Van Jenès

Partage entre internautes
Répondre
JOSEPH A. DRAGON
New entry
New entry
Messages : 2
Inscription : lundi 07 mars 2011 16:59

Van Jenès

Message par JOSEPH A. DRAGON »

Van Jenès

Pa relem lepè.
Ou fè kèm amè.
Rele mwen papi.
Pou fè mwen souri

La vi se kalbas loto
Li chaje ak nimero.
Li brase san janm rete
Pouli fè w dekouraje
Chak fwa yon boul ki sòti ,
Kò w redi epi vyeyi.
Jodi a ou tou limen,
Demen figi w chifonnnen.

Se vre bouch la finn fobop,
Li ka souse lalipop
Tout pati nan kò mwen dyanm,
Yo toujou ak chalè sanm
M’pa bezwen ankenn ti grenn
Pou kapab remetem jenn
Ak lagras, m’pa kalewès.
Mwen bon pou nenpòt kèl pyès.

Si anpil nan Cheve m blan,
Se bon bagay ki ladan.
Si w wè kòm pran la tranblad
Lespri a pa entatad.
Menm lèm pèdi kèlke sans
Mwen genyen tout konesans
Map lite pou yon demen
Jwenn mwen nan chimen renmen.

Mwen renmen lavi cheri,
Map chache nouvo zanmi.
Ti mounn, granmoun pa gen pann
Tou totoum plen bon jan fann
M’pap toufounen nan yon kwen
Menm jan lèzòt nan tenten
Maten e swa map chante
O mon Dye ! ke mwen here !

Pa relem lepè.
Ou fè kèm amè.
Rele mwen papi.
Pou fè mwen souri
Jad
Répondre