Aprann padonnen pou chanje demen

Partage entre internautes
Répondre
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 141
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

Aprann padonnen pou chanje demen

Message par kelita »

Tankou levanjil ki pale de ti nonm banbochè a, ki te mande papa l pou l ba li pôsyon byen pa l , pou la l jwi, fè fèt ak zanmi, gaspiye fè wè. Kè papa l te fè l mal pou l wè pitit sa li renmen anpil la deside kite l san l pa t fè l anyen. Ak chagren, kè sere li te obeyi, san fè rebèl li te ba li sa li te mande la.

Misye ranmase tout afè l, li pati. Plis tan ap pase, plis l ap depanse. Yon lè rive, lajan an fini tout zanmi kraze rak misye rete sèl pou kont li. Li vinn nan mizè, li pa ka manje, grangou bare li, se kochon li oblije al gade.

Lè l gade vre eta lavil vinn ye, li reflechi, li pran konsyans, li deside kase tèt tounen lakay li. Nan lespwa menm si sa li fè a pa bon, papa l pa t kontan men li konnen papa l se yon moun onèt, ki gen bon kè, l ap padonnen li, se sa ki te rive tout bon vre.

Jodi a nan peyi d’Ayiti, pèp Ayisyen an, tout Ayiti alawonnbadè bezwen kiltive atitid sa, nou bezwen genyen nan kè nou kalite sa. Nou dwe aprann padonnen, nou dwe aprann efase nan lespri nou tout sa ki te fè n soufri, mechanste lôt la te fè nou, dlo li te lakòz lajounen kou lannwit ap koule nan je nou.

Sa difisil se vre, wi, nou rekonèt ke bliye sa yon moun fè ou sa pa ditou fasil. Men ak jefô, ak konkou Bondye nou ka rive adopte konpòtman sa. Lè yo te finn maltrete l, bat li, souflete l epi kloure l sou lakwa a, Jezi te di << papa padone yo paske yo pa konnen ki sa y ap fè>>.

Lè yon moun pran plezi kraze, brize, tiye, mete dife, fè konplo sou do lòt anverite li pa konnen ki sa l ap fè. Li pa konnen ke lè ou fè yon moun kriye, lè ou fè l mal se pwòp tèt ou ou fè mal paske sou latè a nou tout se pitit yon sèl papa, se yon sèl Bondye ki kreye nou tout.

Gen yon pwovèb Ayisyen ki di : << bay kou bliye pote mak sonje>> men li ta pi bon pandan nap sonje tout mak ki dechire po nou, pou nou bliye ak tout kè nou sila a yo ki swa ak zam, kouto, manchèt, pik , kout baton, kout frèt te make po nou, ki te fè san nou koule sou tè d’Ayiti kote nou tout ap viv ladan l lan.

<< Se mwen k gen dwa fè vanjans, se mwen k gen dwa deside>> se sa Bondye di. A chak fwa nou mete nan lespri nou vye lide pou n fè vanjans, vye panse pou n fè mechanste, fè enjistis, fè vyolans, fè moun abi se plis mal nap fè peyi nou ki deja twouve l nan yon move sitirasyon.

Pou valè tray ak kalamite depi de syèk na p pase, pou mizè, soufrans, dezolasyon ki bare wout nou, li lè, li tan pou younn chèche renmen lôt, konprann lòt, padonnen lòt, kite rankin, jalouzi ak ipokrizi.

Nou toujou prèt pou nou jije olye nou chèche kote verite a ye. Tankou Jezi te di li : <<nou toujou wè pay ki nan je lòt yo olye nou wè poto ki nan je pa nou>> Nou tout nou se pitit yon sèl manman ki se Ayiti.

Ayiti nan moman nou ye la bezwen rekonstwi, rebati, refonde, reviv, rekòmanse respire, rekòmanse souri, rekòmanse espere. Se nou tout ak nou chak, sa ki anndan, sa ki deyò, sa kil lwen, sa ki pre pou ki vini mete men pou fè rèv tout patriyòt konsekan, tout sa ki renmen peyi a ap reve depi lontan tounen reyalite.

Kit ou te pati pou w al banboche, kit ou te pati paske w te pèsekite, kit ou te pati paske w pa t santi w an sekirite. Ou ta kapab rive kite lakay paske yo te fòse w ekzile pou yon lòt kote, move lavi tou ta ka lakòz ou pati, fè ou chanje idantite, adopte yon lòt nasyonalite men ou toujou rete ayisyen nèg ak nègès ki te batay pou libète boujonnen.

Nou se yon pèp ki fè listwa, listwa nou trase chemen pou yon bann lòt pèp. Nou dwe kontinye bay ekzanp, pèmèt frè nou, sè nou viv an sekirite, san kè sote. Se nan padon, linyon ak fratènite nou va rive.

Si latè tranble anba pye nou 12 janvye lane demildis ki sot pase a, si li kontinye ap tranble pi fò toujou lòt kote, sa dwe reveye konsyans nou ki neye depi lontan nan yon basin fè nwa kou lank. Nou dwe chanje fizi nou sou zèpòl nou, pran dlo lave je nou pou nou ka wè klè !

Sispann kite yo divize nou ! pou ninpòt ti monnen ki pa ka regle anyen, vann konsyans nou epi apre nou lage nan plenyen. Tèt bese, de bra dèyè n ap di si n te konnen. Ti banbochè a te pran konsyans, li te reflechi apre sa li te kase tèt tounen. Ak kè l byen louvri papa l te akeyi li, li t ap tann ni, li te kontan, li fè fèt pou li. Yon mouton ki te egare ki retounen nan patiraj.

Ayiti ouvè de bral, li pare pou l akeyi ak anpil chalè tout pitit li, kelkeswa kote yo ye, kelkeswa rezon ki te fòse yo pati paske li se manman. Yon manman ki gen zantray li ki toujou ap dechire malgre pwòp pitit li voye l jete pou bay plis valè ak etranje.

Li pa janm bouke renmen paske l konnen jou ale, jou vini yon lè ya tounen. Konsa nou dwe pare san fè pèsonalité, san lespri vanje pou nou resevwa tout pitit ki byen lontan te pati.

Nan lapè, rekonsilyssyon ak padon, ansanm na plante, rebwaze, bale, wouze, taye move zèb, ranmase fatra, leve dekonm, chase pousyè, chase move zè. Konsa demen pap gen rèl, Ayiti va vinn yon lòt fwa pi bèl.
Répondre