rekonstriksyon, nan ki kondisyon

Partage entre internautes
Répondre
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 142
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

rekonstriksyon, nan ki kondisyon

Message par kelita »

douz janvye ane 2010 ki sot pase a, yon gwo tranbleman tè ke pèsonn pat atann frape peyi a. Anpil kay kraze, lekòl, batiman prive kou piblik pa epanye, yon pakèt enstitisyon nan leta tankou DGI, palè nasyonal, palman ayisyen an pou nou site ke sa yo sèlman pat rive kanpe anba katastwòf sa.

Nan kelke segonn sèlman tout bagay detwi, a la nou frajil! e nou vinn pi frajil toujou paske anvan douz janvye, peyi d'Ayiti ke yo konsidere kòm peyi ki pi pòv nan monn lan te deja ap fè fas kare ak tout kalite pwoblèm sosyal, politik ak ekonomik e pèp ayisyen an pat janm sispann kriye, mete men nan tèt, rele anmwe! se twòp, li pa kapab ankò.

Yon pèp ki dekouraje, dezespere ki toujou ap revandike dwa'l ki pa janm respekte pa moun ki gen pou misyon pou travay fè respekte dwa yo. Dwa pou yo jwenn bon jan laswenyay lè yo malad, dwa pou viv nan yon anviwonnman ki pwòp kote moun ap byen respire, dwa pou viv nan diyite paske se moun nou ye, nou pa bèt. Menm bèt la gen fason pou trete'l nan onè, nan respè.

Tankou nou di li, pèp la te deja ap viv nan mizè, li pa ka manje, li pa ka travay, pitit li pa ka ale lekòl, mete sou sa chak ane lè sezon siklòn se plis rèl ki genyen, gwo van soufle, lapli tonbe, rivyè desann, dlo monte disèt wotè, antre andedan kay bwote pote ale tout sa ti malere malerèz te redi di nan likide ti machandiz anba lavil pou yo te viv.

Tout sa se konsekans twòp pyebwa ki koupe pou fè chabon pou kabre grangou, tout sa se konsekans inyorans, inkonpetans ak lese grennen moun ki gen pouvwa ke pèp la bay manda pou jere zafè leta nan peyi sa.

Tranbleman tè sa ki siprann nou gwo jounen, ploje pèp ayisyen an ak peyi dayiti pi plis nan fè nwa, nan plis chagren, nan yon mizè san bout ki vinn mete plis gou anmè nan bouch nou. Kidonk, depi dat sa ki rete tankou tout lòt dat senbolik nan listwa nou, li vinn pi ijan, pi preokipan pou nou panse a chanje mantalite nou, fason nap viv, fason nap aji ki fè nou lèd nan je lemonn ki pa bouke lonje dwèt jouda sou nou. Pou nou kite dèyè tout vye pasyon, tout jèm divizyon, pou okontrè nou travay jwenn diyite nou kòm moun e rekonstwi peyi nou.


Rekonstwi peyi nou, pa nan ninpòt ki kondisyon

Rekonstriksyon, yon mo ki vinn alamòd, yo pale tou de refondasyon. Men esken ka rekonstwi, refonde yon peyi nan ninpòt ki kondisyon? eske-n ka rekonstwi nan divizyon, prejije, diskriminasyon? eske-n ka rekonstwi nan chita la voye monte tout lajounen, nan kritike, nan chen manje chen depi tan nap itilize vye pratik ak konpòtman sa yo, ki sa yo janm regle pou nou?

Pou nou vrèman antre nan dinamik rekonstriksyon an, se pa chita la ap trase plan, kalkile kijan nou pral fè lajan sou do pèp ki deja nan grangou nou dwe avan tou reflechi, chèche viv tankou frè ak sè, fòk younn chèche konprann lòt, respekte lòt la pou sal ye, sal reprezante.

Voye jete tout santiman jalouzi , ipokrizi, rankin, bay manti, komèt zak malonèt, fè enjistis, kraze sak pi piti, konplote kont pwòp peyi nou, bay etranje plis valè pase pwòp ayisyen parey nou. Nou dwe chèche konprann ki moun nou ye, ki kote nou sòti e ki kote nou vle ale. Tire ekzanp nan pase nou pou nou konstwi lavni nou, sispann maske idantite nou!

Ayiti pa ka rekonstwi si pwòp pitit li pa santi lap viv an sekirite lakay li, Ayiti pa ka rekonstwi si yo pa bay ayisyen valè nan peyi li, si'l tounen etranje nan kote l fèt la, kote kòd lonbrik li antere a. Ayiti pa ka rekonstwi si ayisyen pa pran konsyans ke se ayisyen li ye e ke li gen pou devwa travay, mete men nan konbit la pou fè peyi'l vanse.

Ayiti pa ka rekonstwi si chak gouvènman ki monte pa wè lòt bagay ke pase lwa manman peyi a anba pye pou regle zafè pèsonèl yo, plen pòch yo epi pèp la,timoun yo, granmoun yo, jenès la lage nan komèt tout kalite zak, fè kidnapinn, pran dwòg,vann konsyans yo, diyite yo pou ninpòt ti monnen epis, vyole fanm ak jenn fi e se sa kap fè aktyalite anba tant yo kote yon bann jèn tifi tonbe ansent,yo ekspoze ak tout kalite maladi seksyel atrapan tankou sida ak tout kalite enfeksyon. Imoralite pi plis ap pran pye, ayiti antrave! se chak jou Bondye mete nap mande kote sa prale.

Janw panse, se janw aji

Pou zansèt nou yo te ban nou libète, yo te aji an fratènite e yo rive kase chèn lesklavaj pou ba nou lendepandans. Si pou yo te rive konkretize rèv sa, sa te mande pou yo te koupe tèt boule kay, bay pwazon, se paske sikonstans lan te mande sa. Men jounen jodia, nou dwe koupe fache ak mòd ajisman sa yo ke malerezman anpil fwa nou itilize pou fè revandikasyon nou yo pase, pou nou fè lòt la abi.

Nou dwe retire nan lespri nou mantalite esklav sa, nou dwe kase chenn sa ki mare nou, ki fè-n pa ka wè klè pou-n aji byen e nan enterè tout moun kap viv nan lantouraj nou.

Si-n panse renmen, si-n panse respè, si-n travay pou lapè, si-n simaye sou chimen nou bon jan grenn lajistis, kwape enpinité, konbat vyolans na aji nan pi bèl fason e nan pi bon kondisyon, nan fòme pi bon plan nou va rekonstwi tout bon vre peyi dayiti.
Répondre