Pye flanbwayan

Partage entre internautes
Répondre
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 141
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

Pye flanbwayan

Message par kelita »

Nan sezon mwa me
Pyebwa grandi
Bèl flè tout koulè fleri
La nati reveye,de je kale
Li pran souri
Sou tout zèb k ap boujonnen
Lawouze farinen
Nan plenn, nan vale
Rèn soley blayi jipon l

Pye flanbwayan
Layite rasin ni, ponmen zèl li
Ouvri pa pòt li
Pou ti zwazo nan tan lete
Vinn chante, repoze
Anba zèl li kretyen vivan
Tann nat vinn kouche, dòmi reve

Lè chalè monte
Anba zèsèl li bon jan van ap soufle
Atire anmore, anmorèz vinn kouri
Fè ti lago kache
Respire lodè lanmou
Nan yon nati ki blayi kòl tout kote

Alon bèl pyebwa!
Li fè reve
Li bay aspirasyon
Pye flanbwayan pote flanm
Lodè flè l souke tout anndanm

Bèl flè wouj kou dife ki pote lajwa
Ki mete gete
Se tankou yon tapi wouj ki woule
Yon senfoni byen akòde
Ki fè bèl dekorasyon lè fèt dye

A la kè kontan pyebwa sa pote!
Louvri je w gade l
Li efase chagren
Li efase tristès
Paske non l batize
Pyebwa lajwa
Flè wouj lespwa
Répondre