ap sibi enjistis, dwa li genyen lalwa ba li pa respekte pa moun menm ki plase pou sa , ebyen se dezòd, se diktati, se anachi. Moun ki pa ka jwenn jistis tounen pwòp jij tèt yo, y ap fè pwòp jistis pa yo, nan fè lòt moun abi.

Lè youn tonbe fè lòt abi sitou sa ki pi piti yo, se peyi a, sosyete a ki peye konsekans enjistis sa k ap fèt la. Nan yon sosyete kote jistis la gen fòs kote, kote balans la se yon sèl bò li panche, li initil pou nou pale de eta de dwa.

Yon seri jij kowonpi, yon seri avoka k ap manje kòb kliyan pou granmesi pa gen kote pou al pote plent pou yo. Si yon moun pa gen lajan ou pa bezwen al pote plent pou dwa w yo vyole, pou diyite w yo pa respekte paske menm si ou gen rezon, devan Bondye, devan lalwa se ou k ap anba.

Se gwo k ap kraze pi piti se konsa jistis la ye an ayiti nan anpil ka. Malgre konstitisyon an bay dwa, anpil lòt lwa vote pou sa, Ayiti ratifye anpil trete ak konvansyon entènasyonal sou dwa moun men sa pa anpeche dwa pèp la kontinye ap pase anba pye. Jounen jodi a anpil sitwayen ap aji nan prensip pa yo, nan fason pa yo, se menm bagay ki te konn fèt lontan an k ap kontinye je pou je, dan pou dan.

Pou sa ki pa ka aji, yo oblije ap sibi an silans tout enjistis, yo lage kòz bay Bondye ki ka bay repons pou yo. Menm sa yo arete pou yon zak yo ta komèt, rete la ap koupi yon bann tan nan prizon san pase devan jij ki pou tande yo, pou lage yo oubyen pwononse santans yo. Si enfraksyon moun nan komèt la, lè l jije li ta la pou de zan (2) apre pou l soti reprann vi sitwayen li, ebyen li konn pije pènn nan plis pase tan lalwa prevwa a,

Paske se voye manda, arête, mete nan prison san jije. Nan ka sa nou kwè sitwayen sa victim nan dwa l, leta tad we dedomaje l pou enjistis sa li fè l la. Leta vinn parèt pi mechan pase moun say o te mete nan prison an. Si pa gen respè lalwa, respè dwa ak diyite tout moun nou pa bezwen pale de eta de dwa ak demokrasi.

Fòk yon seri jij ak majistra sispann aji tankou bouwo. Fòk avoka yo tou sispann antre nan jwèt magouy ak jij yo. Se pou lapolis ki se oksilyè lajistis fè travay li kòmsadwa. Sispann ekzekite vye lòd degrenngòch yo bay o nan kite yo grese men yo pou yo lage san pwosè yon moun ki koupab de yon zak lit a komèt.


Anviwonnman:


Anviwonnman an pa lòt bagay se kote n ap viv la, tout sa materyel kou fizik ki antoure nou. Nan kesyon anviwonnman an nou ka pale tou de anviwonnman sosyal ak anviwonnman politik.

Sosyal: anplis de tout sa ki antoure nou tankou plamt yo, nati a, rivyè yo, sous yo. Anviwonnman sosyal la se tout moun k ap viv nan espas sa yo, moun ki rete nan menm katye, lokalite ak nou. Pafwa pou nou pa di souvan menm, nan relasyon sa yo konn genyen chirepit, tire kòd ant moun ak moun ki lakòz lavi a enposib kote ou rete a.

Se mernm atitid sa kote moun ap rann moun lavi enposib, se sa tou yo fè sou anviwonnman an nan mache fè sa yo vle, bati kay kote yo vle, jete fatra kote yo vle devan pòt vwazinay, pise nan kwen kay moun, twalèt nan sachè voye sou do kay moun oubyen nan rigòl dlo k ap koule al chita dirèkteman devan pòt kay lòt la pou chèche dezagreman.

Anviwonnman sosyal ki swiv pye pou pye destriksyon anviwonnman fizik la ki bay gwo katastròf sa yo n ap viv nan koupe pyebwa ki se rezilta lese grennen, tolerans otorite nan leta ki kite moun nan peyi sa fè sa yo vle, lè yo vle, jan yo vle san respè pou peyi a, san respè pou lòt moun k ap viv bò kote yo

Depi yo menm y ap byen dòmi, byen manje ki mele yo ak ti malere nan bidonvil yo k ap viv nan lamizè, salete tout kalite melanje ak moun ki pa sispann monte sou yo, dòmi sou yo, manje sou yo. Mouch ak moustik fatra fè vè. Se tout tan gwo diskisyon, gwo deba ap fèt sou anviwonnman men kisa sa bay jiska prezan.

politik. Nan peyi d’Ayiti pa janm gen estabilite, tout tan se dezòd. Bat je manifestasyon mete pye, wòch ap voye, bal ap tire. Souvan nan dezòd say o se inosan kip eye pou koupab. Klima ensekirite sa lakòz anpil sitwayen pa kapab viv an pè, se tout tan yo gen gwo kè kase, anpil nan sitwayen say o oblije ale refijye nan lòt peyi pou yo jwenn yon ti moso lapè pou tèt yo. Anviwonnman sosyal kote moun sèvi moun pèsekisyon, anviwonnman politik kote se dezòd, se anachi, lese grennen, enjistis ki genyen gen gwo konsekans sou anviwonnman fizik la.

Paske si nan yon sosyete moun pran plezi fè sa yo vle, leta pa pran bon jan mezi pou anpeche moun aji ninpòt ki jan yo vle ki devlopman sosyal, politik, ekonomik nou ka espere? Kouman nou ka rive pwogrese, pwoteje anviwonnman ki finn degrade. Se pa chita pale anpil fè gwo diskou, gwo rankont, gwo kòlòk k ap rezoud pwoblèm anviwonnman an.

Se mantalite moun ki nan sosyete a ki pou chanje, edikasyon pèp la ki pou fèt pou yo konnen kote yo rete a dwe pwòp. Pou leta pran rekonsabilite li envesti nan sosyal olye yo chita la ap fè politik sèlman. Politik anviwonnman an pa lòt pase pran desizyon travay pou la lwa respekte san fè ipokrizi, san pas pouki.


Konklizyon:
Nou konstate chak gouvènman ki pral monte se pwomès agòch adwat k ap fèt. Tout kalite pwomès. Epi lè yo finn, monte yo sèmante pou yo pa respekte anyen yo te pwomèt. Gen anpil lòt pwen ki enpòtan toujou men kat(4) pwen sa yo enpòtan anpil pou avansman peyi a. Prezidan an pale de yo, li pwomèt li pral travay sou yo.

Nou konnen byen chanjman an se pa nan senk an (5) l ap vin men an atandan gen jefò ki ka fèt si tout bon vre nou mete n sou sa pou nou pa kite vye tandans, jalouzi, anbisyon ak pasyon pran tèt nou.

Li lè, li tan pou nou peye dèt pwomès nou nan bay pèp la satisfaksyon nan tout revandikasyon ki jis l ap tann nan men nou paske se pou sa menm li aksepte leve bonè al tranpe dwèt nan lank vote nou.

Répondre