Ki kalite moun ki renmen pile kreol la amba pla pie a yo ?

Partage entre internautes
Répondre
kenn
100 Posts
100 Posts
Messages : 155
Inscription : mardi 10 avril 2007 17:01
Localisation : CANADA

Ki kalite moun ki renmen pile kreol la amba pla pie a yo ?

Message par kenn »

Konm yon neg ki pa janme te sav jwenn yon bon rezon pou pilonne kreol la, mon ka mande tet a mwen se ki kote ek ki jan yon moun kapab ka jwenn motif pou rabese y nan dernie degre, ba li tout chay pou i ka charie ?
KENN
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 141
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

Re: Ki kalite moun ki renmen pile kreol la amba pla pie a yo

Message par kelita »

yon moun ki di li se kreyòl tout bon vre pa ta dwe genyen jan de konpòtman sa. Pile kreyòl anba pye se voye jete idantite w, valè ki fè w moun e ki pèmèt kòm sitwayen ou ekziste. Pile kreyòl la anba pye se bay lèzòt plis okazyon pou yo pase w nan betiz tankou yon moun ki egare, ki pa konprann, ki pa konnen ki sa l ye, ki kote l sòti e ki kote li vle rive.

Gen anpil moun ki pran plezi jouk jounen jodi voye kreyòl la jete tankou yon pil fatra. Se paske yo pa konnen ki sa yo vle tout bon vre. Yo inyore ki enpak sa kapab genyen sou devlopman tèt yo. Kreyòl la se nou tout pitit ki fèt anba lonbray tè d'Ayiti. Depi n leve se li nou jwenn majorite moun pale. Voye inyore l, voye l jete, pilonnen l se voye jete rèv ak aspirasyon mas pèp la.
Répondre